false

Sèvis Timè Timoun Piti

Sèvis Timè Timoun Piti nan Mass General Brigham pou Timoun ofri yon seri sèvis konplè pou timoun ki gen kansè nan sèvo.
primary
phone
617-726-2737
6177262737

Konsènan pwogram lan

Sèvis Timè timoun piti nan Mass General Brigham pou Timoun ofri yon seri sèvis konpè¨ pou timoun ki gen kansè nan sèvo. Nou angaje nan devlopman ak aplikasyon yon plan tretman pèsonalize ki gen ladan l dènye tretman ki disponib nan onkoloji chirijikal, onkoloji radyasyon ak chimyoterapi pou asire pi bon rezilta posib.

Sèvis Timè Timoun Piti a rekonèt atravè lemond kòm nimewo 1 nan swen timoun ki gen timè nan sèvo ak nan mwè epinyè (zo rèl do a) Ekip la ofri evalyasyon, tretman ak swen kowòdone.

Pasyan yo resevwa yon premye evalyasyon nan men doktè a, ki gen ladan yon istwa sante detaye, yon egzamen fizik, tès san, radyo grafi, imaj eskanè ak lòt tès selon kote a ak tip kansè a.

Ekip swen an rankontre chak semèn pou diskite sou chak pasyan y ap pran swen, kreye plan tretman an, diskite sou pwoblèm pasyan kontinye genyen epi yon opinyon lòt espesyalis. Timoun yo ak fanmi yo ap resevwa konsiltasyon nan Sèvis Timè Timoun Piti nan men plizyè espesyalis nan diferan branch, sa ki fè li pratik pou timoun lan ak fanmi an wè founisè ki gen espesyalite yo an menm tan, nan menm lopital la a.

Vizit nan klinik la ka gen ladan l tou sipò endividyèl nan men anplwaye yo travay sosyal ak sikyatri nou yo. Edikasyon sou tretman, efè segondè ak pwoblèm alontèm yo bay nan klinik la ansanm ak yon referans pou lòt resous ke yo jwenn nan Sant Kansè Mass General Brigham pou Timoun.

Pati nan Mass General Brigham pou Timoun

Tretman avanse

Nou ofri timoun ki gen timè nan sèvo tretman ki pi avanse avèk teknoloji dènye modèn ki disponib yo. Tankou :

  • Teknik newochirijik avanse tankou MRI intraoperatif, ki bay eskanè dyagnostik pandan operasyon an epi ki ede nan timè avèk plis sikè¨
  • operasyon avèk sipò òdinatè
  • Chimyoterapi san parèy
  • Tretman radyasyon ki pi avanse, ki gen ladan l radyasyon pwoton nan Sant Tretman Radyasyon Pwoton Francis H. Burr

Sipò ak adaptasyon

Lè yon timoun gen kansè, sa gen yon enpak enpètan pa sèlman sou timoun lan, men sou paran, frè ak sè, ak lòt fanmi. Pwogram nou an pratike swen ki santre sou fanmi. Paran ak manm fanmi yo se yon pati enpòtan nan ekip tretman an epi yo ankouraje yo pou yo patisipe toutan sa posib.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis toupre ou ki ka ede ou.
Yon ilistrasyon sou yon ekip swen.
primary
phone
617-726-2737
6177262737

Kontakte Sèvis Timè Timoun Piti

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-726-2737
6177262737
secondary
internal
Sèvis Entènasyonal pou Pasyan

Enòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact