Dyabèt nan Gwosès: K ak R avèk Camille E. Powe, MD
Camille E. Powe, MD, yon doktè nan Mass General Brigham ki espesyalize nan òmòn, trete dyabèt pandan gwosès. Doktè. Powe dirije Pwogram Dyabèt nan Gwosès nan Massachusetts General Hospital ansanm ak yon lòt moun. Li fè rechèch klinik tou sou wòl jèn yo ak fason kò a fonksyone lè maladi ki afekte fason kò a sèvi ak enèji parèt pandan gwosès.
Nan kesyon-repons sa a, Doktè Powe reflechi sou fason apwòch pèsonalize, entegre ak inovatè pwogram nan asire pasyan yo resevwa swen dyabèt ki pi avanse ki disponib.
K: Ki sa ki fè Pwogram Dyabèt nan Gwosès la inik? Kijan travay ansanm nan pwogram sa a amelyore eksperyans pasyan yo?
Powe: Pwogram Dyabèt nan Gwosès Mass General la gen twa karakteristik inik ki fè nou diferan.
Premyèman, pwogram nan reyini diferan kalite swen epi ekip la travay ansanm toutbon. Nou gen espesyalis nan andokrinoloji, medsin matènèl-fetal, nitrisyon, ak ekografi tout nan yon sèl kote. Sa fè li fasil pou tout diferan founisè medikal yo konekte sou ka endividyèl yo epi travay ansanm pou jwenn pi bon plan tretman medikal pou yon pasyan. Modèl swen entegre nou an, kote yo bay swen yo nan menm lokal la, fè bagay yo pi fasil tou pou pasyan yo.
Dezyèmman, pwogram nou an jwenn nouvo fason pou bay swen. Nou te pami premye moun ki te adopte telemedsin anvan li te vin popilè. Nou itilize tou de vizit videyo ak vizit ki baze sou mesaj pou konekte ak pasyan yo pou swivi souvan. Nou pwofite tou tout teknoloji avanse pou dyabèt. Men sa yo enkli: siveyans glikoz kontinyèl, glikomèt konekte, aplikasyon, plim ensilin entelijan, ak dènye ponp ensilin otomatik yo. Nou asire nou pasyan nou yo jwenn zouti ki pi resan e ki pi bon yo pou ede yo jere dyabèt yo.
Twazyèm karakteristik lan se ke li pèsonalize anpil. Nou trete chak pasyan selon yon plan ki fèt espesyalman pou li, paske nou konnen dyabèt pa menm lakay tout moun.
K: Kijan nati kolaboratif pwogram sa a kreye yon pi bon eksperyans pou pasyan an?
Powe: Chak tip dyabèt diferan epi chak moun ki gen dyabèt inik. Kounye a, pifò tretman pou dyabèt pandan gwosès gen yon apwòch ki menm pou tout moun. Nan swen nou bay ak nan rechèch nou fè, n ap toujou travay pou chanje sa.
Premyèman, nou egzamine ka chak pasyan pou asire dyagnostik la idantifye bon kalite dyabèt la. Li pa ra pou nou jwenn ke moun gen fòm jenetik dyabèt ki te mal dyagnostike anvan gwosès. Nou toujou konsidere posiblite sa a epi nou ka òganize tès jenetik nan ka sa yo.
Pou tretman an, chak pasyan resevwa konsèy sou manje ki adapte ak bezwen li nan men yon espesyalis nan nitrisyon ki gen anpil eksperyans ak gwosès ak dyabèt. Yo ede devlope yon plan repa endividyalize ki adapte ak nivo sik nan san pasyan an. Lè yon pasyan bezwen medikaman, nou adapte plan tretman an selon tandans nivo sik nan san nou obsève lakay chak moun.
K: Sou ki kalite rechèch sou dyabèt ou konsantre?
Powe: Objektif pwogram rechèch nou an se pote tout avansman nan dyagnostik ak terapetik dyabèt ki fèt nan dènye deseni a bay fanm ansent, ki souvan kite deyò nan etid klinik yo. Etid nou yo konsantre sitou sou fason kò a fonksyone, jenetik ak teknoloji.
K: Èske gen rezilta rechèch resan oswa etid k ap vini sou dyabèt pandan gwosès ki fè ou pi kontan?
Powe: Yon gwo etid enteresan n ap fè kounye a rele GO MOMs. Plis pase 2 000 moun ansent toupatou nan peyi a pral patisipe nan etid la. Yo pral mete aparèy ki kontwole sik nan san san rete epi bay echantiyon san kat fwa pandan gwosès yo.
Aparèy ki kontwole sik nan san san rete yo ban nou 288 mezi chak jou, plis pase nenpòt lòt fason pou swiv sik nan san. N ap gade rapò ant mezi sik nan san sa yo, fason yo konn fè dyagnostik dyabèt jestasyonèl ak pwa tibebe yo lè yo fèt.
Yo espere etid la pral chanje nèt fason nou detekte nivo sik nan san ki wo pandan premye trimès gwosès la. N ap itilize done GO MOMs yo tou pou wè si nou ka jwenn fason ki pi fasil pou fè dyagnostik dyabèt jestasyonèl, tankou itilize yon senp tès san ki rele emoglobin A1c.
Yon lòt gwo etid nou patisipe ladan l rele esè DECIDE. Sa a se yon etid pou moun ki gen dyabèt jestasyonèl ki bezwen medikaman pou fè sik nan san yo rive nan nivo sib la. Moun ansent ki gen GDM pral plase owaza pou yo trete swa ak metfòmin oswa ensilin epi yo pral swiv yo ak anpil atansyon pandan 2 zan apre akouchman. Nou espere etid sa a ap ede nou konnen ki medikaman ki pi bon pou trete dyabèt jestasyonèl.
Nou fè pati tou yon gwo etid pou moun ki gen dyabèt tip 1 ki rele T1D Pregnancy & Me. Etid sa a ka fèt nèt sou entènèt epi li enplike reponn kesyon ak ban nou aksè a done sou sik nan san. N ap fè etid sa a paske toujou gen kesyon sou pi bon fason pou atenn objektif sik nan san ki nesesè pandan gwosès la. Malgre gen anpil devlopman enteresan nan teknoloji dyabèt, pifò nan teknoloji sa yo pa fèt pou atenn objektif sik nan san pandan gwosès. Nou espere ke etid sa a ap ede nou jwenn fason pou amelyore swen ak teknoloji pou dyabèt tip 1 pandan gwosès.
Finalman, n ap travay tou sou yon etid sou yon sistèm ponp ensilin otomatik ki te devlope nan Mass General ki rele iLet Bionic Pancreas. Objektif nou se modifye ponp lan pou nou ka itilize l pou dyabèt tip 1 ak dyabèt tip 2 pandan gwosès.
K: Kijan ou panse rechèch sa a pral amelyore swen pou moun ki gen dyabèt?
Powe: Nou espere rechèch nou an pral chanje fason yo bay swen pou dyabèt pandan gwosès la, yon fason pou pasyan ansent yo ka benefisye de tout dènye avansman nan rechèch sou dyabèt. Anpil fwa, moun ki ansent ak moun k ap bay tete yo eskli nan etid klinik yo. Akòz sa, se yo menm ki dènye moun ki jwenn benefis ki soti nan nouvo dekouvèt yo.
Nou kwè sa pa bon e n ap travay di pou chanje sa. Mass General Brigham fè anpil rechèch avanse sou dyabèt, epi sante moun ansent enpòtan anpil pou nou. Se poutèt sa, nan Pwogram Dyabèt nan Gwosès nou an, nou fè tout sa nou kapab pou pasyan nou yo benefisye depi kounye a de chak nouvo pwogrè nou ka ofri yo.
K: Ki jan ou wè lavni tretman dyabèt pandan gwosès?
Powe: Nan lavni, mwen kwè ke chak moun ki vin ansent ak yon dyagnostik dyabèt, oswa ki resevwa yon dyagnostik dyabèt jestasyonèl, pral gen pwofil òmón ak jenetik inik yo analize. Sa ap ede nou devlope opsyon plan swen pou trete dyabèt yo pandan gwosès la, lè n ap itilize tout teknoloji ki disponib yo. An menm tan, chak pasyan ap gen yon ekip doktè ak lòt pwofesyonèl sante. Ekip la ap pran an konsiderasyon abitid chak jou, valè, difikilte pèsonèl ak obstak nan sistèm yo avèk respè. Konsa, y ap ka fè yon plan swen ki mache pou pasyan an.