Amelyore so vètikal ou
Gregory Abbott MS, ATC, PES
Yon so vètikal ki pi wo se youn nan amelyorasyon atlèt yo pi chèche lè y ap antrene pou espò yo pratike. Sote dwat anlè enpòtan tou nan anpil konpetisyon espòtif.
Fè yon atak nan volebòl, fè konpetisyon nan so an wotè, rekipere yon boul baskètbòl apre yon tir rate, epi franchi obstak se tout egzanp sou fason so vètikal yon atlèt ka ba li avantaj sou konpetitè li yo.
“Anpil atlèt ap chèche bon pwogram pou ede yo reyalize objektif sa a,” dapre Gregory Abbott MS, ATC, PES, yon antrenè atletik nan Mass General Brigham, yon rezo swen sante. “Li enpòtan pou w konnen sa pou w chèche lè w ap chwazi yon pwogram pou w jwenn rezilta w ap chèche yo.”
Abbott resevwa pasyan nan lopital Wentworth-Douglass Hospital. Li eksplike ki pwogram fòmasyon ki ede amelyore so vètikal yon atlèt.
Ki misk ki ede ou sote dwat anlè?
Dapre Abbott, ou dwe konsidere plizyè bagay lè w ap prepare yon pwogram antrènman pou ede atlèt yo sote pi wo.
Plizyè gwoup misk pouse sou tè a pou fè yon atlèt sote dwat anlè. Gwoup misk sa yo sitiye nan:
- Anch
- Jenou
- Cheviy
Anvan yo kòmanse yon pwogram so vètikal, Abbott sijere pou atlèt yo asire yo gen ase fòs nan misk sa yo.
“Misk nan pati anba kò a dwe bay ase fòs pou pouse kò w kite tè a,” Abbott di.
Egzèsis pèsonalize, bay antanke yon pati nan yon pwogram kalite siperyè gras ak yon pwofesyonèl kalifye, ap ede w evite blesi epi pèmèt ou rive nan nouvo wotè.
Gregory Abbott MS, ATC, PES
- Athletic Trainer, Mass General Brigham
Kòman mwen ka sote pi wo?
Antrènman ak mouvman rapid, ansanm ak egzèsis antrènman fòs byen presi, ka ede ou sote pi wo. Egzèsis sa yo travay sou kapasite misk yo genyen pou yo detire epi ratresi.
Abbott rekòmande pwogram antrènman yon antrenè atletik ki gen lisans oswa yon antrenè fòs sètifye ap sipèvize pou kenbe atlèt yo an sekirite.
Ranfòse misk pou sote pi wo
Egzèsis ki fè plizyè jwenti travay ede atlèt yo vin gen plis fòs. Pou ranfòse misk nan anch, jenou ak cheviy, atlèt yo ka fè plizyè kalite egzèsis sa yo:
- Akoupi epi leve kanpe
- Fè yon gwo pa devan epi pliye jenou
- Leve pwa atè
Egzèsis sa yo bon anpil pou jèn atlèt k ap chèche devlope gwo gwoup misk yo.
Si ou se yon atlèt nan inivèsite oswa yon atlèt pwofesyonèl ki deja devlope gwoup misk sa yo, chwazi egzèsis fòs ki pi espesifik. Gen plizyè fason pou fè leve pwa olenpik, tankou leve pwa atè rive anlè tèt oswa sou zepòl. Sa ede misk sa yo travay ansanm epi repwodui kèk mouvman so vètikal la.
“Egzèsis fòs ki apwopriye yo ka amelyore yon pwogram antrènman anpil,” Abbott di. “Pou atlèt nan tout nivo, bon teknik nesesè pou jwenn pi bon rezilta epi evite blesi,” Abbott di.
Egzèsis ak mouvman rapid pou sote pi wo
Pandan egzèsis sa yo, kò a fren toudenkou nan yon direksyon epi li pran vitès nan direksyon opoze a.
“Misk yo ak tisi ki mare pati kò yo ansanm kenbe enèji lè kò a ralanti, epi yo lage l lè kò a pran vitès ankò,” Abbott di.
Men kèk egzèsis ak mouvman rapid ki ede ou sote pi wo:
- So sou bwat
- Gwo pa ak so youn apre lòt
- Akoupi epi sote
Men kèk egzèsis ak mouvman rapid ki pi avanse:
- So sou yon sèl janm
- So youn apre lòt
- Sote desann epi sote ankò
Egzèsis avanse sa yo mande pou ou gen bonjan eksperyans nan antrènman. Lè atlèt yo fin metrize egzèsis sa yo, yo ka konsidere ajoute so ki pi sanble ak sa yo fè nan espò yo.
“Bon egzèsis yo, lè yon pwofesyonèl ki gen kalifikasyon apwopriye mete yo an aplikasyon nan yon pwogram bon kalite, ap ede w evite blesi epi pèmèt ou sote pi wo toujou,” Abbott ajoute.