false

Sant pou granmoun ki gen maladi rimatolojik ki te kòmanse lè yo te timoun (CAPRI)

primary
phone
617-732-5325
6177325325

Konsènan sant lan

Sant pou granmoun ki gen maladi rimatolojik ki te kòmanse lè yo te timoun nan (CAPRI) bay pasyan yo posibilite pou yo kontinye jwenn swen, soti nan rimatoloji ki te kòmanse lè yo te timoun pou rive nan rimatoloji ki kòmanse nan laj adilt, li pran yon angajman espesyal pou granmoun ki gen atrit ki kòmanse depi lè yo te timoun ak maladi enflamatwa yo jwenn swen nan men yon ekip pwofesyonèl swen sante. Nou travay ak espesyalis ki ede moun nan mache, deplase, espesyalis ki ede moun fè aktivite chak jou yo pi fasil, epi doktè pou operasyon zo, jwenti, ak misk pou nou bay pasyan yo pi bon swen posib la pandan y ap sispann resevwa swen nan men pwofesyonèl swen pou timoun yo a pou yo kòmanse resevwa swen pou granmoun epi pandan tout lavi granmoun yo.

Yon pati nan sèvis rimatoloji a

CAPRI kowòdone sèvis yo epi li ofri dyagnostik ak tretman pou pasyan ki gen atrit ak lòt pwoblèm rimatolojik depi lè yo te timoun, ki gen ladan atrit rimatolojik jivenil (ARJ), lupus sistemik erytematozis ak lòt maladi tisi konjonktif. An jeneral, pasyan yo dwe gen omwen 16 an lè y ap kòmanse resevwa swen pou granmoun la, men nan sèten ka, yo ka aksepte pasyan ki pi jèn dapre sitiyasyon yo.

Kontakte sant pou granmoun ki gen maladi rimatolojik ki te kòmanse lè yo te timoun nan (CAPRI)

Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede ou konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
617-732-5325
6177325325
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact