false

Kijan pou anpeche nwayad

Timoun ki mete jile sovtaj pou anpeche nwayad
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3005800

Nwayad ka rive nenpòt moun, nenpòt kote—epi li pi komen pase sa w ka panse. Chak jou nan Etazini, gen 11 nwayad ki lakòz lanmò ak 22 nwayad ki prèske lakòz lanmò. E se yon kòz prensipal lanmò pami timoun.

“Paran yo pa ka toupatou pou yo gade pitit yo chak segonn nan jounen an,” di Ari Rishon Cohen, MD, yon doktè nan Mass General Brigham for Children ki dirije swen ijans pou timoun nan Massachusetts General Hospital. “Men, alantou sèten kote, nou bezwen pi vijilan—kote tankou pisin, lak, ak oseyan. Sa pran sèlman yon ti moman distraksyon pou yon bagay terib rive.”

Risk nwayad la pi wo si w ap viv nan yon zòn ki gen anpil pisin oswa kote ou ka ale nan lak, rivyè oswa lòt kote ki gen dlo natirèl. Men, ou pa bezwen aksè ak yon gwo vas dlo pou w nwaye. “Nwayad rive nan twalèt, basen, bokit, fontenn, ti pisin pou tibebe, pwi,” Doktè Cohen di. “Toujou gen kote timoun ka nwaye. Se poutèt sa ou dwe rete vijilan devan tout danje sa yo.”

Fè yon plan pou sekirite nan dlo.

Doktè. Cohen di youn nan metòd ki pi efikas pou anpeche nwayad se mete yon sistèm an plas pou siveye timoun yo ak anpil atansyon.

“Bay yon moun responsablite pou siveye chak timoun. Si m panse madanm mwen ap gade yo men li panse se mwen k ap gade yo, lè sa a li posib pou pèsonn pa gade yo. Se poutèt sa li enpòtan pou toujou gen yon moun ki responsab chak timoun,” li di.

Pa egzanp, ou ka bay chak timoun yon granmoun pou siveye l. Oswa ou ka bay yon granmoun responsab pou sipèvize tout moun pou yon sèten peryòd tan. Granmoun k ap sipèvize a ta dwe mete telefòn selilè l atè epi evite lòt aktivite. “Si moun sa a bezwen ale nan twalèt, yo bezwen remèt responsablite sa a bay pwochen moun nan, oswa retire timoun yo nan dlo a,” Doktè Cohen ensiste. “Ou ka itilize nenpòt sistèm ki mache pou ou, men ou ta dwe gen yon sistèm, epi tout moun dwe dakò pou respekte l.”

Pou timoun piti ak timoun ki poko gran, granmoun k ap sipèvize a dwe toujou rete nan yon distans kote li ka lonje men l pou l touche timoun l ap siveye yo.

Pou timoun ki pi gran yo, tankou adolesan, li sijere tou pou ou:

  • Ensiste pou chak timoun gen yon granmoun pou siveye l.
  • Mete lè pou tcheke yo regilyèman.
  • Asire w yo bwè ase dlo pou yo pa twò fatige pou yo naje byen.

Konnen kote w pral naje a ak règleman yo.

Yon lòt fason enpòtan pou amelyore sekirite timoun yo nan dlo se chèche enfòmasyon sou zòn kote w gen plan pou naje a davans. Konnen ki jan anviwònman an ye epi ki risk ki genyen nan zòn patikilye sa a. Lè sa a, lè w rive, eksplike timoun yo kote yo ka ye ak kote yo pa ka ye.

Pa egzanp, ou dwe konnen:

  • Ki kote ak ki lè moun k ap veye benyè yo ap travay
  • Si dlo a fon ase pou plonje, paske blesi nan tèt ki soti nan plonje ka mennen nan nwayad
  • Kouran ki rale moun lwen rivaj ak kouran anba dlo, ansanm ak fason pou naje si w pran nan yo
  • Ki kote wòch yo ye, paske yo ka lakòz divès blesi ki ka mennen nan nwayad
  • Si gen anpil zèb lanmè ki ka anmele nan bra ak janm moun
  • Distans ou pral gen pou naje, ki ka difisil pou jije oswa estime kòrèkteman, sitou distans rive bò rivaj la

Anvan tout bagay, konnen règleman yo—epi swiv yo. “Gen direktiv sekirite trè espesifik pou plaj ki endike kilè li an sekirite epi kilè li pa an sekirite pou naje. Si drapo a wouj, pa naje, epi pa kite pitit ou yo naje lè risk la twò wo. Règ sekirite nan pisin yo fèt tou pou pwoteje w,” Doktè Cohen di. “Si w pa swiv direktiv sa yo, sa ap sèlman mete w nan pwoblèm.”

Gen direktiv sekirite trè espesifik pou plaj ki endike kilè li an sekirite epi kilè li pa an sekirite pou naje. Si drapo a wouj, pa naje, epi pa kite pitit ou yo naje lè risk la twò wo. Règ sekirite nan pisin yo fèt tou pou pwoteje w. Si w pa swiv direktiv sa yo, w ap jis jwenn pwoblèm.

Ari Rishon Cohen, MD

  • Pediatric Emergency Medicine Physician
  • Mass General Brigham for Children

Aprann pitit ou yo naje, men rete vijilan.

Doktè. Cohen di li enpòtan pou aprann timoun yo naje. Men li avèti paran yo pou yo pa sipoze timoun ki konn naje yo otomatikman pwoteje kont nwayad.

“Aprann pitit ou yo naje enpòtan, men sa pa pwoteje yo 100%. Sa ka ba ou yon fo santiman sekirite. Pa egzanp, si pitit ou a naje trè byen nan yon pisin, sa diferan anpil de naje nan lanmè oswa lòt gwo dlo kote gen vag, zèb lanmè ak tout kalite lòt bagay ki ka distrè oswa deranje yon timoun ki abitye naje nan yon pisin kote dlo a kalm.”

Li ajoute ti bag pou flote ak braslè pou flote souvan fè paran yo santi pitit yo an sekirite alòske sa pa vre. Men, yon timoun ka nwaye menm lè l ap sèvi ak bagay ki ede l flote.

Plis konsèy sou sekirite nan dlo

Doktè. Cohen ak ajans kominotè yo rekòmande tou konsèy sekirite nan dlo sa yo:

  • Bati kloti pou antoure nenpòt pisin nèt.
  • Konsidere efè medikaman, alkòl ak pwoblèm sante. Pa egzanp, medikaman ak alkòl ka afebli kapasite yon moun pou l pran bon desizyon, epi pwoblèm sante tankou otis ka ogmante anpil risk pou yon moun nwaye.
  • Aprann fè CPR, yon teknik pou ede yon moun rekòmanse respire epi fè kè l bat ankò. Aprann tou sa pou w fè nan yon ijans.
  • Fè tout moun mete yon jile sovtaj pandan espò nan dlo, tankou monte bato ak monte sou planch ak pagay. Asire w li byen anfòm, epi toujou mete l kòrèkteman.
  • Mete kadna sou kouvèti twalèt yo si w gen yon timoun ki fèk aprann mache oswa yon timoun piti.
  • Toujou vide pisin pou tibebe, bokit ak lòt bagay ki kenbe dlo.
primary
internal
Jwenn plis konsèy pou kenbe fanmi w an sekirite ak an sante ete sa a.
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/summer-safety-tips