false

Rimatoloji ak onkoloji

Nou bay swen plizyè espesyalis bay ansanm, ki baze sou dènye rechèch syantifik yo, pou pasyan ki gen pwoblèm nan misk, zo, oswa jwenti akòz tretman kont kansè.

Konsènan pwogram nan

Pwogrè ki fèt nan tretman kont kansè yo pèmèt yo devlope nouvo terapi ki pi efikas, ki gen ladan medikaman ki ede sistèm defans kò a konbat kansè (immune checkpoint inhibitors) ak medikaman ki diminye pwodiksyon kèk òmòn (aromatase inhibitors). Malgre tretman sa yo ka ede sove lavi, yo ka lakòz pwoblèm nan misk, zo, ak jwenti, tankou doulè oswa jwenti ki rèd, jwenti ki anfle, ak doulè nan misk.

Ekip espesyalis rimatoloji nou an travay ansanm ak lòt gwo espesyalis nan Mass General Brigham pou bay chak pasyan swen konplè ki adapte ak sitiyasyon li lè li gen pwoblèm nan misk, zo, oswa jwenti pandan tretman kansè. Objektif nou se ede w kontinye tretman kansè ou a san twòp deranjman, pandan n ap travay pou soulaje epi kontwole sentòm ou yo.

Yon pati nan sèvis rimatoloji a

Yon ekip espesyalis nan plizyè domèn k ap travay ansanm

Nan Pwogram rimatoloji ak onkoloji Mass General Brigham nan, nou itilize yon apwòch kolaboratif kote plizyè espesyalis mete konesans yo ansanm pou bay pi bon swen posib. Espesyalis nou yo travay an kolaborasyon sere ak ekspè nan plizyè domèn, tankou:

  • Espesyalis kansè
  • Espesyalis po
  • Espesyalis ren
  • Espesyalis sèvo ak nè
  • Espesyalis kè
  • Espesyalis lestomak ak trip
  • Espesyalis poumon

Nou travay tou ansanm ak ekip Severe Immunotherapy Complications (SIC) ak iTox pou nou jere efè segondè oswa toksisite ki soti espesyalman nan tretman pou defans kò a.

Anplis, rimatològ nou yo travay men nan men ak chèchè nan Sant pou Iminoloji ak Maladi Enflamatwa yo pou yo fè plis rechèch sou efè segondè ki gen rapò ak tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi. Grasa kolaborasyon sa a, objektif nou se devlope pi bon fason pou kontwole efè segondè yo pandan n ap asire nou tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi a kontinye mache pi byen posib.

Kisa pou ou atann nan pwogram rimatoloji ak onkoloji a

Si ou kòmanse santi plis doulè nan misk, zo, oswa jwenti apre ou kòmanse tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi oswa yon lòt tretman kont kansè, doktè kansè ou a ka voye ou fè yon evalyasyon nan men rimatològ nou yo. Ekip nou an gen anpil eksperyans nan ede pasyan ki devlope pwoblèm nan jwenti, misk, oswa lòt pati nan kò a akoz tretman kont kansè, tankou medikaman ki aktive sistèm defans kò a. Kòm pa gen yon sèl tès ki ka bay tout repons yo, rimatològ nou yo pran tan pou konprann sitiyasyon chak moun. Yo konsidere istwa medikal ou, sentòm ou yo, egzamen kò ou, rezilta imaj medikal, ak tès san pou idantifye pwoblèm nan epi prepare pi bon plan swen pou ou.

Nou prepare plan tretman ou an selon bezwen pa w, selon sentòm ou yo, nan ki nivo yo grav, ak fason yo afekte lavi ak sante ou. Paske sentòm yo ka chanje avèk tan, pifò pasyan nou yo resevwa swen alontèm nan Mass General. Pou moun k ap resevwa tretman kont kansè nan Mass General Brigham Cancer Institute,nou adapte swen yo ak orè vizit swivi ou genyen ak onkològ yo lè sa posib, Si ou rete lwen, nou ka kolabore ak doktè nan zòn ou an pou nou ede jere tretman ou a pandan w ap kontinye resevwa swivi nan men ekip Mass General la.

Tretman ak sèvis nou bay yo

Nou ofri tretman ki ede w kontwole sentòm ou yo epi kontinye viv yon lavi aktif pandan w ap resevwa tretman kont kansè a. Apwòch tretman yo itilize pi souvan yo gen ladan:

  • Medikaman kont enflamasyon ki pa gen estewoyid, tankou diklofenak yo mete sou po a ak medikaman ou pran nan bouch tankou naproxen ak ibipwofèn.
  • Estewoyid (kòtikostewoyid oswa glikokòtikoyid), tankou prednisone ak methylprednisolone. Pasyan yo ka pran medikaman sa yo nan bouch oswa resevwa yo atravè piki nan yon zòn espesifik.
  • Medikaman ki diminye aktivite sistèm defans kò a,, ki chwazi espesyalman pou redui enflamasyon ak pwoblèm rimatolojik yo, pandan y ap pèmèt tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi kont kansè a kontinye mache.
  • Ajan biyolojik, ki travay sou pati espesifik nan sistèm defans kò a pou ede bay yon tretman ki pi adapte ak bezwen pasyan an.

Anplis vizit nòmal nan klinik la, nou ofri tou:

  • Ekografi jwenti, misk, ak zo Espesyalis nou yo itilize yon teknoloji espesyal pou gade jwenti yo an detay pandan egzamen an ap fèt. Zouti sa ede yo fè tretman ki pi egzak, tankou piki yo gide avèk ekografi, pou soulaje doulè nan zòn ki bezwen li a.
  • Swen vityèl — Nou ofri fason pou pasyan yo entèraji ak espesyalis nou yo adistans. Sa gen ladan telemedsin, ki pèmèt ou fè vizit elektwonik ki pratik, resevwa materyèl edikatif, epi ranpli yon kesyonè sou entènèt ki sekirize. Vizit sa yo ede nou konnen si tretman ou dwe chanje ant randevou kote ou vini an pèsòn yo. Anplis, pòtay sou entènèt nou an ki an sekirite, Patient Gateway, fè li fasil pou ou kominike ak ekip swen ou an, pran randevou, ak jwenn enfòmasyon sante ki enpòtan.

Ekspètiz pwofon nan rechèch ak swen klinik

Mass General gen anpil eksperyans nan swen ak rechèch sou efè segondè tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi. Espesyalis nou yo fè pati ekip SIC ak gwoup rechèch ki transfòme dekouvèt syantifik yo an nouvo tretman pou pasyan, se premye gwoup ki mete doktè ak chèchè nan plizyè domèn ansanm pou yo pi byen konprann konplikasyon ki gen rapò ak tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi.

Jodi a, nou fè rechèch avanse pou nou jwenn nouvo fason pou detekte ak jere efè segondè tretman kont kansè yo.