false

Trete tout atlèt tankou pwofesyonèl: Kesyon ak Repons avèk doktè ekip Boston Red Sox la, Eric Berkson, MD

Kontribitè
Eric Berkson, MD
Imaj yon lansè bezbòl ki voye yon boul.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/252378

Eric Berkson, MD, se yon chirijyen òtopedik nan Mass General Brigham Sports Medicine ki espesyalize nan operasyon jenou konplike, tankou operasyon pou rebati jenou ak repare katilaj. E kòm yon pati nan wòl li, li sipèvize tou swen pou atlèt nan lekòl segondè, kolèj, ak atlèt pwofesyonèl. Nan kesyon-repons sa a, Doktè Berkson pale sou travay li ak ekip doktè Boston Red Sox la, sou swen li bay atlèt tout laj ak sou fason nouvo Center for Sports Performance and Research, yon sant pou pèfòmans ak rechèch nan espò, pral chanje rechèch ak tretman nan medsin espò.

K: Ki wòl ou ak Red Sox yo?

Berkson: Mwen se doktè ekip pou Red Sox yo depi plizyè ane. Peter Asnis, MD, se doktè an chèf ekip la. Wòl mwen se sitou ede li ak lòt manm ekip swen an pran swen jwè Red Sox yo, anplwaye yo ak fanmi yo. Mwen la jou match yo, mwen pran swen blesi nenpòt lè yo bezwen yon evalyasyon, epi mwen travay pou jwenn pi bon plan tretman an, kèlkeswa pwoblèm oswa blesi a.

K: Èske ou ka pale plis sou fason ekip la travay ansanm pou bay swen?

Berkson: Doktè Mass General Brigham yo gen anpil ane eksperyans nan bay ekip espòtif pwofesyonèl nan Boston yo swen medikal. Mwen te kòmanse fè eksperyans sa a lè mwen t ap fè fòmasyon espesyalize mwen nan Mass General. Sa mwen te aprann nan men konseye mwen yo se yon apwòch nou toujou kenbe nan fason nou pran swen tout ekip yo. Pran swen yon atlèt pwofesyonèl se menm jan ak fason nou pran swen nenpòt lòt moun ki vin chèche swen.

Lè n ap pran swen yon ekip pwofesyonèl, nou ka konte sou tout lòt resous ki disponib pou ede nou. Gen espesyalis nan chak domèn ki gen ekspètiz ki ka ede nou rezoud pwoblèm. Nou gen yon doktè medsin entèn ki la avèk nou pandan match yo, epi li ede nou pran kèk desizyon medikal. Doktè ki responsab sèvis la chak swa se li ki fè tout evalyasyon ki gen rapò ak medsin espò. Si yon jwè blese, yon espesyalis nan domèn nan ap evalye li, epi souvan nou jwenn opinyon lòt ekspè tou.

Manm ekip swen an kominike youn ak lòt, sa ki pèmèt tout moun sa yo pran desizyon ansanm. Se yon fason plizyè espesyalis travay ansanm, ki fè swen jwè yo resevwa yo sanble nan yon pi wo nivo.

K: Kijan yon jounen nòmal match ak Red Sox yo ye?

Berkson: Mwen rive plizyè èdtan anvan match la kòmanse pou m pran swen nenpòt moun k ap geri apre yon blesi. Gen plizyè santèn moun nan òganizasyon an ak nan lig minè yo, kidonk toujou gen anpil moun nan divès etap reyabilitasyon. Erezman, jwè yo pa blese souvan pandan match bezbòl, men lè yo rive, li ka grav anpil. Pran swen yon jwè ki resevwa yon boul rapid nan tèt li a yon vitès sanmil a lè ka reprezante yon gwo defi. Men mwen la tou pou m deside si yon jwè gen yon blesi ki grav oswa ki pa grav, epi pafwa jis konprann sa k ap pase sou plan medikal la ede ekip la pran pi bon desizyon pandan match la.

K: Kouman ou aplike sa ou aprann ak atlèt pwofesyonèl yo nan travay ou ak atlèt amatè oswa moun ki fè espò nan wikenn?

Berkson: Pran swen atlèt pwofesyonèl se yon opòtinite pou pouse medsin nan limit li. Jwè yo ap resevwa swen nan men antrenè yo 24 èdtan pa jou epi pwosesis reyabilitasyon an byen òganize epi yo kontwole pwogrè yo regilyèman. Gras ak sa, nou ka travay avèk yon atlèt pou pouse limit yo epi ede l retounen sou teren an pi vit posib. Sa ede nou konprann tou ki blesi ki gen konsekans ak kiyès ki pa genyen.

Nou sèvi ak eksperyans sa a pou ede pasyan nou pran swen chak jou yo, menm si yo pa gen menm nivo sipò ak atlèt yo, paske yo kapab jwenn menm kalite rezilta. Mwen atann pou m reponn lòt pasyan mwen yo menm jan mwen reponn ekip Red Sox la.

Mwen panse lè ou se yon doktè ekip, sa mande pou ou toujou nan pi bon nivo ou. Ou bezwen konnen dènye tretman yo, epi sa ka aplike pou tout pasyan nou yo. Finalman, swen an se menm bagay la kit ou se yon atlèt amatè oswa yon pwofesyonèl, men travay ak ekip yo pèmèt nou ofri pi bon swen pou tout moun.

Mwen panse lè ou se yon doktè ekip, sa mande pou ou toujou nan pi bon nivo ou. Ou bezwen konnen dènye tretman yo, epi sa ka aplike pou tout pasyan nou yo. Finalman, swen an se menm bagay la kit ou se yon atlèt amatè oswa yon pwofesyonèl.

Eric Berkson, MD

  • Orthopaedic Surgeon and Boston Red Sox Team Physician
  • Mass General Brigham

K: Ki blesi ou wè pi souvan nan mitan jwè Red Sox yo oswa nan mitan jwè bezbòl an jeneral?

Berkson: Nou wè anpil blesi nan koud, anpil blesi nan ligaman kolateral, ak lòt blesi tankou doulè nan jenou ak atrit. Sa yo se kalite bagay ki ta ka rive nenpòt moun k ap jwe bezbòl, kèlkeswa nivo a. Men, paske jwè Red Sox yo antrene anpil, pwoblèm sa yo ka afekte yo plis.

K: Pandan w ap pran swen atlèt lekòl segondè oswa kolèj, èske gen nenpòt bagay atlèt ki pi jèn yo ta dwe sonje pou yo evite blesi?

Berkson: Mwen panse nou tout konprann lè yon timoun espesyalize nan yon sèl espò twò bonè, sa ka bay pwoblèm. Nou konprann prevansyon blesi pa sèlman yon kesyon teknik. Li mande tou pou tout kò a byen prepare fizikman. Jwè ki rive nan nivo pwofesyonèl yo konprann sa trè byen. Men, si nou ta ka anseye jèn atlèt yo reflechi nan menm fason sa a, sa ta ede anpeche blesi.

Men tou, tout moun gen risk pou yo fè fas ak diferan pwoblèm selon gwoup laj yo. Tank ou ap vyeyi, jwenti yo sibi plis estrès, ou gen atrit pi souvan, epi li vin pi fasil pou gen blesi akòz ou fòse kò ou twòp. Se poutèt sa, li toujou enpòtan pou pa konsantre twòp sou yon sèl aspè nan espò ou epi pou fè lòt kalite antrènman tou. Ranfòse tout kò a epi amelyore kondisyon fizik ka ede evite pwoblèm sa yo.

K: Èske ou ka pale sou travay ou nan devlope nouvo Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espò (CSPaR)?

Berkson: Yo te ban nou yon gwo opòtinite pou nou kreye Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espòtif la, kòm yon ekstansyon Medsin Espò Mass General Brigham, pou nou etidye aspè byennèt la anplis aspè blesi yo. Nou itilize apwòch sa a pou nou chèche konnen kijan moun ka rete anfòm, evite blesi epi sèvi ak menm prensip sa yo pou yo bay pi bon pèfòmans yo, kèlkeswa aktivite yo ap fè. Objektif CSPaR se sèvi ak yon apwòch ki baze sou syans pou gide antrènman ak rekiperasyon apre blesi, epi ede moun evite lòt blesi alavni pou yo ka rive nan yon pi wo nivo nan espò yo chwazi a.

Nou sèvi ak sa nou aprann kòm doktè ekip, ansanm ak èd antrenè ki gen anpil eksperyans nan ranfòsman kò ak preparasyon fizik. Konsa, nou ka amelyore fason nou ede pasyan yo refè epi antrene pou yo jwenn pi bon rezilta. Sa vrèman enteresan.

K: Kijan ou espere yon sant tankou sa a pral gen enpak sou fason ou trete pasyan ki fè espò yo alavni?

Berkson: Kounye a lè nou trete yon pasyan, nou gen tandans eseye fè yo retounen nan espò. Kalite sant sa a ka ede nou etidye fason pasyan yo refè, pa sèlman apre yon blesi, men tou kijan pou ede yo evite lòt blesi alavni. Nou ap aprann kijan pou ede moun rete sou teren an, pou yo ka kontinye fè sa yo renmen plis pase tout lòt bagay.

Sa ki enteresan nan sant sa a, se li fè rechèch sou fason kò a bouje, epi li sèvi tou kòm yon sant antrènman. Grasa teknoloji a, n ap kapab kontinye etidye fason kò a bouje pandan espò epi konprann ki jan blesi rive oswa repete.

Anpil nan rechèch mwen yo konsantre sou blesi mouvman repete lakòz lè moun ap lanse boul. Pa egzanp, mwen etidye kijan voye boul ak bra anlè plizyè fwa ka lakòz blesi. Kounye a, nou ka pran rezilta rechèch sa a epi aplike yo dirèkteman nan pwotokòl antrènman pou moun k ap refè apre yon blesi oswa pou moun ki la sèlman pou antrene. Nou fè rechèch pratik epi nou devlope nouvo konesans syantifik pou benefis pasyan nou yo. Sa ki bon nan Mass General Brigham, se mwen ka fè toude: pran swen pasyan epi fè rechèch sou fason pou evite blesi.

Objektif final CSPaR se pran sa nou aprann nan travay nou ak ekip pwofesyonèl yo epi aplike l pou chak atlèt nan lavi chak jou. NNou mete antrenè ak nitrisyonis disponib, ansanm ak ekspètiz medikal nou, pou evalye pasyan yo pandan y ap antrene epi pi byen konprann fason kò a refè apre blesi ak fason blesi yo rive. Nou te gen yon siksè remakab nan bay ekip pwofesyonèl yo swen, epi volonte Mass General Brigham pou fè pasyan yo benefisye sa nou aprann nan se yon bagay ki merite admirasyon e ki vrèman enteresan.

primary
internal
Aprann plis sou sèvis Medsin Espò Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine