Pwogram sipò kominotè McLean pou gerizon maladi sante mantal nan Waverley Place
617-484-0193
Konsènan pwogram nan
Waverley Place se yon pwogram sipò kominotè pou granmoun ki gen pwoblèm sante mantal. Pwogram nan ofri yon anviwònman ki konsantre sou gerizon, ki pa klinik, kote manm yo ka devlope relasyon ak lòt moun, plis endepandans, ak konfyans nan tèt yo.
Waverley Place sitiye a mwatye mil de kanpis Belmont McLean Hospital’s , li ede granmoun k ap viv ak pwoblèm tankou twoub imè, anksyete, difikilte pou panse oswa konsantre, oswa eksperyans kote yo tande, wè, oswa santi bagay lòt moun pa remake.
Chak manm deside kijan li vle patisipe nan pwogram nan selon pwòp bezwen ak objektif li. Nan yon anviwònman ki akeyan, Waverley Place ankouraje moun yo pran kontwòl sou pwòp lavi yo, fè pwòp chwa pa yo, epi jwenn sipò enpòtan nan men lòt moun ak anplwaye yo.
Mass General Brigham se yon lidè nan domèn swen sante mantal ak swen sikyatrik, McLean Hospital se youn nan pi gwo referans nan mond lan nan domèn swen, rechèch, ak edikasyon.
Yon pati nan sèvis sante mantal ak sikyatrik la
Sipò ak sèvis
Waverley Place ofri sipò kominotè, soti nan yon gwoup moun ki pale sou sijè enpòtan, jiska yon espas ki konfòtab ak an sekirite, kote pasyan k ap travay sou gerizon yo a ka rankontre lòt moun, jwenn sipò, epi pataje eksperyans ak lòt moun.
Manm kominote a deside nan ki sèvis yo vle patisipe epi konbyen fwa yo vle patisipe. Chak jou gen aktivite tankou pale ansanm, gwoup sipò, atelye, klas, epi opòtinite pou manm yo anime oswa ede anime kèk gwoup.
Orè chak semèn nan gen gwoup ki pale sou sijè tankou relasyon ak lòt moun, aprann viv poukont ou, espirityalite, jwenn travay ki gen sans, ak bati yon lavi ki satisfè selon objektif chak moun.
Aktivite yo fè ansanm yo gen ladan jwèt estrateji, atizay, ekriti, mizik, jadinaj, kwit manje, ak jwèt pou ede kenbe lespri a aktif. Waverley Place ofri tou aktivite pou byennèt fizik an gwoup, tankou yoga, meditasyon, detire kò, mache an gwoup, ak ale nan sal espò.
Nan Waverley Place, nou konnen sipò ak bon resous yo esansyèl pou ede pasyan yo kontinye avanse nan pakou gerizon an. Avèk objektif sa yo nan tèt nou, ekip nou an ede manm yo idantifye objektif pèsonèl yo epi pran mezi ki nesesè pou reyalize yo.
Sipò ak ankourajman youn bay lòt nan kominote a ede moun yo patisipe nan aktivite ki gen sans epi jwe wòl ki enpòtan nan lavi yo. Nou kreye anpil okazyon pou manm yo pale sou sijè tankou opinyon negatif ak prejije, diskriminasyon, opinyon negatif ak prejije yon moun gen sou tèt li, defans dwa yo, ak fason pou yo jwenn plis konfyans ak pouvwa pou dirije pwòp lavi yo.
Nou ede manm yo avanse nan objektif travay yo lè nou òganize vizit nan fwa pwofesyonèl, sant pou devlopman karyè, ak biznis nan zòn nan.
Epitou, nou bay konsèy, oryantasyon, referans, ak zouti pou ede manm yo jwenn lòt sèvis nan kominote a pou bezwen yo genyen ki gen rapò ak travay, lekòl, lojman, lajan, sante jeneral, ak lavi pèsonèl yo; sa gen ladan èd nan men espesyalis ki fòme pou ede moun konprann ak jwenn avantaj yo kalifye pou yo.
Aktivite sosyal ki planifye oswa ki fèt san planifikasyon davans fèt ni nan pwogram nan ni nan kominote a.
Sòti yo ka gen ladan vizit nan kafe lokal, magazen, fèm, mize, boutik atizay, ak restoran. Selon sezon an, manm yo ka patisipe nan sòti pou ale nan plaj, pak, pak amizman, ak jaden fwi. Evènman espesyal yo gen ladan sware mikwo ouvè, babekyou, fèt pou selebre jou ferye, ak mache òganize, tankou mach anyèl National Alliance on Mental Illness la.
Manm yo gen aksè tou ak òdinatè, materyèl pou fè atizay, yon jaden, yon espas pou meditasyon, ak yon klèb espòtif lokal.
Pataj eksperyans lavi manm yo
Waverley Place bay manm yo posiblite pou yo travay youn-a-youn avèk yon espesyalis sètifye ki viv menm sitiyasyon avèk yo.
Espesyalis ki viv menm sitiyasyon avèk yo a pataje plizyè eksperyans yo viv konsènan gerizon anba maladi sante mantal epi yo montre manm yo li posib pou yo jwenn yon lavi ki gen sans apre difikilte yo anba maladi sante mantal. Lè espesyalis sètifye ki viv menm sitiyasyon avèk yo a pataje eksperyans yo, fòs yo ak espwa yo, yo ede manm yo kwè plis nan kapasite yo pou yo jwenn yon pi bon kalite lavi ak kontinye sou chemen gerizon an.
Espesyalis ki viv menm sitiyasyon avèk yo a pote espwa ak ankourajman lè yo pataje pwòp eksperyans yo epi lè yo montre manm yo gen lòt moun ki konprann sa yo ap viv la. Yo akonpaye chak moun kote li ye nan pwosesis li, epi yo ankouraje yo pran kouraj pou fè chanjman ki enpòtan pou lavi yo. Espesyalis sètifye ki viv menm sitiyasyon avèk yo a travay avèk manm yo pou ede yo idantifye epi konbat fason negatif yo ka wè tèt yo, defann bezwen ak dwa yo, epi trete tèt yo avèk respè, jantiyès ak konpasyon.
espesyalis sètifye nou yo ki viv menm sitiyasyon avèk manm yo resevwa fòmasyon avanse, ak sètifikasyon nan men Depatman Sante Mantal Massachusetts la.
Vin manm Waverley Place
Admisyon
Moun ki enterese vin manm Waverley Place yo ka enskri poukont yo oswa fè yon pwofesyonèl swen nan McLean refere yo, oswa yo ka chèche jwenn referans nan yon lòt pwogram ak nan men lòt pwofesyonèl swen ki nan kominote a. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte 617-484-0193.
Pri
Frè pou vin manm nan se $300 pa mwa; men, pou manm ki kalifye, frè a ka diminye selon revni oswa kapasite yo pou peye.
Kesyon yo poze souvan
Pwoblèm medikal ak tretman
Espesyalis nou yo
617-484-0193
Kontakte pwogram sipò kominotè McLean pou gerizon malady sante mantal nan Waverly Place
617-484-0193
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal