Pwogram tretman kansè nan testikil
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute nan 855-776-4224
Swen pèsonalize pou kansè nan testikil
Apwòch nou pou nou trete kansè nan testikil
An jeneral, nou wè nouvo pasyan yo sou yon semèn apre yo fin refere yo bannou an.
Nan premye vizit ou a, ou pral rankontre yon ekip ki gen plizyè kalite espesyalis, ki gen ladan doktè ki trete pwoblèm nan aparèy irinè ak ògàn repwodiksyon po, espesyalis pou tretman kansè ki fè operasyon, espesyalis pou tretman kansè ki sèvi ak radyasyon, ak espesyalis pou tretman kansè ki bay tretman ak medikaman.
Lòt manm ekip la ka ede ou tou, tankou espesyalis ki etidye tisi kò a, espesyalis imajri medikal, enfimyè, pwofesyonèl swen sante mantal, travayè sosyal, ak espesyalis nan manje ak nitrisyon.
Nou itilize tès dyagnostik avanse pou nou detèmine kalite kansè ou genyen an ak nan ki stad li ye. Patolojis nou yo espesyalize nan analize timè nan aparèy irinè ak ògàn repwodiksyon, sa pèmèt yo ede doktè yo konprann kalite kansè a epi chwazi tretman ki pi bon pou ou a.
Tès dyagnostik yo enkli:
- Tès CT
- IRM
- Tès emisyon pozitwon (PET)
- Tès makè timè nan san
- Ekografi
Youn nan tretman yo souvan itilize se yon operasyon pou retire tèstikil ki gen kansè a (operasyon sa a rele òkidyèktomi). Chirijyen nou yo gen anpil eksperyans nan pwosedi sa yo, ki gen ladan:
- Òkidyèktomi pasyèl pou retire timè a (testis-sparing surgery), pandan y ap konsève tisi tèstikil ki an sante yo
- Òkidyèktomi radikal nan zòn lenn ou, pou retire tèstikil la epi mete yon tèstikil atifisyèl si moun nan vle sa
- Yon operasyon kote yo ka fann po a oswa avèk èd yon wobo, pou retire gangliyon lenfatik ki nan zòn dèyè vant lan
Medikaman ak radyasyon ka touye selil kansè ki rete apre operasyon an, diminye risk pou kansè a retounen, epi ede trete kansè ki retounen. Kèk nan tretman sa yo enkli:
- Chimyoterapi, gwo dòz chimyoterapi, ak transplantasyon selil souch
- Tretman ki sèvi ak pwòp sistèm defans kò a pou ede konbat maladi, ki itilize sistèm defans kò ou pou atake selil kansè yo
- Terapi radyasyon ki gide pa imaj, ki vize avèk presizyon yon timè, li epanye tisi ki an sante yo
- Terapi pwoton, yon tretman radyasyon presi yo bay sèlman nan kèk kote nan peyi a.
Tretman pou diferan kalite kansè nan testikil
Espesyalis nou yo nan tretman kansè
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute
Esè klinik ak rechèch sou kansè
Aprann plis sou rechèch nou fè sou kansè
Aprann kijan rechèch sou kansè ede doktè bay pasyan yo pi bon swen
Jwenn esè klinik ki disponib yo
Resous ak sipò pou pasyan
Gade tout resous ki disponib pou pasyan yo
Kontakte Cancer Institute la
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute nan 855-776-4224
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Kontak sèvis pou pasyan entènasyonal