Glas kont Chalè: Kiyès ki pi bon pou blesi w la?
Nick Woodard, DPT, ATC
Toujou gen yon nivo doulè ak enflamasyon ki asosye ak yon blesi. Men, ki pi bon fason pou trete l—glas oswa chalè?
“Doulè se fason kò nou fè nou konnen gen yon blesi e kò nou ap eseye refè,” se sa Nick Woodard, DPT, ATC, yon fizyoterapis nan Mass General Brigham, di.
Woodard travay ak pasyan nan Wentworth Douglass Rehabilitative Services nan Marsh Brook. Li dekri fason ki pi bon pou itilize glas oswa chalè pou trete yon blesi.
Ki sa enflamasyon ye?
Enflamasyon se pwosesis gerizon natirèl kò nou. San li, nou pa t ap janm refè apre blesi nou yo.
Doulè ak enflamasyon nesesè pou kò a geri, men pafwa yo ka vin twòp. Tipikman, plis yon blesi grav, se plis doulè ak enflamasyon w ap santi.
Gen plizyè fason pou jere doulè ak enflamasyon. De nan fason yo itilize pi souvan se glas (tretman ak frèt) ak chalè (tretman ak chalè).
Glas
Pou blesi toudenkou ki fèt akòz yon chòk, tankou yon antòs nan jwenti oswa yon misk ki rale (detire), glas se premye mwayen pou kontwole doulè, enflamasyon ak anfle.
Pake glas yo aji lè yo:
- Diminye doulè lè yo ralanti vitès transmisyon siyal nan nè yo
- Diminye anfle lè yo fè veso sangen yo ratresi
- Diminye espasm nan misk
- Ralanti fason selil yo sèvi ak enèji
Gen lòt fason pou trete blesi ak frèt, anplis pake glas yo. Lòt fason pou trete blesi ak frèt se:
- Masaj ak tas glas
- Beny glas
- Machin konpresyon frèt
- Flit ki refwadi po a lè yo evapore
Kijan pou ou mete glas sou yon blesi
Lè w ap sèvi ak yon pake glas, mete youn oswa de kouch sèvyèt ant pake glas la ak po ou. Ou ta dwe mete yon pake glas pandan 15 a 20 minit pou jwenn efè ou vle yo.
Dezavantaj lè w sèvi ak glas pou blesi
Pa sèvi ak glas si ou gen youn nan pwoblèm sa yo:
- Pwoblèm sikilasyon san (maladi Raynaud)
- Bouton ki grate sou po a lè ou ekspoze ak frèt (itikè)
- Sansiblite pou manyen oswa pou doulè ki diminye nan zòn kote y ap mete glas la
- Po ou reyaji twòp ak frèt
- Tansyon wo oswa maladi veso sangen nan bra oswa janm
Si ou gen kesyon sou itilizasyon glas oswa chalè pou blesi espesifik ou a, antrenè espò ou a ap kapab gide ou sou ki metòd ki pral mache pi byen pou ou.
Nick Woodard, DPT, ATC
- Physical Therapist, Mass General Brigham
Chalè
Pou doulè nan misk ki dire lontan oswa doulè ki gen rapò ak atrit ki soti nan jwenti ki ize depi lontan, chalè ka pi itil. Li ede misk yo detann epi li kalme sistèm nève a.
Konprès cho yo fonksyone lè yo:
- Ogmante sikilasyon san nan tisi ki blese yo lè veso sangen yo elaji
- Fè tisi ki soutni kò a vin pi fasil pou detire
- Detann misk ki sere san kontwòl yo
- Fè selil yo sèvi ak enèji pi vit
Gen lòt fason pou trete blesi ak chalè tou:
- Beny nan basen toubiyon ak dlo tyèd
- Tretman ak lè cho k ap fè ti grenn sikile
- Tretman ak lazè
- Beny ak sir parafin
- Iltrason kontinyèl
- Aktivite fizik
Kijan pou ou mete chalè sou yon blesi
Lè w ap sèvi ak yon konprès cho, li enstriksyon li yo pou evite pwoblèm tankou boule.
An jeneral, konprès cho yo mande pou gen 6 a 8 kouch sèvyèt ant konprès la ak po a. Li enpòtan pou tcheke po a anba konprès cho a 5 minit apre premye aplikasyon an pou wè si gen twòp woujè, ti boul plen likid, ak siy woujè.
Dezavantaj itilizasyon chalè pou blesi
Pa sèvi ak chalè si ou gen youn nan pwoblèm sa yo:
- Blesi toudenkou ki fèt akòz yon chòk (antòs nan jwenti, misk rale oswa zo kase)
- Enflamasyon nan 6 premye jou apre yon blesi toudenkou
- Sansiblite nan manyen oswa nan doulè ki diminye nan zòn kote y ap aplike chalè a
“Menmsi glas ak chalè ka ede jere doulè ak enflamasyon, an jeneral, glas pi bon pou blesi toudenkou oswa blesi ki fèt akòz yon chòk. Chalè pi bon pou doulè ki dire lontan,” Woodard di. “Si ou gen kesyon sou itilizasyon glas oswa chalè pou blesi ou a, pwofesyonèl sante ki pran swen atlèt yo ka ede ou chwazi metòd ki pi bon pou ou.”