false

Kijan pou sispann yon blesi ki ap senyen

Kontribitè
Phillip L. Rice, Jr., MD
Kontwòl senyen ijans: Kijan pou sispann san k ap koule

Ijans kote gen san k ap koule ka rive toudenkou epi yo varye anpil nan gravite yo. Pifò ti koupe pa egzije koud oswa lakòz yon pèt san danjere, men kèk blesi ka grav.

Konnen kijan pou kontwole epi sispann san k ap koule ka sove lavi nan ka kote gen blese grav, blese pwofon, blesi ki koze pa kout zam oswa eksplozif, oswa lòt blesi ki fèt ak objè pwenti. Moun ki bay premye swen yo pran an mwayèn 7 a 10 minit pou rive lè yo kontakte yo, men yon moun ki blese grav ka bay san jiskaske li mouri nan mwens ke 5 minit.

Doktè ijans Mass General Brigham ak ansyen Prezidan Medsin Ijans nan Salem Hospital, Phillip L. Rice, Jr., MD, prezante etap sa yo ou ka swiv nan yon ijans kote gen san k ap koule:

Etap 1: Egzamine blesi a epi rele pou mande èd.

Lè yon moun parèt gen yon blesi grav, eseye byen vit konprann nati ak gravite blesi a.

Sa pou w fè:

  • Retire nenpòt rad, bijou, oswa lòt atik ki ka kouvri blesi a oswa ki fè li pi difisil pou jwenn aksè ak li.
  • Eseye evalye gwosè ak pwofondè blesi a.
  • Rele 9-1-1 si blesi a sanble fon, oswa grav, oswa si li sanble ap pèdi yon gwo kantite san.

Sa pou w pa fè:

  • Pa eseye retire oswa ekstrè yon objè nan yon blesi.
  • Netwaye blesi a.
  • Deplase moun ki blese a, sof si li nan yon kote ki toujou danjere pou li.

Etap 2: Rete san k ap koule nan yon blesi.

Jis rete san k ap koule nan yon blesi grav kapab bagay ki pi enpòtan ou ka fè jiskaske sekouris ijans yo rive, oswa ou kapab transpòte moun ki blese a nan yon lopital oswa yon lòt etablisman medikal ki toupre.

Sa pou w fè:

  • Kouvri blesi a ak yon pansman esteril (si sa disponib) oswa yon twal pwòp.
  • Aplike presyon dirèk sou blesi a jiskaske san an kanpe (eksepte nan ka ki note anba yo).
  • Ajoute kouch siplemantè pansman pou kontwole san k ap koule a si san an tranpe premye pansman an.
  • Leve blesi a pi wo nivo kè a si sa posib.
  • Kenbe moun ki blese a kouche otank posib jiskaske èd ijans rive oswa jiskaske ou fin transpòte li.
  • Kouvri moun lan ak yon dra, yon jakèt, oswa yon lòt bagay ki disponib si l ap tranble oswa si l montre siy chòk.

Pa fè:

  • Presyon sou yon blesi nan je oswa nan tèt, oswa sou nenpòt blesi kote gen yon objè ki antre ladan.
  • Sèvi ak yon tourniquet (band pou sere mare yon manm) si ou pa resevwa fòmasyon pou itilize youn kòrèkteman.

Si sa nesesè, ou kapab aplike tout etap sa yo sou tèt ou tou si pa gen pèsonn ki la pou ede w.

Ki sa emoraji (“bay san, san rete”) ye?

Emoraji se yon kalite gwo ekoulman sa ki pa kontwole. Li ka rive anndan kò a oswa soti nan yon blesi ki deyò kò a. Egzanp ekoulman san entèn yo se ekoulman san ki soti nan blesi pwofon oswa aksidan vaskilè serebral emorajik. Ijans sa yo mande atansyon medikal imedya. Efè pèt san anndan kò a mwens evidan, men yo ka danjere menm jan ak sa ki soti nan blesi ekstèn.

Pafwa, moun itilize tèm "bay san jiskaske yo mouri" (bleeding out) pou dekri emoraji. Sa gen ladan l emoraji ekstèn ak entèn. Tou de enplike pèt san rapid, ekstrèm, epi yo ka mete lavi an danje.

Efè pèt san

Menm si senyen an entèn, ou ka rekonèt siy emoraji yo. Sa yo enkli:

  • Respirasyon fèb oswa fon
  • Doulè nan pwatrin
  • Ogmantasyon swe
  • Bès nan tansyon
  • Konfizyon
  • Vètij
  • Pèt konesans
  • Bouch oswa zong ble, vyolèt, oswa ki chanje koulè

Kijan pou itilize yon tourniquet

Yon tourniquet se yon bann ou sere nan yon manm (bra oswa janm), anjeneral anlè yon blesi, pou sispann sikilasyon san ki soti nan yon gwo veso sangen ki kraze oswa koupe. Yon tourniquet ka anpeche pèt san twòp epi anpeche yon moun senyen san rete, men li ta dwe itilize sèlman nan sitiyasyon senyen grav.

Swiv gid sa yo:

  • Itilize yon tourniquet sèlman si ou te resevwa fòmasyon pou itilize youn kòrèkteman.
  • Itilize sèlman tourniquet premye swen komèsyal (pa sèvi ak foula, senti, kòd, oswa lòt tourniquet enpwovize).
  • Itilize yon tourniquet sèlman pou blesi grav kote pèt san kritik evidan.

Gade yon gid vizyèl detaye sou kijan pou aplike yon tourniquet.

Nan sitiyasyon ijans kote gen senyen, mennen moun k ap senyen an nan yon lopital oswa yon lòt etablisman medikal pi vit posib, menm si ou te reyisi sispann senyen an. Pwofesyonèl medikal yo pi byen kapab adrese bezwen swen pou blesi grav.