false

Kijan pou amelyore pèfòmans atletik ou

Kontribitè
Mark Murphy, DPT
Yon jèn gason ap fè yon evalyasyon kondisyon fizik; li mete yon mayo wouj ak yon senti espesyalize ki tache ak yon aparèy egzèsis.

Kit ou se yon atlèt k ap chèche amelyore pèfòmans ou, kit ou se yon moun ki renmen fè espò nan wikenn epi ki vle kenbe yon vi ki bon pou sante, ou bezwen kòmanse ak yon mantalite ki an sante. Pou w amelyore pèfòmans atletik ou, sa mande yon konbinezon egzèsis, nitrisyon, konsistans ak devouman. “Rete anfòm epi an sante ale pi lwen pase sa k ap pase nan jimnastik la; amelyore pèfòmans atletik depann de etabli yon woutin an sante kote atlèt la idrate regilyèman, alimente kò l nan yon fason apwopriye, epi optimize dòmi ak rekiperasyon,” di Mark Murphy, DPT, Responsab Syans Espò Aplike ak Rekondisyone nan Mass General Brigham. “Se sou angaje w pou amelyore sante w epi devlope pi bon abitid swen tèt ou. Egzèsis se kle a, men mwen toujou pale ak atlèt yo sou enpòtans sa yo fè pandan tan repo yo.”

Bon alimantasyon pou espò bay kò w enèji epi li ede w refè.

Yon bon alimantasyon bay kò w enèji li bezwen pou l fè pi bon pèfòmans pandan aktivite fizik. Li bay tou eleman nitritif ki nesesè pou repare epi rebati tisi yo apre egzèsis. Konprann kijan manje nouri kò w ede w chwazi yon rejim alimantè ki favorize pèfòmans nan espò.

Poukisa glusid yo enpòtan pou atlèt yo

Glusid yo se sous enèji prensipal pou atlèt yo. Yo ogmante enèji nan bay misk yo glikoz, ki estoke lokalman nan misk la kòm glikojèn pou pouvwa eksplozif sou demann. Konsomasyon glusid ki fèt nan bon moman esansyèl pou bon rekiperasyon, sitou pou atlèt ki angaje nan aktivite gwo entansite. Yo ranplase glikojèn kò w itilize, ede repare misk ou, diminye fatig apre egzèsis epi ede w refè pi vit.

Men bon sous glusid ki ka ede atlèt fè pi bon pèfòmans:

  • Grenn antye tankou avwan, lòj ak diri mawon
  • Legim ki rich nan lanmidon, tankou pòmdetè, bètrav ak kalbas
  • Fwi tankou pòm, zoranj, bannann ak ti fwi tankou frèz
  • Pen ak pat alimantè ki fèt ak ble antye
  • Legim sèk tankou pwa ak pwa frans

Anpil byenfè pwoteyin yo

Manje ase pwoteyin se yon lòt fason enpòtan pou amelyore pèfòmans ou nan espò. Pwoteyin yo fòme eleman debaz pou kwasans ak reparasyon misk yo. Yo ede tou kenbe misk ou, soutni sistèm defans kò w, ede kò w sèvi ak enèji epi ede w refè.

Men manje ki rich nan pwoteyin ki ka ede atlèt fè pi bon pèfòmans:

  • Blan ze
  • Poul, kodenn, vyann bèf ak lòt vyann mèg
  • Pwason
  • Pwoteyin ki soti nan likid ki rete lè yo fè fwomaj ak lèt
  • Yogout grèk

Pwoteyin ki soti nan bèt se pa sèl chwa a, men anpil atlèt wo nivo chwazi l paske kò a absòbe l epi sèvi avè l fasil. Byodisponibilite refere a jan li fasil pou dijere yon kalite pwoteyin, dapre konpozisyon asid amine li yo. Si ou chwazi konte sou pwoteyin altènatif oswa ki baze sou plant, li enpòtan pou konprann pousantaj absòpsyon yo ak kijan kò ou ka itilize yo efektivman. Sa vle di ou dwe fè atansyon pou asire w ap jwenn ase pwoteyin bon jan kalite pou satisfè bezwen ou lè w pa manje opsyon ki baze sou bèt. Li plis sou konbyen pwoteyin ou ta dwe pran lè w ap fè egzèsis.

Grès ki bon pou sante pou amelyore pèfòmans nan espò

Lè yo konbine avèk glusid ak pwoteyin, grès ki bon pou sante, tankou grès monoensatire ak poliensatire, kreye yon rejim alimantè byen ekilibre pou pèfòmans atletik. Yo absòbe vitamin, kontwole tanperati kò a, pwodui òmòn, epi ede pwoteje ògàn ou yo. Men kèk bon sous grès:

  • Avoka
  • Ze
  • Nwa ak grenn
  • Pwason ki rich nan grès omega-3, tankou somon, twit ak aran
  • Lwil kokoye, lwil len ak lwil oliv

Rete byen idrate

Kò ou bezwen bon kantite likid pou l fonksyone kòrèkteman. Si ou se yon atlèt, li enpòtan anpil pou w byen idrate kò w anvan, pandan, epi apre egzèsis, yon fason pou w ka ranplase likid ou pèdi nan swe pandan aktivite a. Bwè ase likid ede kontwole tanperati kò w, ede kè w ak lespri w fonksyone byen epi kenbe enèji w.

Dlo se pi bon chwa pou pifò antrennman chak jou. Sepandan, konsome yon bwason espòtif ki gen elektwolit itil lè w ap fè aktivite atletik ki gen gwo entansite pandan yon bon bout tan. Elektwolit yo ede anpeche dezidratasyon, ki ka lakòz kranp nan misk, yon tanperati kò ki ba, fatig ak vètij.

Jwenn plis konsèy pou atlèt rete idrate nan men yon espesyalis nan medsin espò nan rezo swen sante Mass General Brigham.

Antrennman ak kondisyon fizik pou atlèt

Fikse objektif klè ou ka mezire anvan ou prepare yon pwogram antrennman pou amelyore pèfòmans ou. Reflechi sou sa ou pi vle reyalize a. Gen kèk moun ki mezire atlètisite baze sou fòs, vitès, oswa andirans. Gen lòt ki konsantre sou teknik ak devlopman konpetans. Nan Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò Mass General Brigham, antrenè tankou Murphy ede kliyan fikse objektif yo ka atenn, amelyore mouvman yo, fè pi bon pèfòmans epi refè byen.

Adapte antrennman ou yo selon objektif presi ou yo

Si objektif prensipal ou se vin pi pisan, konsantre sou egzèsis kote misk ou travay kont yon rezistans. Pou vitès ak ajilite, eseye antrennman aewobic ki gen gwo entansite. Si w ap amelyore ladrès ou nan yon espò, konsantre sou teknik ak egzèsis pou espò sa a.

Varye antrennman ou yo

Si w toujou fè menm antrennman an, sa ka vin raz epi li ka pa bay pi bon rezilta yo. Se poutèt sa antrenè nan Sant lan rekòmande pou swiv "règ twa a" lè w chanje antrennman w chak twazyèm sesyon. Menm yon ti chanjman nan antrennman ou ka ede w kontinye pwogrese, pwoteje jwenti w epi diminye risk pou w blese lè w fè menm mouvman yo twòp.

Mezire pèfòmans ou

Teknoloji jodi a rann li fasil pou w swiv pwogrè ou. Soti nan aparèy ki ka mete sou kò a rive nan machin fòmasyon dènye kri, ou ka kontwole antrennman ou an tan reyèl epi sèvi ak done yo pou analize epi modifye woutin ou yo. Atenn objektif ki tabli yo epi fikse nouvo objektif se bon fason pou motive tèt ou.

Konplete rejim alimantè ou

Yon rejim alimantè ki an sante epi ki ekilibre amelyore pwogram fòmasyon jeneral ou. Sèten sipleman espòtif ak vitamin ale pi lwen pou ede ou atenn pèfòmans atletik maksimòm. Melanje elektwolit, probiotik, lwil pwason, ak lòt sipleman nan rejim nitrisyon espòtif ou ka bay divès benefis, soti nan sante kadyovaskilè ak jwenti rive nan yon sistèm iminitè ki pi an sante. Sepandan, li pi bon pou w pale ak nitrisyonis ou, doktè ou oswa antrenè atletik ou anvan ou pran nenpòt sipleman pou espò.

Pran tan pou w refè

Lè w ap fè egzèsis, kò w bezwen tan pou geri. Sinon, ou riske blese, sa ki ka deraye tout plan fòmasyon ou. Bay misk ak tandon ki twò travay tan pou repare epi rebati tèt yo. Repoze w, repran fòs ou epi pran tan pou w refè ant antrennman yo. Sa ap ede kò w ak lespri w pare pou pwochen antrennman an.

Aprann plis sou teknik rekiperasyon pou atlèt.

primary
internal
Aprann plis sou Sant Mass General Brigham pou pèfòmans espòtif ak rechèch.
/content/unified-xwalk/ht/services/center-sports-performance-research