false
Pwogram Chiriji Vwa (Larenks)
Mass General Brigham bay pi bon swen posib pou pasyan ki gen pwoblèm vwa oswa kansè nan larenks Ou ka jwenn aksè ak dènye terapi yo ansanm ak tretman inovatè pou trete maladi konplèks sa yo.
primary
phone
617-726-1444
6177261444
Lidè entènasyonal nan trete pwoblèm vwa
Mass General Brigham se yon lidè yo rekonèt nan nivo entènasyonal nan devlope ak itilize apwòch inovatè pou dyagnostike ak trete pwoblèm vwa ak maladi larenks Ekip miltidisiplinè nou an asosye rechèch avangad ak pi gwo avansman nan domèn medikal, chirijikal, ak jesyon konpòtmantal pou bay swen ki pi efikas pou pwoblèm gòj konplèks ki afekte larenks ak vwa.
center
Fason nou trete pwoblèm vwa ak pwoblèm gòj
Ekip nou an bay swen pèsonalize ak yon ekspètiz san parèy nan tretman chirijikal ak tretman san operasyon pou pwoblèm vwa ak pwoblèm gòj.
Terapi vwa avanse
Nou ofri dènye tretman medikal ak chirijikal yo pou pwoblèm kòd vokal ansanm ak maladi ak pwoblèm ki gen rapò ak gòj, san bliye
- Kansè ak kwasans ki ka tounen kansè, kit yo benen (san danje) oswa malfezan (kansè)
- Stenoz larenks
- Larenjit
- Pwoblèm newolojik (distoni larenks)
- Nodil, polip, oswa kist nan kòd vokal
- Paralizi ak parezi kòd vokal
Fason nou travay ansanm
Ekip miltidisiplinè nou an rasanble espesyalis ki soti nan divès branch nan Mass General Brigham pou trete pwoblèm vwa, pwoblèm respiratwa, ak pwoblèm pou vale. Apwòch global sa a garanti w ap jwenn swen ou bezwen pou pwoblèm sante ou genyen an. Pami espesyalis sa yo nou jwenn:
- Chirijyen kadyovaskilè
- Gastroanterològ
- Newològ
- Otolaringològ
- Pnemològ
- Rimatològ
- Òtofonis
- Terapi pou pwoblèm vale
- Chirijyen torasik
Tretman inovatè pou kansè
Nou se premye ki devlope teknik chirijikal ki pwoteje fonksyon vwa, fonksyon pou vale, ak fonksyon pou respire lakay pasyan ki gen kansè nan larenks. Nou devlope epi nou itilize teknik ki pa mande gwo chiriji, tankou operasyon ki fèt nan bouch oswa ak andoskopi, kote nou sèvi ak yon lazè ki diminye sikatris, ki fè moun nan rekipere pi vit, epi ki bay ekselan rezilta sou tèm long. Nou patisipe tou nan esè klinik k ap teste nouvo metòd swen.
Kondisyon Medikal ak Tretman ki gen rapò yo
Nou ofri teknik chirijikal ak teknik san operasyon ki pi avanse yo pou trete yon pakèt kalite pwoblèm vwa ak gòj.
- Vocal Cord Disorders
- Vocal Cord Dysfunction (VCD)
- Congenital Laryngeal Stridor in Babies
- Laryngeal Cancer
- Spasmodic Dysphonia
- Tracheoesophageal Fistula and Esophageal Atresia
- Stridor
- Dysphagia in Children
- Dysphagia (Child)
- Aspiration From Dysphagia
- Tracheoscopy with Bronchoscopy
- Direct Laryngoscopy with Bronchoscopy
- Direct Rigid Laryngoscopy
- Fiberoptic Endoscopic Evaluation of Swallowing
- Dysphagia Bedside Swallow Exam
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa pwoblèm sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalite toupre lakay ou ki kapab ede w
primary
phone
617-726-1444
6177261444
Kontakte Pwogram Chiriji Vwa (Larenks)
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk lokal ki nan tout Nouvo Angletè ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini, nou fè li pi fasil pou jwenn swen kowòdone ak swen ekspè.
primary
phone
617-726-1444
6177261444
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal