false

Swen òtopedik pou chòk ak bledi ak frakti

Soti nan aksidan nan kay rive nan blesi nan travay, ekip swen òtopedik pou chòk ak blesi nou yo pare 24/7 (chak jou/tout lèt) nan Boston ak tout New England pou bay swen ijans, kowòdone pou zo kase.

Yon doktè ki gen yon rad blan ap pale ak yon pasyan nan yon sal egzamen.

full-fill

primary
phone
857-282-3300
8572823300

Swen ijans lè chak segond konte

Nan Mass General Brigham, espesyalis òtopedik pou chòk ak blesi nou yo disponib nan sal ijans lopital nou yo toutan pou trete blesi grav ki fèt sanzatann kit se nan yon aksidan machin, tonbe, blesi nan travay, oswa lòt ijans. Anplis de swen ijans sa a, ekip nou an disponib pandan tout semèn lan pou konseye pasyan yo ak siveye ak trete frakti senp ak konplike pandan y ap geri.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Otopedik ak Medsin Espò
/content/unified-xwalk/ht/services/orthopedics

Metòd nou an pou swen òtopedik chòk ak blesi

Nou ofri swen espesyalize pou ka zo kase ak blesi grav ki afekte zo ak misk yo. Nou bay tretman alè, sèvis operasyon avanse, epi nou ede pasyan yo refè grasa yon swen ki byen òganize nan lopital ak sant swen deyò rezo nou an.
Yon pwofesyonèl medikal ki abiye ak rad yo fè operasyon ki gen koulè ble ak yon bonèt yo fè operasyon ki koulè vèt nan yon anviwònman klinik.
Ekspètiz òtopedik lè li pi enpòtan
Espesyalis chòk ak blesi nou yo trete blesi ki konplike ki mande swen ijans oswa ijans imedya, ki gen ladan frakti, blesi jwenti, ak blesi misk ak zo ki grav.
Swen avanse pou frakti ak blesi
Mass General Brigham ofri yon seri opsyon tretman konplè, soti nan jesyon ki pa chirijikal rive teknik chirijikal avanse pou blesi ki konplike ak ki gen gwo enpak.
Swen kowòdone nan chak etap nan rekiperasyon
Swen an kowòdone depi tretman inisyal nan lopital jiska operasyon, swen apre sa, ak rekiperasyon pou pasyan ekstèn pou sipòte kontinite ak rezilta nòmal
Rekiperasyon ki konsantre sou fonksyònman ak mobilite
Sèvis reyabilitasyon yo fèt pou sipòte gerizon, retabli fòs ak mobilite, ak ede pasyan yo retounen nan aktivite chak jou yo an tout sekirite pi vit ke posib.

Kesyon yo poze souvan

Ki sa ki swe òtopetik pou chòk ak blesi a?
Swen òtopedik pou chòk ak blesi se blesi grav nan zo, jwenti, ak tisi mou, souvan ki rive nan aksidan, tonbe, oswa chòk ki rive sanzatann. Nan Mass General Brigham, espesyalis chòk ak blesi nou yo disponib 24/7 (chak jou/tout lè) nan sal ijans lan pou blesi ijans tankou zo kase ak ofri randevou klinik nan jou travay pou evalyasyon ki pa ijans, swen apre sa, ak sipò rekiperasyon.
Ki diferans ki genyen ant yon zo kase ak yon frakti?
Pa gen okenn diferans ant yon zo kase ak yon frakti. Frakti se senpleman tèm medikal la pou yon zo kase. Kèk frakti se sèlman ti fann poutan gen kèk lòt se kase ki pi grav, men yo tout klase nan menm kategori epi se espesyalis òtopedik ki trete yo.
Kilè mwen ta dwe ale nan sal ijans lan pou yon blesi nan zo oswa nan jwenti?
Ale nan sal ijans lan imedyatman si ou gen doulè grav, yon defòmasyon vizib, ou pa ka bouje kote ki blese a, oswa pati blese a pa ka sipòte pwa w. Ou ka gen yon zo kase ki bezwen evalyasyon ak tretman imedya. Chirijyen chòk ak blesi Mass General Brigham yo disponib toutan nan sal ijans nou yo.
Ki kalite blesi chirijyen swen òtopedik pou chòk ak blesi yo trete?
Nou trete frakti, dislokasyon, blesi ki konplike nan jwenti, ak konplikasyon ki soti nan blesi anvan. Nou konsilte pasyan yo nan sal ijans lan ak nan klinik tou. Espesyalis nou yo pran swen pasyan tout laj nan lopital ki nan sistèm nou an.
Kijan yo trete zo kase?
Tretman an depann sde kalite ak gravite kase a. Nan Mass General Brigham, nou itilize platr, brase, oswa splint, e lè sa nesesè, reparasyon chirijikal ak plak, vis, oswa ti baton pou reyalinye ak estabilize zo yo.
Èske frakti mwen an ap bezwen operasyon?
Pa tout frakti ki bezwen operasyon. Anpil ka jere ak tretman ki pa operasyon. Tretman ki pa operasyon yo ka gen ladan atèl, platr, oswa aparèy sipò (bres) Si operasyon nesesè, chirijyen òtopedik chòk ak blesi nou yo itilize teknik avanse pou ankouraje yon rekiperasyon pi rapid epi retabli mobilite alontèm.
Konbyen tan li pran pou yon frakti geri
Tan gerizon an varye selon zo a ak gravite blesi a. Frakti senp ka geri nan semèn, poutan frakti ki pi konplike ka pran mwa epi yo ka bezwen reyabilitasyon. Ekip nou sipòte ou nan chak etap nan rekiperasyon.
Ki espesyalis ki pral patisipe nan swen mwen apre yon aksidan?
Ekip swen ou a ka gen ladan chirijyen òtopedik, espesyalis swen chòk ak blesi, asistan doktè, enfimyè, doktè reyabilitasyon, terapet fizik ak okipasyon, ak ekspè nan jesyon doulè. Nan Mass General Brigham, gen plizyè espesyalis nan plizyè branch diferan ki kowòdone swen w.
Èske timoun ka resevwa swen òtopedik pou chòk ak blesi?
Wi. Espesyalis pediatrik nou yo trete frakti, blesi sou plak kwasans, ak lòt kondisyon ijans nan timoun, yo itilize metòd ki swa, ki amikal pou kwasans pou ede yo devlope an sante.
Ki wòl reyabilitasyon apre operasyon chòk ak blesi?
Reyabilitasyon se yon pati enpòtan nan rekiperasyon apre blesi oswa operasyon epi li ede retabli mouvman, fòs, ak endepandans. Nan Mass General Brigham, terapi fizik ak okipasyonèl souvan se pati esansyèl nan plan tretman pasyan nou yo.
Ki lopital ki se sant tretman chòk ak blesi?
Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts) ak (Lopital Brigham ak Fanm) se sant Nivo I Yo bay pi wo nivo swen ijans òtopedik pou chòk ak blesi nan Boston, yo gen sipò lopital kominotè nou yo nan New England.
Èske gen yon sant pou swen chòk ak blesi tou pre mwen?
Wi. Mass General Brigham ofri swen pou chòk ak blesi nan lopital New England, ak sant chòk ak blesi Nivo I nan Massachusetts General Hospital ak Brigham ak Women’s Hospital nan Boston. Sant chòk ak blesi Nivo 1 fèt kòm lopital ki kapab bay pi wo nivo swen pou pasyan ki blese.

Nan ka ijans

Si ou gen yon ijans medikal, rele 911 oswa ale nan sal ijans Mass General Brigham ki pi pre a touswit. Espesyalis òtopedik pou chòk ak blesi nou yo disponib pou bay swen imedya pou zo kase/frakti ak lòt blesi grav.
primary
Jwenn yon sal ijans
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Emergency%20Medicine

Rechèch òtopedik

Rechèch nou an ap ede defini avni swen syans òtopedik. Nou ofri aksè ak esè klinik ak terapi k ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib. Kalifikasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman li, ak lòt faktè. Dekouvri rechèch nou ak esèy klinik oswa pale ak ekip swen ou an pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Doktè ap revize radyografi kolòn vètebral sou ekran òdinatè.
tertiary
external
Dekouvri rechèch òtopedik nou an
https://www.research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/orthopedics-department-research

Kontak Òtopedik

Mass General Brigham akeyi referans pou pasyan ki gen blesi nan misk ak nan zo, ki gen ladan frakti, ak nenpòt moun ki bezwen swivi apre yon aksidan oswa yon vizit nan sal ijans lan. Espesyalis nou yo bay kominikasyon alè ak kolabore sere ak founisè ki fè refere pasyan yo pou asire yon eksperyans san pwoblèm pou pasyan an. Pou w refere yon pasyan, tanpri soumèt yon referans sou pòtal founisè Mass General Brigham lan.
primary
phone
857-282-3300
8572823300
secondary
internal
Pòtal founisè Mass General Brigham

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/medical-professionals/physician-gateway
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact