false

Maladi Lyme lakay timoun: Siy, sentòm, tretman, ak prevansyon:

Imaj yon timoun ki chita sou zepòl manman l k ap souri.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/2999985

Lè nèj la fin fonn nèt epi prentan rive, timoun ak paran yo twò kontan pou yo soti ale pase tan deyò a. Men, nan fon lespri anpil paran, gen yon enkyetid anpil nan yo genyen: Maladi Lyme.

Maladi Lyme se yon enfeksyon bakteri lakòz, ki simaye nan kò a lè tik mòde ou. Li enpòtan pou w fè atansyon ak sa — sitou paske yo dekouvri gen plis moun ki gen maladi a nan dis dènye ane yo. Men, Daniel A. Solomon, MD, ki nan Mass General Brigham, li se yon doktè espesyalis nan maladi enfeksyon lakòz ki pran swen pasyan nan Brigham and Women’s Hospital, li fè konnen se pa yon rezon pou sispann pase tan nan lanati.

"Li enpòtan pou nou rete vijilan devan sentòm ki ta ka siy bonè maladi Lyme. Li pi fasil pou trete lè yo idantifye l bonè," se sa Doktè Solomon di. "Epi gen anpil bagay ou ka fè pou diminye risk la pou ou menm ak fanmi ou."

Ki moun ki gen risk pou fè maladi Lyme?

Yo rapòte gen moun ki gen maladi Lyme toupatou nan peyi Etazini. Men, gen plis moun ki genyen l nan Nòdès ak nan zòn anwo Midwest nan Wisconsin ak Minnesota. "Sa yo se zòn kote nou wè plis ka," se sa Doktè Solomon di.

Gen plis risk pou moun fè maladi Lyme pandan fen sezon prentan ak kòmansman ete, lè tik yo pi aktif. Li ka afekte moun tout laj ki pase tan deyò. Se tik ki gen janm nwa, ki pase lavi yo toupre tè a nan zèb ak touf bwa, ki simaye maladi a. "Pi gwo risk la se lè w nan zòn ki gen anpil zèb oswa nan zòn forè ak touf bwa ki ba," se sa Doktè Solomon di.

Prevansyon kont maladi Lyme

Pi bon fason pou pwoteje pitit ou (ak tèt ou) kont maladi Lyme se anpeche tik mòde ou depi nan kòmansman. Estrateji sa yo ka ede:

  • Mete pantalon ki long ansanm ak chosèt lè w nan zòn ki gen touf bwa ki ba ansanm ak zèb ki long.
  • Mete rad ki gen koulè klè. Tik yo nwa, kidonk li pi fasil pou w wè yo sou yon fon ki gen koulè klè.
  • Trete rad ak soulye ak permethrin, se yon pwodui chimik ki repouse tik. Ensektisid la san danje pou timoun men li pa fèt pou itilize sou po. Pito ou flite l sou rad ou pou kenbe tik yo lwen.
  • Sèvi ak espre kont ensèk ki gen DEET ladan yo pou ede kenbe tik yo lwen. Pwodui pou repouse ensèk ki pa gen plis pase 30% DEET yo san danje pou timoun ki gen plis pase 2 mwa. Men, li ka toksik si yo vale l, kidonk pa kite timoun ki pi piti yo flite l poukont yo. Lè w ap flite DEET sou timoun, evite mete l sou men yo oswa toupre je yo ak bouch yo.
  • Mete rad yo nan machin pou seche rad la sou gwo chalè pandan 10 minit apre ou fin antre anndan. "Sa ap touye nenpòt tik k ap deplase sou rad yo," se sa Doktè Solomon di.
  • Benyen nan douch pou lave nenpòt tik ki poko kole sou ou. Apre sa, pran san ou pou ou verifye si pa gen tik sou kò ou. Yo renmen kache nan ti kwen ki fè nwa, kidonk tcheke zòn tankou anba bra, dèyè jenou, dèyè zòrèy, anndan lonbrit ou, ak nan zòn ki ant vant ou ak janm ou.

Mwen jwenn yon tik. E kounye a?

Tik yo kole sou po moun avèk pati bouch yo, epi yo ka rete kole pandan plizyè èdtan. Pou retire youn, sèvi ak pensèt pou kenbe tik la pi pre po a posib epi rale l monte anlè. Pafwa, ti moso nan pati bouch yo rete nan po a. "Pa fouye pou retire yo, paske ou ta ka lakòz yon enfeksyon," se sa Doktè Solomon di. Y ap soti poukont yo.

Bon nouvèl la: Bakteri maladi Lyme nan pran tan pou li pase soti nan tik la pou ale nan san yon moun. Si ou konnen tik la te kole sou ou pou mwens pase 36 èdtan, petèt li pa t gentan simaye maladi a.

Si ou abite nan yon zòn kote anpil moun gen maladi Lyme, epi ou pa sèten pandan konbyen tan tik la te kole sou ou, Doktè Solomon rekòmande pou pran mezi pou ou evite malad. Ou ka mande doktè ou pou "profilaksi apre ekspozisyon" — yon sèl dòz antibyotik doksisiklin. Li di: "Tretman yon sèl dòz sa a trè efikas pou diminye risk maladi Lyme." "Li pa yon danje pou timoun ak granmoun, men ou dwe pran li nan lespas 72 èdtan apre tik la mòde ou, epi pito ou fè sa pi vit posib."

Sentòm maladi Lyme

Tik yo piti anpil, epi pafwa ou pa menm santi lè yo mòde ou. Kidonk, li enpòtan pou ou siveye siy maladi Lyme lakay timoun, se sa Doktè Solomon di.

Gratèl maladi Lyme

Yon gratèl se siy yo plis abitye wè nan kòmansman maladi Lyme. Yo dekri li kòm fòm yon “sib” ki antoure pati tik la mòde moun nan: Yon sèk wouj, ki antoure avèk po ki sanble nòmal, epi yon lòt sèk wouj ki antoure l. Men, li ka pran lòt fòm, se sa Doktè Solomon di. Li di: "An jeneral, nou jis wè yon sèk oswa yon fòm oval koulè wouj, ki pa gen zòn klè nan mitan an." "E sou po ki pi fonse, li ka pa parèt wouj—li ka jis parèt tankou yon plak po ki pi fonse."

Bagay gratèl Lyme yo anjeneral genyen an komen:

  • Tan: Anjeneral, yon gratèl parèt nan premye semèn konsa apre tik mòde yon moun.
  • Gwosè: Gratèl ki soti nan maladi Lyme gen tandans vin byen gwo, omwen 5 santimèt lajè.
  • Pwopagasyon: Gratèl maladi Lyme vin pi gwo ofiramezi. Li di: "Si se jis yon ti pwen, siveye li pandan kèk jou." "Si li pa vin pi gwo oswa li pa deplase, li gen plis chans pou li pa maladi Lyme."
Maladi Lyme, Borreliosis oswa Borrelia, gratèl yo souvan wè nan maladi lyme, tach. Imaj yon moun, kote tik ki sòti nan sèf te mòde janm li. Selective focus.

Sentòm maladi Lyme lè moun fenk genyen li

Pou anpil moun, yon gratèl se sèl sentòm moun genyen lè yo fenk genyen maladi Lyme. Men, anviwon yon tyè nan moun yo gen sentòm ki pwolonje pi lwen pase po a:

  • Lafyèv modere
  • Doulè nan misk
  • Fatig

"Si ou sentòm ki sanble ak yon grip ete, li ta ka maladi Lyme nan premye etap," se sa Doktè Solomon di.

Sentòm maladi Lyme nan etap avanse

Si yo pa dyagnostike maladi Lyme epi trete li bonè, li ka simaye nan tout kò a, avanse nan Etap 2 maladi Lyme. Anjeneral, sentòm lè maladi a nan Etap 2 yo parèt ant 3 a 10 semèn apre tik la mòde moun nan.

Sentòm yo ka gen ladan:

  • Pwoblèm batman kè
  • Paralizi Bell (feblès oswa yon bò nan figi a paralize)
  • Angoudisman oswa doulè

Si maladi a pa trete, li ka evolye nan Etap 3 maladi Lyme, avèk sentòm tankou:

  • Atrit (jwenti ki rèd, ki anfle)
  • Feblès nan misk oswa misk k ap tranble
  • Pwoblèm nan fason ou pale
  • Pwoblèm pou panse oswa sonje bagay yo (difikilte pou reflechi ak pwoblèm memwa)

Si nou konnen gen yon tik ki te mòde yon pasyan, mwen vle pou li kòmanse pran antibyotik yon sèl dòz la pou anpeche li gen maladi Lyme. Nou vle kòmanse tretman pi vit posib, kidonk nou pa bezwen tann rezilta pou yon tès tik.

Daniel A. Solomon, MD.

  • Doktè espesyalis nan maladi enfeksyon lakòz, Mass General Brigham.

Dyagnostik maladi Lyme

Gratèl la se pi bon fason pou idantifye maladi Lyme ki nan premye etap, se sa Doktè Solomon di. Gen tès san pou detekte maladi Lyme, men yo pa toujou ka jwenn maladi a lè li fèk kòmanse. Pou rezon sa a, ou ta dwe jwenn tretman imedyatman si ou gen yon gratèl maladi Lyme—menm si rezilta tès san ou a negatif.

Apre 2 a 6 semèn, kò ou ap kòmanse pwodui antikò kont maladi Lyme. Nan pwen sa a, tès san ka detekte antikò yo. Tès san an fèt an de etap. Si premye etap la tounen pozitif pou Lyme, laboratwa a pral fè yon dezyèm tès pou konfime dyagnostik la. Pandan Etap 2 ak 3 maladi Lyme, tès san an rive idantifye maladi a pou 9 sou 10 moun, se sa Doktè Solomon di.

Li di tou: si ou retire yon tik, li posib pou voye li pou yo teste li pou maladi Lyme. Men anjeneral, li pa rekòmande li. Li di: "si nou konnen gen yon tik ki te mòde yon pasyan, mwen vle pou li kòmanse pran antibyotik yon sèl dòz la pou anpeche li gen maladi Lyme." "Nou vle kòmanse tretman pi vit posib, kidonk nou pa bezwen tann rezilta pou yon tès tik."

Tretman maladi Lyme

Yo trete maladi Lyme avèk antibyotik, pou yon kantite tan. Si ou menm oswa pitit ou a gen yon gratèl oswa lòt siy bonè, doktè a ap petèt preskri medikaman pou 10 rive 14 jou.

Si ou gen maladi Lyme nan Etap 2 oswa 3, li ka nesesè pou ou pran medikaman an pi lontan, sa depann jan sentòm yo grav.

Pou pifò moun, tretman antibyotik elimine enfeksyon an, epi sentòm yo disparèt. Men, gen kèk moun ki vin genyen sa yo rele maladi Lyme apre tretman. Yo ka kontinye gen pwoblèm tankou manke enèji, yo pa ka panse klè, epi yo gen difikilte pou yo konsantre. "Sa se yon pwoblèm sante ki egziste toutbon, men li pa se yon enfeksyon moun nan toujou genyen ki lakòz li," se sa Doktè Solomon di. Olye de sa, ekspè yo sispèk enfeksyon an ka lakòz sistèm defans ak sistèm nè kò a reyaji, ki lakòz sentòm yo dire pi lontan.

Malerezman, etid yo montre lè moun pran antibyotik pandan anpil tan, li pa ede amelyore sentòm ki rete apre tretman maladi Lyme. Anpil nan sentòm yo sanble ak lòt maladi, tankou long COVID (yon pwoblèm sante apre enfeksyon COVID-19). Si ou gen siy sa yo, wè doktè ou pou elimine lòt pwoblèm epi pou ede ou jwenn fason pou jere sentòm yo.

Lòt maladi tik transmèt

Yon lòt avètisman anvan ou soti deyò: Tik ki pa fasil rekonèt yo pa selman lakòz maladi Lyme. "Gen lòt enfeksyon tik transmèt ou ta dwe konnen," se sa Doktè Solomon di. Nan Nòdès, anaplazmoz ak babezyoz se maladi moun fè anpil. Nan Midwès la, tik ka transmèt yon lòt maladi ki rele ehrlichyoz.

Maladi sa yo lakòz sentòm ki sanble ak maladi Lyme, tankou lafyèv, frison, ak doulè nan misk. Yo kapab trete yo tou ak antibyotik—men gen kèk ki mande yon lòt kalite antibyotik. "Si yo trete w pou maladi Lyme men ou toujou gen sentòm, mande doktè w si ou ta dwe pran tretman pou youn nan lòt maladi sa yo," se sa Doktè Solomon di.

Lè ou li enfòmasyon sou maladi Lyme ak lòt maladi tik transmèt, sa ka fè ou santi ou boulvèse. Tik se pa yon bagay pou neglije. Men, lè w pran mezi pou evite tik mòde ou epi ou trete sentòm yo bonè, ou ka anpeche ti bèt sa yo gate plezi ete w la.

primary
internal
Aprann kilè pou chèche swen ijan pou gratèl moun souvan genyen yo
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/virtual-urgent-care-rashes-and-blisters