false

Depistaj STI pandan gwosès: Sa ou dwe konnen

Kontribitè
Sophia DeLevie-Orey, CNM, MSN
Imaj yon fanm ansent k ap pale ak yon pwofesyonèl sante nan yon sal egzamen
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/sophia-delevie-orey

To enfeksyon transmisib seksyèlman (STI) yo ogmante anpil atravè tout peyi a nan dènye ane yo. Paske STI yo ka lakoz konplikasyon pandan gwosès epi gen efè grav sou sante tibebe ou, li vin pi enpòtan pase tout tan pou w fè tès depistaj.

"Li ekstrememan enpòtan pou detekte maladi sa yo paske gen yon bagay ou ka fè sou sa," dapre sa Sophia DeLevie-Orey, CNM, MSN, yon enfimyè fanmsaj sètifye nan Mass General Brigham, di. "STI yo ka lakoz nesans prematire, yo ka transmèt bay tibebe ou a, epi yo ka rann ou menm ak tibebe ou a malad. Men bon nouvèl la: lè yo jwenn ak trete maladi sa yo bonè, sa ka diminye pwoblèm yo anpil, pafwa, yo ka pa gen okenn efè sou gwosès la ditou. Pi vit nou idantifye yon STI, se pi byen nou ka jere li.

Li ajoute, tès depistaj yo trè senp epi yo pa fè mal, epi yo ka entegre nan swen prenatal regilye ou. Epi tout maladi sa yo gen opsyon tretman ki san danje pandan gwosès epi ki ka anpeche domaj pandan gwosès.

Depistaj STI pandan gwosès

STI ki pi enkyetan pandan gwosès yo se klamidya, gonore, sifilis, VIH, ak epatit B. DeLevie-Orey wè pasyan nan Massachusetts General Hospital, kote pwofesyonèl sante yo depiste tout pasyan ansent pou senk enfeksyon sa yo nan premye oswa dezyèm vizit swen prenatal la. Tout moun ta dwe fè yon lòt tès depistaj pou sifilis nan twazyèm trimès la. Tou depan de faktè risk tankou laj (mwens pase 25 an) oswa istwa enfeksyon transmisib seksyèlman, gen kèk moun ki ta dwe fè tès depistaj repete pou lòt enfeksyon transmisib seksyèlman tou.

Pou gonore ak klamidya, tès la se yon prelèvman san doulè nan vajen an, ke pasyan yo ka fè tèt yo si yo prefere sa. Tès depistaj pou lòt twa enfeksyon yo se yon tès san. Pwofesyonèl sante yo ka kolekte yon echantiyon san an menm tan ak lòt tès san woutin.

DeLevie-Orey rekòmande pou tout moun ki ansent chèche swen medikal ki gen ladan tès sa yo, paske yo fasil pou fè epi yo pa fè anpil doulè. Li ka premye etap la pou evite efè danjere pou pasyan ki ansent lan ak tibebe a.

Klamidya

Klamidya se enfeksyon moun pran pi souvan nan fè sèks, men tou, se li ki gen mwens danje pandan gwosès epi li trè fasil pou trete, se sa DeLevie-Orey di. "Men, si li pa trete, gen risk ki vrèman enkyetan," se sa li di tou.

Klamidya ka transmèt soti nan pasyan ki ansent lan bay tibebe a pandan akouchman nan vajen lè tibebe a pase nan yon kòl matris ki enfekte ak klamidya. Pwoblèm sante ki pi komen ki gen rapò ak klamidya pou tibebe yo se konjonktivit (je woz) ak nemoni (yon enfeksyon respiratwa). Nan ka ki pi ra yo, STI sa a ka lakoz tibebe yo fèt anvan dat yo epi fèt ak yon pwa ki ba (mwens pase 5 liv, 8 ons). Men, trete avèk antibyotik oral rapid san reta ka geri enfeksyon an nan pasyan ki ansent la epi anpeche transmisyon bay tibebe a.

Gonore

Menm jan ak klamidya, gonore ka transmèt pandan akouchman nan vajen. Si yo pa detekte epi trete l bonè, gonore ka vin lakoz konjonktivit ki pi grav. Sa ka lakoz pwoblèm vizyon grav si yo pa trete l.

Nan kèk ka ra, yon tibebe ki fèk fèt ka devlope enfeksyon jeneralize ki ka mennen nan septis. Kidonk gonore ka yon gwo danje," se sa DeLevie-Orey di. Enfeksyon sa a moun pan nan fè sèks la ka lakoz tou yon enfeksyon nan likid amniotik la, nesans prematire, pwa ki ba nan nesans, epi (nan ka ki ra) foskouch. Men, tretman ak antibyotik ka geri epi pwoteje ni moun ki ansent lan ni tibebe a.

Sifilis

"Sifilis sitou enkyetan paske li ka pwopaje dirèkteman nan men moun ki ansent la bay tibebe a." Sifilis la gen plis risk nan premye trimès kay pasyan ki ansent lan, epi risk sa a ogmante pita nan gwosès la," se sa DeLevie-Orey di. "Alòs, si ou ta vin enfekte, pa egzanp, pandan twazyèm trimès la, tibebe a gen pi gwo risk."

Yon tibebe ki gen sifilis ka gen konplikasyon tankou:

  • Anemi
  • Avèg oswa soudite
  • Domaj nan zo
  • Fwa ak larat ki anfle, oswa lajònis (po oswa je ki vin jòn)
  • Mènit
  • Akouchman prematire
  • Eripsyon sou po
  • Lanmò tibebe anvan li fèt (stillbirth)

Sifilis pandan gwosès la kapab trete tou avèk yon rejim antibyotik senp.

VIH ak epatit B

Ni VIH ni epatit B gen lyen ak konplikasyon gwosès pwobab si maladi yo pa byen jere. Men, pi gwo enkyetid la se ke yo ka pwopaje dirèkteman bay tibebe w la pandan gwosès la.

Erezman, tretman prekòs ak rejim medikaman apwopriye diminye anpil chaj viral (kantite viris k ap sikile nan san an) yon pasyan ki ansent. Yon chaj viral ki pi ba diminye posiblite transmisyon ak mal pou tibebe a, se sa DeLevie-Orey eksplike.

Medikaman anti-retwoviral yo rekòmande pou tout pasyan ansent ki gen VIH. Pou moun ki gen epatit B, tretman antiviral depann de chaj viral la, ki kontwole pandan tout gwosès la.

Pou tou de maladi yo, ekip swen an pare pou administre medikaman bay tibebe a apre li fin fèt pou redwi risk transmisyon an pi plis.

Nou fè tout sa nou kapab pou moun pa santi yo wont. Nou pa la pou nou jije pèsòn. Nou la pou nou kenbe ou menm ak tibebe ou a an sante otank posib.

Sophia DeLevie-Orey, CNM, MSN

  • Certified Nurse Midwife
  • Mass General Brigham

Depistaj san jijman pou enfeksyon seksyèlman transmisib pandan swen prenatal

DeLevie-Orey ankouraje moun ansent yo pou yo pa retade depistaj pou STI pandan gwosès la. Enfeksyon yo souvan pa lakoz okenn sentòm, kidonk depistaj ka se sèl fason pou idantifye pwoblèm nan.

Si rezilta tès la pozitif, li ede pasyan an jwenn tretman byen vit. Si pasyan an gen klamidya, DeLevie-Orey ka ofri tou tretman otomatik bay patnè seksyèl pasyan an atravè yon pwosesis ki rele tretman rapid pou patnè. Ekip la ede kowòdone tès depistaj pratik pou patnè.

Li mete aksan sou lefèt ke Mass General Brigham se yon espas ki an sekirite pou fè diskisyon ak tès sou STI. "Maladi sa yo transmèt de yon moun a yon lòt, menm jan moun transmèt maladi lè yo estène sou youn lòt epi yo touse sou youn lòt," se sa li di. "Nou fè tout sa nou kapab pou moun pa santi yo wont. Nou pa la pou nou jije pèsòn. Nou la pou nou kenbe ou menm ak tibebe ou a an sante otank posib.”

primary
internal
Aprann sou maladi kè pandan gwosès
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/cardiac-disease-and-pregnancy