12 Konsèy sou Sekirite pou Foutbòl Ameriken nan Otòn
Mass General Brigham se patnè ofisyèl New England Patriots nan medsin espò. Pou premye match ekip la lakay li dimanch 10 septanm, y ap fè yon seremoni espesyal pou nimewo 12, youn nan jwè ki pi popilè nan istwa ekip la. Men 12 konsèy pwofesyonèl sante Mass General Brigham ki travay nan medsin espò bay pou jwe foutbòl ameriken san danje:
1. Kòmanse bwè dlo prekòs epi bwè l souvan.
Dapre doktè ekip Patriots la Gian Corrado, MD, bwè ase likid ede atlèt yo kenbe sante ak enèji yo bezwen pou yo ka kontinye bay bon pèfòmans nan aktivite espòtif yo. Bwè anpil dlo anvan, pandan ak apre match la pou amelyore tan reyaksyon, retade fatig epi ede kò a refè.
2. Fè egzèsis detire pou chofe misk yo epi evite blesi.
Doktè nan medsin reyadaptasyon Mass General Brigham Sports Medicine Haylee Borgstrom, MD rekòmande pou w fè egzèsis regilyèman pou ranfòse misk vant, do ak dèyè w. Detire ranch yo pou anpeche misk ki pliye ranch yo vin twò rèd.
3. Mete jou repo ak poz nan pwogram antrènman ou.
Chak atlèt bezwen jou repo, sitou pandan y ap pran laj. Christian Lattermann, MD, direktè rechèch nan medsin espò pou Mass General Brigham, souliye jan li enpòtan pou pran mezi pou anpeche blesi chak fwa sa posib. Pran jou repo lè sa nesesè epi mete plizyè kalite egzèsis ladrès, fleksibilite ak detire nan antrènman chak jou yo. Si w blese, repo se yon pati enpòtan nan pwosesis rekiperasyon an. “Jwe malgre doulè a” ka nwizib pou sante alontèm epi li ka menm mete fen nan karyè yon atlèt. Toujou koute konsèy doktè ou ak anpil atansyon.
4. Antrene w san danje lè li fè cho.
Sitou anvan sezon an kòmanse ak nan peryòd prekòs sezon otòn lan, siveye meteyo ak endis chalè a lè w ap jwe oswa antrene. Antrenè ak fòmatè ou yo ta dwe pwograme aktivite yo andeyò lè ki pi cho nan jounen an epi bay dlo, lonbraj ak poz. Lè li fè cho nan mitan jounen an, leve pwa oswa fè egzèsis ki fè kè w bat pi vit nan yon sal kote yo kontwole tanperati a.
5. Mete ekipman pwoteksyon ki apwopriye a.
Ekipman ak pwoteksyon ki gen kousen ede jwè foutbòl ameriken evite blesi oswa fè blesi yo mwens grav. Sa gen ladan li yon kas, kousen pou zepòl, anch, ke ak jenou, pantalon, pwoteksyon pou kwis, yon sipò atletik, yon pwotèj bouch ak yon braslè, epi tenis oswa soulye ak kranpon apwouve. Si w mete linèt, sèvi ak linèt pwoteksyon oswa panse mete lantiy kontak.
6. Konnen ki kote pou ale si ou blese.
Jwè yo ak paran yo ta dwe fè yon plan pou konnen sa pou yo fè si yon jwè blese. Èske ekip la gen yon doktè? Ki kote lopital oswa etablisman medikal ki pi pre a ye? Èske gen yon moun nan ekip la ki deziyen pou rele 911 si ta gen yon ijans? Bagay sa yo ta dwe diskite anvan, olye imedyatman apre, nenpòt blese atletik. Pou blesi espò ki pa ijans, jwenn swen menm jou a san randevou nan Mass General Brigham Orthopedics Walk-in, yon klinik pou swen zo ak jwenti nan Wellesley kote ou ka vini san randevou.
7. Aprann siy yon chòk nan tèt.
Paske foutbòl ameriken enplike kolizyon fasafas, chòk nan tèt ka rive pandan y ap jwe foutbòl ameriken. Kèk siy chòk nan tèt gen ladan:
- pèt memwa oswa pèt konesans
- maltèt
- vètij
- santi tèt ou lejè, tankou ou pral endispoze
- pwoblèm ak vizyon
- pwoblèm ak balans
- chanjman nan fason ou eksprime santiman w oswa nan emosyon w
- yon santiman konfizyon
Dapre Ross Zafonte, DO, prezidan Spaulding Rehabilitation Network, yon rezo sant reyadaptasyon, sentòm chòk nan tèt ka pa parèt tousuit apre blesi a. Nan kèk ka, sentòm yo ka pran jiska 48 èdtan pou yo parèt. Kidonk, rete vijilan epi pale ak yon pwofesyonèl sante si ou remake sentòm epi ou sispèk yon chòk nan tèt.
8. Koute kò ou epi pale lè yon bagay pa nòmal.
Jwè yo ta dwe byen veye nenpòt malèz fizik oswa doulè yo santi, kit se sou teren an oswa andeyò teren an, kit li parèt toudenkou oswa li dire lontan. Si ou menm oswa pitit ou blese, fè antrenè ekip la, fòmatè yo ak doktè yo konnen, pou yo ka kontwole sante jwè a, modifye aktivite yo kòmsadwa, epi ede nan tretman medikal si sa nesesè. Ekip yo ta dwe gen ekipman premye swen nan kote y ap jwe a, tankou pansman, pake glas, twal gaz ak tep adezif.
9. Varye antrènman ou yo.
Jwè foutbòl ameriken yo pa jwenn tout avantaj antrènman an si yo konsantre sou yon sèl kalite egzèsis, tankou leve pwa. Doktè ekip Patriots la Scott Martin, MD rekòmande pou varye antrènman w. Pou jwenn plis avantaj, mete leve pwa, egzèsis ki fè kè w bat pi vit, kouri, yoga, egzèsis entans ak ti poz ant yo (HIIT) oswa egzèsis sote pou ranfòse misk nan pwogram ou.
10. Mete soulye ki apwopriye yo.
Malgre nou te deja mete sa nan senkyèm konsèy nou an, li merite pou nou repete l. Vitès ak fòs mouvman yon atlèt fè sou teren an depann dirèkteman de pye li. Detire pye ak cheviy, asire w soulye oswa kranpon yo mezi pye w, epi chanje chosèt souvan. Yon pwofesyonèl sante nan medsin espò oswa yon espesyalis swen pye nan Mass General Brigham ka ede w chwazi soulye ki pi bon pou ou.
11. Fè ekspè yo konfyans.
Antrenè, moun k ap prepare jwè yo ak doktè ekip la vle sa ki pi bon pou jwè yo. Y ap siveye epi adapte antrènman ak pratik yo pou jwè yo ka jwe pi byen epi diminye risk blesi. Koute sa pwofesyonèl sa yo di, poze kesyon epi bay opinyon ou. Finalman, chak jwè konnen sa ki pi bon pou kò pa yo. Jwè a ak pèsonèl ekip la ta dwe ansanm deside sou antrènman, match ak plan swen medikal, epi yo ta dwe dakò sou desizyon sa yo.
12. Pran plezi!
Foutbòl ameriken se yon jwèt jwè yo dwe pran plezi ladan l. Pandan li enpòtan pou antrene ak pratike di pou w ka fè pèfòmans nan pi bon nivo w, nan bon sante fizik ou ki konplete ak bon sante mantal. Jwè yo ta dwe tann jou match la ak kè kontan. Yo pa ta dwe santi presyon oswa santi yo oblije jwe oswa antrene si sa ap retire plezi yo oswa fè sante mantal yo soufri.