Klinik pou jèn ki nan laj tranzisyon
617-724-7792
Konsènan klinik la
Klinik pou jèn nan laj tranzisyon (TAY) fèt pou adrese bezwen devlopman ak klinik inik jèn ki nan laj tranzisyon ant 18-26 an. Klinik TAY la bay evalyasyon sikyatrik pou pasyan ki pa entène lopital, tankou evalyasyon pou jwenn dyagnostik ak konsiltasyon, li fòme pwofesyonèl swen yo sou fason pou yo bay swen pou gwoup pasyan sa a epi li devlope pwogram fòmasyon ak gid sou fason pou pran swen jèn pasyan sa yo.
Yon pati nan sèvis sante mantal ak sikyatrik la
Tretman espesyalize pou jèn moun
Jèn ki nan laj tranzisyon fè fas ak plizyè travay devlopman kritik ki gen ladan:
- Pi gwo bezwen pou itilize kapasite fonksyònman (òganizasyon, planifikasyon, ak refleksyon sou bagay ki pa konkrè)
- Kontinye aprann kiyès li ye
- Jesyon relasyon sosyal ki vin pi konplike
- Pase nan nouvo etap nan lavi, tankou vin pi endepandan ak paran yo epi antre nan kolèj oswa nan travay.
Zòn devan sèvo a yo rele kòtèks prefrontal la jwe yon wòl enpòtan nan ede moun fè fas ak etap devlopman sa yo. Zòn sa a pa rive nan tout matirite li jouk nan mitan laj 20 an. Se poutèt sa, jèn ki nan peryòd tranzisyon pou vin adilt yo ka rankontre defi ki sanble ak sa granmoun ap viv, menm si yo poko fin devlope tout kapasite ak matirite yo bezwen pou lavi adilt, sou plan emosyonèl ak nan devlopman sèvo yo. Li enpòtan pou konnen anviwon twa ka nan tout maladi sante mantal ak pwoblèm pran dwòg oswa alkòl kòmanse anvan 24 an.
Nan dènye ane yo, kantite etidyan k ap antre nan kolèj ki deja gen dyagnostik sikyatrik ap ogmante, an menm tan, ka yo wè nan klinik sante mantal kolèj yo vin pi grav. Peryòd tranzisyon soti nan adolesans pou rive nan laj adilt la ka difisil sitou pou moun k ap fè fas ak pwoblèm sikyatrik.
Klinik TAY la vize sipòte jèn adilt ak fanmi yo pandan y ap jere peryòd devlopman enpòtan sa a.
Sèvis nou yo
Klinik TAY la sèvi moun ki gen laj ant 18-26 ak pwoblèm konpòtman ak/oswa sante mantal, ki gen ladan:
- Difikilte akademik
- Twoub defisi atansyon ak ipèraktivite (ADHD)
- Twoub anksyete
- Konfli avèk fanmi
- Difikilte pou jere emosyon
- Twoub atitid
- Twoub obsesif konpilsif
- Twoub estrès apre yon move eksperyans
- Pwoblèm sosyal ak/oswa nan relasyon ak lòt moun
- Konsomasyon dwòg oswa alkòl
Pasyan nan Klinik TAY la resevwa evalyasyon konplè pou jwenn dyagnostik nan men rezidan sikyatri, anba sipèvizyon pwofesè ak manm fakilte Mass General Brigham yo. Evalyasyon sa yo anjeneral gen ladan yon entèvyou ak pasyan an ak paran li, epi apre sa yon konsiltasyon ak lòt pwofesyonèl swen oswa pwogram ekstèn. Nou bay pasyan nou yo ak paran yo enfòmasyon sou pwoblèm yo ap fè fas ak yo, ansanm ak èd pou planifye tretman an.
Pasyan ki gen yon doktè swen prensipal nan Mass General Brigham epi ki bezwen tretman kontinyèl yo voye jwenn pwofesyonèl swen nan Mass General Brigham pou tretman. Nou travay ansanm ak anpil klinik espesyalize nan Mass General Brigham pou asire jèn yo resevwa swen ki adapte ak bezwen pa yo.
Pou pasyan ki gen yon doktè swen prensipal ki pa nan Mass General Brigham, nou ede yo jwenn lòt pwofesyonèl swen ekstèn.
Espesyalis nou yo
617-724-7792
Kolaboratè nou yo
Klinik TAY la travay ansanm ak pwogram espesyalize ki nan Sèvis Sante Mantal ak Sikyatri Mass General Brigham yo, ansanm ak pwogram nan kominote a, pou asire pasyan nou yo resevwa swen ki adapte ak bezwen pa yo.
Sèvis Sante Mantal ak Sikiyatri Mass General Brigham
- Sèvis sikiyatri pou pwoblèm grav: Sèvis sikyatri pou pwoblèm grav (Acute Psychiatry Service, APS) la, ki chita nan Depatman Ijans Mass General la, pran swen ijans sikyatrik, newosikyatrik, ak ijans ki gen rapò ak pran dwòg oswa alkòl lakay timoun ak granmoun.
- Sèvis priz anchaj pou dezentoksikasyon (ARMS): Li bay aksè rapid ak enfòmasyon ak sipò, ansanm ak sèvis kontak ak jesyon swen pou jèn ki gen laj 15 rive 25 an ak fanmi yo ki ap fè fas ak pwoblèm ki gen rapò ak pran dwòg oswa alkòl.
- Benson-Henry Institute for Mind Body Medicine: Li anseye pasyan yo fason pou jere estrès epi devlope plis fòs pou fè fas ak difikilte lè yo aprann metòd pou ede kò ak lespri yo detann.
- Pwogram terapi konpòtman ki ede moun chanje fason yo panse ak aji (CBT): Li ede jèn yo aprann kijan pou yo itilize CBT pou jere divès pwoblèm sante mantal ak pwoblèm sante, tankou enkyetid, twoub obsesyonèl konpilsif (TOC), depresyon, eskizofreni, doulè, ak difikilte pou dòmi.
- Pwogram Terapi pou fanmi ak koup: Bay konsiltasyon, referans ak terapi pou jèn adilt ak fanmi yo. Kontak: 617-726-2725
- Pwogram pou Premye Siy ak Premye Epizòd Sikoz: Li evalye epi trete jèn moun ki gen alisinasyon oswa ki gen fo kwayans ki pa koresponn ak reyalite, epi ki ka nan premye etap eskizofreni oswa lòt pwoblèm sikotik ki sanble ak li.
Resous kominotè yo
- Ekip sèvis ijans Boston: Sèvis 24 èdtan pa jou pou jèn ak granmoun ki bezwen sipò pandan yon kriz ki gen rapò ak sante mantal oswa konsomasyon dwòg oswa alkòl. Kontak: 1-800-981-HELP
- Resous pou Ede nan Peryòd Tranzisyon ak Sipò nan Kominote a: Resous pou ede jèn adilt yo ak fanmi yo jwenn sipò epi devlope sans, koneksyon, ak objektif nan lavi yo, avèk yon konsantrasyon sou relasyon, byennèt, espirityalite, travay, ak aktivite lwazi.
Kontakte klinik pou jèn ki nan laj tranzisyon an
617-724-7792
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal