Swen Vityèl 24/7
Planifye Swen Vityèl 24/7
Mass General Brigham Swen vityèl 24/7 se yon sèvis medikal vityèl pasyan yo ka itilize pou bezwen medikal yon sèl fwa oswa pou swen prensipal. Avèk swen vityèl 24/7, ou ka wè yon doktè sou entènèt, depi lakay ou nenpòt lè. lajounen oswa lannuit.
Sèvis nou yo disponib pou nenpòt moun ki gen yon koneksyon entènèt ak yon aparèy ki konpatib (telefòn entelijan oswa òdinatè). Yo bay swen vityèl sou yon platfòm swen sante ki sekirite, sa asire vi prive ak konfidansyalite.
Ki moun ki ka itilize swen vityèl 24/7?
- Swen vityèl 24/7 disponib pou pasyan ki gen 3 lane epi plis nan Massachusetts ak New Hampshire.
- Yon paran oswa yon gadyen dwe akonpaye moun ki gen mwens pase 18 lane.
Frè:
- Frè sèvis swen vityèl 24/7 Mass General Brigham ap depann de kalite plan sante w. Tanpri konsilte lis asirans nou aksepte yo. Si w gen nenpòt kesyon, tanpri kontakte Depatman sèvis pou manm pou plan sante w la, pou w ka jwenn detay espesifik sou asirans ou an.
- Y ap chaje pasyan ki peye pou tèt yo $130 pou vizit swen vityèl 24/7; y ap mande pèman an nan moman vizit la. Frè sa a kouvri espesyalman vizit vityèl e li pa enkli okenn lòt depans tankou frè laboratwa, tès imajri, vizit adisyonèl oswa referans.
Kondisyon yo trete
Mòde ti bèt
Grip ak rim
Touse
Enkyetid sou KOVID-19
Dyare
Lafyèv
Tèt fè mal
Brile lestomak
Asmatik lejè
Blesi minè
Nouvo doulè nan do
Doulè lè w ap pipi
Azoumounou (konjonktivit) san w pa pèdi vizyon
Gratèl oswa enfeksyon po
Zona
Presyon sinis
Gòj fè mal
Antòs ak foulay
STI (enfeksyon ki transmèt seksyèlman)
UTI (enfeksyon nan aparèy irinè)
Doulè nan dan
Enfeksyon nan vajen
Kesyon yo poze souvan sou Swen Vityèl 24/7
Ou gen opsyon pou pwograme yon randevou swen ijans vityèl atravè Patient Gateway. Senpleman konekte epi chwazi yon lè pou randevou pou swa pita jodi a oswa demen.
Ou prale nan vizit avèk yon founisè swen ijans Mass General Brigham atravè navigatè sou telefòn entelijan ou, tablèt, oswa òdinatè.
Rezime "Apre Vizit" ou ap disponib nan Gateway Pasyan ou.
Si ou pa gen yon kont Patient Gateway, yo pral mande ou pou kreye yon kont pandan pwosesis pwograme a. Ekip swen Mass General Brigham ou a ap gen aksè ak nòt ki soti nan vizit ou. Si ou gen yon doktè swen prensipal ki deyò Mass General Brigham, nou ka pataje dosye medikal ou avèk konsantman ou.
Founisè Swen Vityèl 24/7 abòde pwoblèm ki pa ijans ak kondisyon sante ki lejè jiska modere yo ka evalye avèk videyo. Yo ka mande ou pou bay enfòmasyon sante ou ka tcheke lakay, tankou tansyon ou ak pwa ou.
Swen Vityèl 24/7 ofri vizit videyo menm jou a pou enkyetid, tankou:
- Refwad, grip ak COVID-19
- Eripsyon po, mòde ensèk, ak lòt pwoblèm po
- Alèji sezonye
- Foulaj ak rale misk
- Vant fè mal, kè plen, ak dyare
- Enfeksyon nan sistèm pipi
Kèk maladi ki bezwen atansyon imedya, trètman dirèk, oswa swen espesyalize.
Founisè Swen Vityèl 24/7 nou yo pa trete:
- Ijans medikal, tankou doulè nan pwatrin, difikilte pou respire, pèdi sansasyon toudenkou, konfizyon, oswa difikilte pou pale
- Blesi grav, tankou zo kase oswa koupi ki pwofon
- Sentòm sante mantal grav, ki gen ladan panse swisid, konfizyon pwofon, ak paranoya
Pou swen ijans oswa asistans medikal imedya, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre a.
Pou asire vizit vityèl ou a reyisi, tanpri konfime ou ap itilize yon telefòn entelijan, yon tablèt, oswa yon òdinatè ki gen karakteristik sa yo:
- Yon kamera ki ap travay, opalè ak mikwo
- Dènye vèsyon nenpòt navigatè entènèt ou planifye pou itilize
Li rekòmande pou ou rive nan vizit vityèl ou a 15 minit anvan pou asire teknoloji ou ap travay byen epi rezoud nenpòt pwoblèm.
Li rekòmande tou pou ou jwenn yon kote trankil ak prive pou fè vizit ijans vityèl ou a.
Pandan vizit vityèl ou a, pwofesyonèl swen vityèl ou a kapab bay lòd pou nenpòt laboratwa, imaj, oswa lòt tès ki nesesè, ou ka fè nan yon kote ki fasil.
Wi, ou ka chwazi yon founisè Swen Vityèl 24/7 antanke PCP ou. Ou ka fè founisè w la konnen pandan vizit vityèl ou a oswa rele 617-648-5822. Nou pral gide ou nan pwosesis seleksyon an, ki gen ladan mete ajou enfòmasyon sou founisè swen prensipal ou ansanm ak asirans sante ou, si sa nesesè.
Avèk swen prensipal vityèl, ou ka fè woutin byennèt, jwenn konsèy medikal, renouvle preskripsyon, epi jwenn trètman pou nouvo oswa pwoblèm sante k ap kontinye. Swen prensipal vityèl ka ede ou jere kondisyon sante ak enkyetid lejè rive nan modere, ki gen ladan:
- Akne, ekzema, ak lòt kondisyon po
- Anksyete ak depresyon
- Asma ak pwoblèm respiratwa
- Jesyon kontwòl nesans
- Tansyon wo ak kolestewòl
- Enfeksyon
- Sispann fimen
- Pwoblèm tiwoyid
- Dyabèt tip 2
Kèk kalite swen prensipal, tankou egzamen fizik chak ane pou lekòl oswa travay, mande vizit an pèsòn. Mass General Brigham ofri swen an pèsòn pou kondisyon ki pi konplike, tankou:
- Kansè
- Doulè kwonik ki bezwen plis egzamen oswa tès
- Gwosès
- Pwoblèm sante mantal grav
Nou renouvle pifò medikaman si yo mache byen pou ou, men ou ka bezwen fè tès laboratwa anvan nou kapab preskri kèk medikaman. Founisè Swen Vityèl 24/7 pa preskri:
- Mariwana medikal
- Medikaman pou dòmi, anksyete, ak ADHD yo konsidere kòm sibstans kontwole
- Opioyid ak lòt medikaman doulè ki fò
- Kèk medikaman espesyal, tankou medikaman kansè ak sistèm iminitè
- Wi. Ni pasyan aktyèl ak nouvo pasyan ka pwograme yon vizit pou yon lòt moun. Ou pa bezwen gen yon kont Patient Gateway pou pwograme yon vizit pou yon lòt moun.
- Sepandan, si ou gen yon kont Patient Gateway, tanpri konekte pou pwograme pou yon lòt moun. Sa a ap fè pwosesis pwograme randevou a pi rapid.
- Gran moun ka pwograme yon vizit pou yon timoun, yon lòt manm fanmi oswa zanmi. Paran oswa gadyen legal dwe akonpaye yon timoun ki anba 18 lane pandan vizit la.