Swen Vityèl
Kisa swen vityèl ye?
Swen vityèl pèmèt pasyan yo resevwa swen medikal ak konsèy nan nenpòt kote yo chwazi. Pasyan yo konekte ak founisè swen sante yo atravè randevou videyo oswa telefòn ak lòt kominikasyon ki sou entènèt.
Si se yon ijans medikal, rele 9-1-1.
Ki opsyon swen vityèl Mass General Brigham ofri?
Kit se yon maladi oswa blesi sanzatann, yon premye konsiltasyon sou yon pwosedi, yon randevou swivi, oswa swen prensipal, espesyalis nou yo la pou pran swen ou. Doktè, asistan doktè, enfimyè pratisyen ofri vizit vityèl.
Men kijan opsyon swen vityèl nou yo fonksyone :
- Swen Vityèl 24/7. Nou gen de nou ofri 24/7. Premye a se pou nenpòt pasyan ki vle yon doktè swen prensipal ki bay pifò swen vityèl yo. Dezyèm nan se pou pasyan Mass General Brigham ki gen bezwen swen sante ijan. Tou de ka konekte ak yon founisè atravè yon vizit videyo entèaktif ki an sekirite sou tablèt, telefòn mobil oswa òdinatè w. Sèvis sa a se pou granmoun ak timoun ki gen 3 lane ak plis. Yon granmoun dwe akonpaye nenpòt moun ki gen mwens pase 18. Aprann plis sou Swen Vityèl 24/7.
- Vizit vityèl pou swen prensipal ak espesyalize. Pou pasyan ki deja pasyan anrejistre, anpil nan founisè nou yo ofri vizit vityèl atravè Patient Gateway. Ou ka jwenn swen prensipal ak espesyalize nan nivo mondyal atravè telefòn ou oswa òdinatè w, san w pa bezwen ale nan youn nan etablisman nou yo. Rele founisè ou pou tcheke si yo ofri vizit vityèl oswa kòmanse yon vizit vityèl si disponib. Aprann plis sou swen prensipal vityèl.
- Dezyèm Opinyon sou entènèt. Si ou gen yon dyagnostik ki chanje lavi, ou gen sentòm ou pa ka eksplike, oswa ou pa sèten sou yon plan trètman, jwenn yon dezyèm opinyon m ka ede ou pran desizyon enfòme sou swen ou. Atravè sèvis dezyèm opinyon nou an sou entènèt, youn nan founisè swen sante nou yo ap revize dyagnostik ou oswa plan trètman w sou entènèt. Yo abòde nenpòt kesyon oswa enkyetid ou ka genyen sou pwochen etap nan swen ou. Aprann plis sou dezyèm opinyon.
Pou randevou vityèl, konekte sou Patient Gateway pou planifye ak patisipe nan vizit ou.
Ki diferans ki genyen ant swen vityèl ak telemedsin?
Swen vityèl vle di diferan fason founisè swen sante ka entèraji ak pasyan yo sou entènèt. Swen vityèl ka enplike pasyan ak founisè ki konekte atravè:
- Randevou videyo an dirèk sou òdinatè, tablèt oswa telefòn entelijan pasyan an
- Pale atravè telefòn pou yon randevou medikal
- Voye mesaj tèks, imèl, oswa mesaj enstantane ant randevou yo
Telemedsin (yo rele l tou telesante) se lè yon founisè bay swen medikal oswa konsèy bay yon pasyan pandan yon vizit vityèl atravè videyo oswa telefòn. Telemedsin se yon konpozan nan swen vityèl.
Kijan swen vityèl la fonksyone?
Ou ka pwograme randevou atravè telefòn oswa videyo pou bezwen sante ijan oswa alontèm. Si ou gen yon telefòn, laptop, tablèt, oswa òdinatè, nou la pou ba ou swen ou bezwen soti nan kote ou chwazi a. Nan jou randevou w la, ou konekte sou aparèy ou oswa rele founisè swen sante w pou rankontre.
Swen vityèl ofri fleksibilite pou jere swen nan yon fason ki pratik pou ou. Ou ka chwazi itilize youn oswa plis fòm swen vityèl pou randevou medikal. Oswa ou ka chwazi yon konbinezon de swen vityèl ak vizit biwo an pèsòn. Founisè ou ka ede ou planifye pi bon apwòch pou bezwen sante ou.
Ki avantaj swen vityèl yo?
Nou ede ou—kit ou se pasyan etabli oswa nouvo—rete sou chimen swen medikal ki adapte ak bezwen ou. Atravè swen vizit vityèl, founisè swen sante nou yo ka:
- Abòde yon nouvo pwoblèm medikal (tankou yon blesi oswa chanjman nan sante)
- Suiv yon maladi sante espesifik pou ede jere li
- Revize oswa kòmande travay laboratwa, imaj oswa rezilta tès
- Reponn kesyon sou yon medikaman oswa terapi, kòmande yon nouvo medikaman, oswa renouvle yon preskripsyon
- Diskite sou yon pwosedi oswa pwochen operasyon
- Bay yon dezyèm opinyon pou yon kondisyon medikal
Moun k ap pran swen, manm fanmi, ak lòt moun ka rantre nan vizit vityèl ou a depi kote w ye a oswa sou entènèt nan yon lòt kote.