false

Sant Donatè San Fanmi Kraft nan Lopital Jeneral Massachusetts

Sove yon lavi pa bay san nan Sant Donatè San Fanmi Kraft nan Lopital Jeneral Massachusetts. Viziti nou nan 55 Fruit Street (GRJ 120), Boston, MA 02114.
primary
phone
617-724-9699

Rele Sant Donatè San Fanmi Kraft nan Lopital Jeneral Massachusetts

6177249699
secondary
external
Pran randevou

Vizite pòtal donatè san an

https://blooddonor.kraftfamilyblooddonorcenter.org/donorportal/

Sove yon lavi

Chak jou, santèn pasyan Mass General bezwen san—kit se pou konbat kansè, refè aprè yon chòk, oswa jere yon maladi kwonik. Bay san nan Sant Donatè San Fanmi Kraft nan Lopital Jeneral Massachusetts, youn nan pi gwo sèvis transfizyon san ak donasyon nan peyi a, se yon fason fasil, rapid, ak san danje pou sove yon lavi.

Kontak ak lokalizasyon

55 Fruit Street (GRJ 120)
Boston, MA 02114
617-724-9699
Pòtal donatè

Orè Donasyon

Donasyon San Total
Madi – Jedi: 7:30 am – 5:00 pm
Vandredi: 8:30 am – 4:30 pm

Donasyon Platèt
Lendi: 7:30 am – 3:00 pm
Madi – Jedi: 7:30 am – 5:00 pm
Vandredi: 8:30 am – 3:00 pm

Donasyon Double Selil Wouj
Nou pa aksepte donasyon double selil wouj.

Gen de Sant Donatè San Fanmi Kraft—youn nan Lopital Jeneral Massachusetts ak yon lòt nan Enstiti Kansè Dana-Farber ak Lopital Brigham and Women’s Hospital. Si w ap chèche bay nan lokal Dana-Farber/Brigham nan, vizite paj donasyon yo.

Direktiv sou elijibilite donatè san

Tout donatè san dwe satisfè kondisyon elijibilite Lopital Jeneral Massachusetts pou bay san total, platèt, oswa selil san wouj. Donatè yo dwe ranpli yon kesyonè, ki gen ladan l kesyon sou sante ak stil de vi, nan randevou don san yo pou detèmine elijibilite.
Kondisyon debaz pou don san
Frekans donasyon
  • San Total: Chak 56 jou
  • Platèt: Chak 7 jou
  • Double selil wouj: Chak 112 jou

Vaksen/booster Covid-19, RSV, ak grip pa mande okenn tan tann pou bay san depi ou santi ou byen ak an sante.

Kondisyon sante
  • Antibyotik: Donatè yo ap defere pou 24 èdtan aprè dènye dòz yo.
  • Kansè: Donatè ki gen yon istwa pifò kalite kansè yo elijib pou bay san 1 lane aprè dat dènye tretman yo.

Eksepsyon

Pa gen okenn peryòd defere pou donatè ki gen istwa:

  • Kansè bakoselilè nan po
  • Kansè eskwamous nan po
  • Kansè-in-sitou oswa displazi nan kòl matris oswa tete, si trete oswa konplètman retire epi geri

Gen yon defè pèmanan pou donatè ki gen istwa:

  • Lisemi
  • Lenfom
  • Myelome miltip
  • makwoglobilimeni Waldenstrom

Lòt kondisyon

  • Rim: Donatè yo pa elijib si yo pa santi yo byen ak an sante jou donasyon an.
  • COVID-19: Donatè yo elijib 10 jou aprè rezolisyon sentòm yo OSWA yon tès pozitif si yo te rete san sentòm (pa gen sentòm)
  • Dyabèt: Donatè ki gen dyabèt (tip I oswa II) elijib pou fè don.
  • Travay dantè: Donatè yo elijib pou fè don aprè travay dantè ki fèt regilyèman.
  • Gonore: Donatè a ap defere pou 3 mwa aprè dat dènye tretman an.
  • Kriz kadyak: Plis evalyasyon nesesè. Tanpri voye yon imèl ba nou.
  • Epatit/Eksposisyon Epatit: Donatè a ap defere pou 12 mwa apre ekspozisyon ak epatit B oswa epatit C.
  • Epatit Viral: Donatè ki gen yon istwa enfeksyon ak viris epatit B (HBV) oswa viris epatit C (HCV) ap defere pou tout tan, kèlkeswa sentòm yo, rezolisyon espontane, oswa tretman.
  • Emokromatoz: Donatè a pa elijib pou fè don
  • Tansyon Wo: Donatè ki gen tansyon wo elijib pou fè don si tansyon yo kontwole ak medikaman.
  • Ansent: Donatè ki ansent oswa ki mwens pase sis semèn aprè akouchman pa elijib pou fè don.
  • Mak koud: Donatè yo pa elijib pandan mank koud yo toujou la.
  • Transfizyon: Donatè a ap defere pou 3 mwa aprè yon transfizyon san oswa konpozan san.

VIH/SIDA

Moun ki te gen yon tès pozitif pou VIH/SIDA oswa ki te nan risk pou yo kontamine ak VIH/SIDA ap defere pou toutan nan don san.

Faktè risk sa yo mande yon defè pèmanan:

  • Gen nenpòt siy oswa sentòm AIDS tankou: lafyèv, swe nan lannuit, pèt pwa san eksplikasyon, tous, dyare, glann gonfle, tach blan nan bouch, oswa boul vyolèt oswa ble sou po a

Faktè risk sa yo mande yon defè 3 mwa depi dat evènman an:

  • Itilizasyon dwòg ki pa preskripsyon oswa estewoyid pa zegwi nan 3 dènye mwa yo
  • Te pran dwòg oswa lajan pou sèks nan 3 dènye mwa yo
  • Te fè sèks, menm yon fwa, ak yon moun ki te pran lajan oswa dwòg an echanj pou sèks
  • Pike ak yon zegwi pa aksidan
  • Te gen nouvo ak/oswa plizyè patnè nan 3 dènye mwa yo e te fè sèks anal nan 3 dènye mwa yo
  • Te pran, pa bouch, nenpòt medikaman pou anpeche VIH (Pre-Exposure Prophylaxis (PrEP) oswa Post-Exposure Prophylaxis (PEP) nan 3 dènye mwa yo

Kounye a gen yon tan datant de zan pou bay san si ou:

  • Te pran, pa piki zegwi, nenpòt medikaman pou anpeche enfeksyon VIH (sètadi, PrEP, PEP)

Nenpòt moun ki ap pran Truvada (tenofovir), Descovy (emtricitabine), Tivicay (dolutegravir), oswa Isentress (raltegravir) dwe tann 3 mwa depi dènye dòz la, e nenpòt moun ki ap pran Apretude (cabotegravir) ap defere pou 2 zan depi dènye dòz la.

Donatè ki janm pran medikaman pou trete VIH, tankou ART, pa ka fè don.

Vwayaj

Zòn endemik malarya: Donatè a ap defere pou 3 mwa apre vwayaj nan yon zòn endemik malarya. Tanpri sonje nou itilize Liv Jòn CDC a pou detèmine Risk Malarya – ou ka jwenn plis enfòmasyon isit la.

Donatè ki te viv nan yon zòn endemik malarya ap defere pou 3 zan aprè yo fin deplase nan yon zòn ki pa endemik malarya. Sepandan, 3 ane yo PA dwe enkli okenn vizit yo nan okenn zòn kote gen malarya. Si gen yon vizit fèt, peryòd defayans 3 ane a ap rekòmanse.

Pou kesyon ki gen rapò ak vwayaj, tanpri kontakte Sant Donatè San Fanmi Kraft la.

Lòt faktè ki gen rapò ak stil de vi
  • Pèsin nan Zòrèy/Kò: Donatè a elijib sèlman si pèsin la fèt ak ekipman itilizasyon inik ki esteril.
  • Tatouwaj: Donatè a pa elijib pou 3 mwa aprè li fin fè yon tatouaj.
Direktiv elijibilite pou don plakèt

Anplis direktiv ki pou elijibilite pou don san, donatè plakèt yo dwe:

  • Dwe peze omwen 110 liv
  • Evite aspirin ak pwodwi ki gen aspirin pou 48 èdtan anvan don plakèt

Si ou janm fè yon gwosès, nou mande ou pou ou bay san antye anvan ou fè yon don plakèt.

Kesyon yo poze souvan sou don san

Ki moun ki ka fè don san?
Nenpòt moun ki an sante, ki gen omwen 16 an (ak konsantman paran) epi ki peze 110 liv, ka elijib pou fè don. Tanpri gade direktiv elijibilite a.
Poukisa mwen ta dwe fè don san?
Repons lan senp – Ou ka sove lavi jiska 3 moun! San ka sèlman ka soti nan yon moun pou l al nan yon lòt – pa gen lòt sous! Nou bezwen moun k ap bay san volontèman chak jou pou nou bay san a plizyè milye pasyan ki bezwen li. Genyen mwens pase 5% nan popilasyon ki elijib la ki fè don. Sepandan, plis pase 90% nan popilasyon an ap bezwen san nan lavi yo.
Ki moun ki itilize san mwen?
San ou bay la itilize kòm yon pati nan tretman ki la pou sove lavi yon pasyan nan MGH, Mass General Brigham for Children, Spaulding Rehab, Shriners Burn Hospital for Children, ak Massachusetts Eye and Ear. San nesesè chak jou pou pasyan, depi tibebe rive nan granmoun aje. San ou bay la ap ede sove jiska 3 lavi!
Konbyen san yo pran pandan yon donasyon?
Yo pran yon ti kras mwens pase yon 'pint' san (apeprè 450 mL) pou chak don san konplè.
Konbyen san ki nan kò mwen?
Sa depan de pwa moun lan, yon granmoun mwayen gen ant 9 ak 12 pint san nan kò li.
Konbyen tan li pran pou san mwen bay la ranplase nan kò m apre mwen fin bay san an?
Volim san an anjeneral ranplase nan 24 èdtan. Selil san wouj yo pran ant 4-6 semèn pou yo ranplase konplètman, se poutèt sa FDA mande yon tan 8 semèn ant donasyon san yo.
Eske sa fè mal pou bay san?
Enkyetid sou kijan ou pral santi w lan se anjeneral pi gwo sousi a. Erezman, sa ou santi a pa diferan de lè w al fè yon egzamen – pifò donatè yo ap santi sèlman yon ti pike avantou, san anyen ankò.
Kijan mwen ap santi mwen apre mwen fin bay san an?
Pifò moun santi yo byen apre donasyon an! Imedyatman apre, yo ap envite ou pou w bwè kèk ji/dlo ak yon ti goute. Ou ka reprann aktivite regilye ou anjeneral imedyatman apre. Nou mande ou pou ou evite leve nenpòt bagay lou oswa lòt gwo egzèsis imedyatman apre.
Konbyen tan donasyon an pran?
Si ou pran yon randevou, tout pwosesis la ap pran apeprè 30-40 minit (pou donasyon san an konplè). Tiraj san an an reyalite pran apeprè senk a sèt minit.
Kisa ki rive ak san mwen an apre mwen fin fè don an?
Donasyon ou an ap anrejistre epi y ap teste li pou plizyè maladi enfektye. San an ap separe an 3 konpozan (selil san wouj, plasma, ak plakèt). Apre tès la, san an ap estoke nan frijidè jiskaske yo bezwen l. San yo pa rete nan depo a lontan – pifò inite yo itilize nan kèk jou apre donasyon an.
Poukisa popilasyon minoritè yo espesyalman bezwen fè don san?

Gen plis kalite san O ak B nan popilasyon minoritè yo pase nan moun ki blan. Paske gwo kantite san nesesè pou trete maladi "Sickle Cell", ki parèt sitou nan popilasyon minoritè yo, gen yon bezwen ki ap ogmante pou donatè san minoritè.

Nan 5 pousan popilasyon ki fè don san yo, sèlman 10 pousan ladan yo se Afriken-Ameriken oswa Ispanik. Pandan transfizyon yo, san pasyan an dwe koresponn pi pre posib alafwa pou tip ak antijèn espesifik san ki ap transfize a. Paske nou eritye sèten antijèn nan men zansèt nou yo, jeneralman li pi bon pou moun lan koresponn ak menm ras ak etnisite moun k ap resevwa san an.

Mwen pa konnen tip san mwen. Èske mwen ka fè yon don?
Wi, an reyalite ou ap resevwa yon kat plizyè semèn apre donasyon ou an ki ap fè ou konnen kalite san ou an! Nou toujou bezwen tout tip de san!
Èske mwen ka fè don san dirèkteman pou (frè mwen, mari mwen, pitit mwen, zanmi mwen)?
Yo bay san yo a sant jeneral la. Ou ka fè yon don onorab, kote nou ap ba ou yon kat ki ka prezante a manm fanmi ou oswa zanmi ou ki ap fè yo konnen ou te fè don san nan non yo.
Mwen te gen COVID-19. Èske mwen ka fè yon don?
Wi, ou ka fè don 10 jou apre dènye jou sentòm yo oswa apre yon tès pozitif, si ou pa gen okenn sentòm.
Mwen pa abite tou pre MGH. Eske mwen ka fè don nenpòt lòt kote?
Wi, mobil san nou an soti chak jou nan tout Lès MA – jwenn yon mobil ki tou pre ou.
Mwen te pran yon vaksen oswa yon rapèl pou grip/COVID/RSV. Konbyen tan mwen dwe tann?
Ou pa gen pou w tann pou vaksen/rapèl COVID, RSV, oswa grip, depi ou santi ou byen epi an sante.
Mwen te fè yon tatouaj oswa yon pèsing. Èske mwen ka fè yon don?
Ou elijib 3 mwa apre ou fin fè yon tatouaj. Ou pa bezwen tann akoz yon pèsing, si li fèt ak ekipman inik ki esteril.
TANN, mwen te viv UK e yo te di mwen pa ka fè don! Èske mwen ka fè don kounye a?
WI! FDA a fèk revize direktiv yo sou donatè ki soti nan UK ak Ewòp. Tanpri vizite direktiv elijibilite a.
Mwen fè pati kominote LGBTQ+. Èske mwen ka fè yon don?

Kenbe yon rezèv san ki an sekirite, ki divèsifye se youn nan pi gwo priyorite yo pou Sant Donatè San Fanmi Kraft la. Nou sipòte ak tout fòs nou itilizasyon peryòd refi oswa tan datant lan ki baze sou syans ak bonjan rezon, ki aplike menm jan pou tout moun ki vle bay san, epi ki trete tout potansyèl donatè yo avèk jistis, egalite ak respè.

Nan dat 11 me 2023, FDA a te pibliye direktiv final li yo konsènan yon evalyasyon endividyèl pou tout donatè san, kèlkeswa sèks yo oswa oryantasyon seksyèl yo. Sant Donatè San Fanmi Kraft la dakò ak chanjman ki baze sou done nan politik don san ki vize pou kenbe rezèv san an an sekirite. Refize yon potansyèl donatè san sou baz oryantasyon seksyèl li pa elijib ankò selon done yo.

An konfòmite ak nouvo kritè pou donatè yo, Sant Don San Fanmi Kraft la te fè tout chanjman ki nesesè nan pwosedi reglemante li yo epi kounye a li pare pou akeyi moun yo te di ki pa t kalifye pou bay san. Tanpri sonje gen lòt direktiv elijibilite ki ka toujou anpeche ou fè don an. Nou sijere ou revize TOUT direktiv elijibilite yo anvan ou prezante w pou w fè don an.

Èske gason ki nan gason oswa ki biseksyèl ka fè don san?

Wi, nou pa poze kesyon ki baze sou sèks ankò. Avèk nouvo "evalyasyon endividyèl donatè a," yo p ap poze donatè yo kesyon ki baze sou sèks ankò. Olye de sa, y ap poze donatè yo kesyon ki baze sou evalyasyon risk endividyèl, ki gen ladan istwa seksyèl resan (3 dènye mwa yo) ak nouvo oswa plizyè patnè.

Kounye a, gen yon tan datant twa mwa pou bay san si ou:

  • Te gen nouvo oswa plizyè patnè nan 3 dènye mwa yo epi ou te fè sèks anal nan 3 dènye mwa yo.
  • Ou te pran, pa bouch, nenpòt medikaman pou anpeche VIH (Pre-Exposure Prophylaxis (PrEP) oswa Post-Exposure Prophylaxis (PEP)) nan 3 dènye mwa yo.

Kounye a gen yon tan datant de zan pou bay san si ou:

  • te pran, pa piki, nenpòt medikaman pou anpeche enfeksyon VIH (sètadi, PrEP, PEP)

Èske fanm lesbyèn oswa biseksyèl ki fè sèks ak fanm ka bay san?

Wi, dapre direktiv FDA yo, pa gen okenn tan reta pou fanm ki te fè sèks ak lòt fanm.

Èske moun transjan oswa entèseks ka bay san?

Wi, dapre direktiv FDA yo, pa gen okenn tan datant pou moun transjan oswa entèseks. Donatè yo ka idantifye tèt yo selon chwa sèks yo. Nou pa poze kesyon ki baze sou sèks ankò. Avèk nouvo "evalyasyon donatè endividyèl la," yo pap poze donatè yo kesyon ki baze sou sèks ankò. Olye de sa, y ap poze donatè yo kesyon ki baze sou evalyasyon risk endividyèl, ki gen ladan istwa seksyèl resan (3 dènye mwa yo) ak nouvo oswa plizyè patnè.

Mwen te eseye bay san nan tan pase a, men yo te refize mwen akoz rankont MSM. Èske mwen ka bay san kounye a?

Depi 11 me, ekip nou an ap travay pou mete ajou pwosesis, sistèm, ak fòmasyon nou yo pou aplike chanjman direktiv FDA sa yo epi elaji elijibilite a. Kounye a nou pare pou nou aksepte donatè yo te refize pou bay san anvan sa.

Anvan sa, yo konn refize yon donatè potansyèl nan USA akoz si:

  • Te gen yon nonm ki te fè sèks ak yon lòt nonm nan 3 dènye mwa yo
  • Te fè sèks ak yon gason ki te fè sèks ak yon lòt gason nan 3 dènye mwa yo

Sant Donatè san Fanmi Kraft ta renmen envite tout moun yo te refize yo tounen.

Avèk nouvo "evalyasyon donatè endividyèl la," yo pa p poze donatè yo kesyon ki baze sou sèks ankò. Olye de sa, y ap poze donatè yo kesyon ki baze sou evalyasyon risk endividyèl, ki gen ladan istwa seksyèl resan (3 dènye mwa yo) ak nouvo oswa plizyè patnè.

Kounye a, gen yon tan datant twa mwa pou bay san si ou:

  • Te gen nouvo oswa plizyè patnè nan 3 dènye mwa yo epi ou te fè sèks anal nan 3 dènye mwa yo.
  • Ou te pran, pa bouch, nenpòt medikaman pou anpeche VIH (Pre-Exposure Prophylaxis (PrEP) oswa Post-Exposure Prophylaxis (PEP)) nan 3 dènye mwa yo.

Kounye a gen yon tan datant de zan pou bay san si ou:

  • Ou te pran, pa piki, nenpòt medikaman pou anpeche enfeksyon VIH (sètadi, PrEP, PEP)

Mwen se yon gason ki marye depi dis lane ki fè sèks sèlman ak madanm mwen; èske mwen ka bay san?

Wi, depi ou pa te gen nouvo oswa plizyè patnè ak fè sèks anal nan 3 dènye mwa yo, ou elijib.

Mwen ap pran medikaman pou anpeche enfeksyon VIH (PrEP oswa PEP tankou Truvada, Descovy, Tivicay, Isentress, oswa Apretude). Èske mwen ka bay san?

Non. Nenpòt moun ki ap pran Truvada (tenofovir), Descovy (emtricitabine), Tivicay (dolutegravir), oswa Isentress (raltegravir) ap gen yon tan datant pou 3 mwa depi dènye dòz la, epi nenpòt moun ki ap pran Apretude (cabotegravir) ap retade pou 2 zan depi dènye dòz la.

Kounye a gen yon tan datant de zan pou bay san si ou:

  • Ou te pran, pa piki, nenpòt medikaman pou anpeche enfeksyon VIH (sètadi, PrEP, PEP)
Mwen sou medikaman. Èske mwen ka fè yon don?
Wi, pifò medikaman yo akseptab pou donasyon – tanpri gade lis medikaman nou an.
Èske mwen ap jwenn yon konpansasyon pou m bay san an?
Non, san ki itilize pou transfizyon yo dwe bay volontèman.
Eske mwen ka fè don plasma?
MGH pa kolekte plasma.