false

Premye Siy Twoub Newokonyitif Lakay Fanm

Kontribitè
Alexandra Touroutoglou, PhD
Yon granmè ap li ak pitit pitit gason l lan, ki chita sou janm li.

Maladi Alzheimer (AD) se kòz ki pi komen nan twoub newokonyitif lakay ti granmoun yo. Anpil moun ap mande tèt yo: Èske maladi a afekte gason ak fanm menm jan an?

Repons lan yon ti jan konplike, dapre Alexandra Touroutoglou, PhD, yon syantifik newoloji nan Mass General Brigham. Doktè. Touroutoglou travay nan Mass General Research Institute epi li se direktè operasyon imajri nan Mass General's Frontotemporal Disorders Unit. Li te fè yon prezantasyon dènyèman pou Divizyon Jesyon Swen Sante ak Sekirite ak Sante nan Travay Nasyonzini an, kote li te diskite sou rechèch li sou fason pou prezève memwa ak anpeche “vyeyisman” sèvo a.

Doktè. Touroutoglou eksplike poukisa gen plis fanm pase gason k ap viv ak maladi Alzheimer a ak fason pou rekonèt premye sentòm maladi a.

Faktè risk maladi Alzheimer a

Ozetazini, prèske 2 sou 3 moun ki gen maladi Alzheimer a se fanm. Men chif sa a ka twonpe, se sa Doktè. Touroutoglou di. Pandan moun ap vin gen plis laj, risk yo genyen pou yo fè maladi Alzheimer a ogmante. Piske fanm viv pi lontan pase gason, gen plis fanm k ap pran laj tou k ap viv ak maladi Alzheimer a.

Lè w gade gason ak fanm ki gen menm laj, li pa klè si fanm yo gen plis risk. "Rechèch sou sa a pa bay rezilta definitif," li di. Gen kèk etid ki sijere ke ta ka gen diferans ant gason ak fanm nan risk pou devlope maladi Alzheimer akòz byoloji—tankou diferans jenetik oswa wòl òmòn fi tankou estwojèn. Poutan, Syantis yo toujou ap eksplore posibilite sa yo.

Li klè, sepandan, ke twa faktè prensipal ogmante risk pou twoub Alzheimer, kèlkeswa sèks:

  • Laj: Vyeyisman se faktè risk ki pi enpòtan pou maladi Alzheimer. Malgre gen yon fòm maladi Alzheimer ki afekte moun ki gen mwens pase 65 lane, pifò moun ki gen maladi a gen plis laj. Maladi Alzheimer afekte 17% moun ki gen laj 75 a 84 lane, ak 32% moun ki gen 85 lane oswa plis.
  • Jenetik: Chèchè yo jwenn kèk jèn ki lye ak yon risk ki ogmante. Jèn ki pi grav yo idantifye jiska prezan an rele APOE-e4.
  • Antesedan sante familyal: Moun ki gen yon paran oswa yon frè oswa sè ki gen maladi Alzheimer gen plis chans pou devlope maladi a tou.

Si ou menm oswa yon moun ou renmen ap fè eksperyans siy sa yo, pi bon bagay pou fè se pale ak doktè w epi pran yon randevou pou wè yon espesyalis.

Alexandra Touroutoglou, PhD

  • Syantis newoloji, Mass General Brigham

Premye siy maladi Alzheimer

Pifò moun fè eksperyans kèk chanjman nan memwa yo pandan y ap vin pi gran. "Bliye se yon pati nòmal nan vyeyisman." Ou ka bliye non yon moun, pa egzanp, oswa antre nan yon chanm epi di tèt ou, 'Kisa m te vin fè la a?,'" se sa Doktè. Touroutoglou di. "Si ou ka retounen sou sa ou te fè pou sonje sa ou t ap fè, oswa sonje yon bagay pita avèk yon rapèl, sa se bliye nòmal."

Bliye nòmal pa bay pwoblèm ak kapasite w pou viv poukont ou. "Nan maladi Alzheimer a, bliye a kòmanse deranje endepandans yon moun ak lavi chak jou li epi pafwa menm sekirite li," se sa li ajoute.

Premye siy komen maladi Alzheimer a enkli:

  • Poze menm kesyon yo sou yon kout peryòd tan
  • Souvan pèdi bagay
  • Difikilte pou jwenn mo (pwoblèm pou sonje mo lè w ap pale ak ekri)
  • Difikilte ak planifikasyon ak rezoud pwoblèm
  • Bliye peye bòdwo yo oswa bliye ke ou te achte yon bagay epi achte l ankò
  • Retrè nan aktivite sosyal
  • Chanjman nan atitiid ak pèsonalite, tankou devlope depresyon oswa enkyetid

Chanjman sa yo komen nan moun tout sèks ki devlope maladi Alzheimer. "Si ou menm oswa yon moun ou renmen ap fè eksperyans siy sa yo, pi bon bagay pou fè se pale ak doktè w epi pran yon randevou pou wè yon espesyalis," se sa Doktè Touroutoglou di.

Rechèch sou twoub newokonyitif nan Mass General Brigham

Chèchè Mass General Brigham yo se lidè nan rechèch sou maladi Alzheimer ak lòt kalite twoub newokonyitif. Rechèch sa a ka mennen nan nouvo tretman ak nouvo metòd pou anpeche pèt memwa.

Doktè. Touroutoglou ak kòlèg li yo etidye granmoun ki kenbe yon bon memwa ak fonksyon nan sèvo yo byen pandan yo avanse nan laj. Granmoun sa yo rele "superagers, (sipè aje)" epi yo ka gen endis pou anpeche twoub newokonyitif. "Diminisyon memwa ka yon pati nòmal nan pwosesis vyeyisman an, men li pa inevitab." Gen kèk granmoun ki evite kontraksyon nan sèvo ak pèt memwa ki tipikman mache ak laj," se sa li eksplike. "Sèvo yo rete jèn—imajine yon sèvo 25 lane nan yon kò 75 lane."

Yo panse maladi Alzheimer a sitou koze pa mwayen de pwoteyin nan sèvo a, tau ak beta amiloyid. Yon fason enteresan, moun ki gen memwa eksepsyonèl ke Doktè Touroutoglou ap etidye yo gen beta amiloyid nan sèvo yo, men li pa sanble lakòz pwoblèm. "Yo jwenn yon jan pou yo pa trape maladi Alzheimer a, malgre ke yo gen menm nivo amiloyid nan sèvo yo ak granmoun tipik," se sa li di.

Superagers (moun ki gen memwa eksepsyonèl) yo, li te jwenn, sanble gen plis koneksyon ant selil nan sèvo yo pase lòt granmoun. Konklizyon sa a te mennen nan yon esè klinik maladi Alzheimer k ap fèt nan Mass General. Doktè. Touroutoglou ak kòlèg li yo ap trete moun ki gen maladi Alzheimer bonè pandan l ap sèvi avèk estimilasyon mayetik transkranyen (TMS).

TMS itilize chan mayetik pou estimile selil nan sèvo a. Objektif li se amelyore koneksyon ant selil nan sèvo yo—epi, nou swete, diminye pèt memwa ak lòt sentòm maladi Alzheimer (AD). “Etidye moun ki gen yon memwa eksepsyonèl (superagers) ka mennen nou dekouvri nouvo fason pou anpeche oswa trete twoub newokonyitif,” se sa li di.

Anpeche maladi Alzheimer

Doktè Touroutoglou ak kòlèg li yo kontinye etidye nouvo fason pou anpeche AD. Men, depi kounye a, lasyans montre konpòtman ki ka pwoteje kont maladi a.

Aktivite sa yo ka ede diminye risk twoub ou yo:

  • Fòmasyon Konyitif: “Li pa klè ke jwe jwèt pou sèvo sou telefòn ou oswa òdinatè w ap ede,” se sa Doktè Touroutoglou di. “Men, ou ka ogmante chans pou w gen yon sèvo an sante lè w patisipe nan aktivite tankou li, sosyalize, epi aprann yon nouvo konpetans,” se sa li di.
  • Sante kè: Maladi kè se yon faktè risk pou demans. Kontwole tansyon epi pran lòt mezi pou kenbe kè w an sante ka pwoteje sèvo w tou.
  • Manje byen: Yon rejim alimantè ki an sante lye ak yon risk pi ba pou twoub. “Yon rejim alimantè ki bon pou kè a se yon rejim alimantè ki bon pou sèvo a tou,” se sa Doktè Touroutoglou di.
  • Egzèsis: Aktivite fizik regilye ka amelyore sante sèvo w. “Ou pa oblije kòmanse kouri yon maraton.” Men, ou ta dwe asire w rete aktif fizikman. “Ou ta dwe pale ak doktè w pou w wè sa ki fè sans pou ou,” se sa li di.

Lide pèt memwa ka boulvèse granmoun k ap pran laj, sitou moun ki gen yon risk jenetik ogmante pou maladi Alzheimer. Ou ka kontinye viv yon lavi ki gen sans apre ou fin resevwa yon dyagnostik twoub newokonyitif. Lè ou rekonèt siy bonè maladi a, ou ka jwenn yon dyagnostik alè epi kòmanse fè plan pou jere sentòm yo.