Istwa George: Home Hospital ankouraje endepandans
Justin Yunes, CNP
Lè George Hardy te entène lopital ak konplikasyon ki soti nan ensifizans kadyak konjestif nan kòmansman ane 2023, li te resevwa swen entène nan nivo lopital lakay li atravè pwogram Home Hospital Mass General Brigham nan. Swen Home Hospital se yon opsyon pou pasyan ki gen kèk pwoblèm sante epi ki gen eta sante yo ase estab pou yo pa bezwen rete nan anviwònman lopital la menm.
Nou pran anpil prekosyon ak konsiderasyon pou nou detèmine si plan swen yon pasyan ka fèt lakay li, avèk èd ekip Home Hospital li a », se sa Justin Yunes, yon enfimyè pratisyen sètifye (CNP) epi yon manm ekip swen George la te eksplike. Yon doktè responsab ap sipèvize tout swen yo. Enfimyè, oksilyè oswa lòt pwofesyonèl swen sante vizite pasyan yo de fwa pa jou pou kontwole siy vital pasyan an, bay medikaman, fè tretman tankou likid nan venn (IV), epi fè tès. Selon bezwen pasyan an, vizit chak jou avèk pwofesyonèl swen an kapab fèt vityèlman.
Pou George, lefètke li te kapab rete lakay li te gen yon siyifikasyon espesyal. Non sèlman li te viv nan Somerville, MA, pandan tout lavi li, men li pase 80 nan 84 ane li yo nan menm kay plizyè fanmi an kote paran li te achte pou fanmi yo ki t ap grandi.
Li rekonesan paske Home Hospital te pèmèt li rete nan anviwònman li abitye a. Lopital nòmal la pa gen menm atmosfè a. Enfimyè ak doktè la yo ekstraòdinè tou. Men pa gen anyen ki menm jan ak rete lakay pa w, se sa li te di.
Kay sa a se kote li te wè 10 gran frè ak sè li yo grandi. Mwen se pi piti nan 11 timoun yo, epi mwen pa t renmen lè yo te konn rele m tibebe fanmi an! » li t ap di pandan li t ap ri. Li menm ak defen madanm li te leve sis pitit yo la tou, anvan madanm nan te mouri an janvye 2023 apre prèske 63 ane maryaj. Kounye a, George se yon granpapa ki fyè ki gen 15 pitit pitit.
Fason kay la òganize kòm yon kay plizyè fanmi vle di moun li renmen yo toujou toupre li epi yo te ede l pandan rekiperasyon li. Youn nan pitit gason li yo ak de nan pitit pitit li yo ap viv tou nan apatman ki nan menm bilding lan. Lòt pitit mwen yo toujou rele m. Yo toujou vin vizite m, se sa George di.
Sèvis lopital lakay ki byen kowòdone
Sa te itil pou George te lakay li, nan anviwònman kote li pi alèz la, epi pou nou te bay swen ki toujou byen kowòdone, se sa Justin te di. Lè nou te etabli regilarite sa a, sa te ede amelyore jounen li epi ba li yon orè li te ka prevwa. Nan ka pa li a, sentòm li yo te amelyore anpil lè li te retounen lakay li.
Justin ak ekip la te sipèvize swen George pou plizyè pwoblèm sante li genyen epi yo te kontwole siy vital li yo a distans.
Nou te trete George ak dyiretik nan venn (medikaman ki ede retire likid ki anplis nan san an) epi nou te estabilize respirasyon li, Justin eksplike. Nou te jere fibrilasyon orikilè li a, maladi vaskilè li a ak maladi ren li an. Monitè kè George la te bay nou siy vital li yo an tan reyèl 24 sou 24, 7 jou sou 7, epi pèsonèl medikal la te kontwole yo sou plas pandan vizit yo.
Ekip Lopital Lakay yo kapab sèvi ak lòt aparèy siveyans tou, tankou balans san fil ak aparèy pou mezire tansyon ki konekte a Bluetooth. Pèsonèl medikal la disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7, si yon pasyan bezwen èd nenpòt ki lè. Ekip la itilize yon aplikasyon mesaj sekirize tou pou pasyan yo ka kominike fasilman ak founisè swen yo.
Anplis de sa, nou fè espesyalis vini nan terapi fizik ak terapi okipasyonèl, ansanm ak dyetetisyen ki kapab fè konsiltasyon. Nou kowòdone sèvis ki nesesè yo tou pou yo ka jwenn apre yo fin kite pwogram nan, Justin ap eksplike.
Ekip Home Hospital la kowòdone tou ak founisè swen prensipal pasyan an (PCP) ak nenpòt lòt espesyalis ki fè pati ekip swen Mass General Brigham li an.
Diferans lopital lakay la fè: Amelyore kalite lavi
Lè George te konn bezwen swen ijans pou sentom ensifizans kadyak li yo avan sa, li te difisil pou li ale lopital epi pafwa li te oblije tann anpil tan nan sal ijans lan. Li te kontan anpil e li te rekonesan paske li te kapab resevwa swen entène lopital ki pratik lakay li pito.
Okòmansman, mwen pa t konnen a kisa pou m te atann, men yo te kontan ede m ak kèlkeswa sa m te bezwen, se sa George te di. Eksperyans lan te ekstraòdinè. Epi mwen panse nenpòt moun t ap vle sèvis sa a si yo gen posiblite pou evite rete nan lopital
Lefètke fanmi li te antoure li, sa te ede amelyore moral George pandan yon peryòd difisil nan lavi li.
Mwen panse sa te amelyore kalite lavi li paske li te kapab kenbe nivo kominikasyon li te vle a ak gwo fanmi li an, Justin te di. Gen anpil moun pou li rete konekte avèk yo.
Mwen te espere wè moun sa yo chak jou. Yo fè w santi w tankou w se yon manm nan fanmi yo. Yo ede w. Se pa de pati medikal la sèlman m ap pale. Yo pale de fanmi ou. Sa fè w santi yo enterese nan fè w kontan, nan fè w santi w byen. Se yon plezi.
George Hardy
- Pasyan Home Hospital nan Mass General Brigham
Relasyon solid ant founisè swen ak pasyan
Yon lòt avantaj Home Hospital genyen se opòtinite pou pasyan yo bati relasyon solid ak ekip swen yo. Lopital kapab yon kote ki chaje ak aktivite, ak anpil entèripsyon. Lakay pasyan an, gen plis tan pou youn aprann konnen lòt.
George se yon moun ki trè amikal e ki akeyan. Kè li te toujou kontan, men pandan sante li t ap amelyore epi li te vin pi alèz avèk ekip la, li te kòmanse louvri plis, ri plis epi fè blag plis anvan li te kite pwogram nan, se sa Justin di.
George dakò avèk sa. Mwen pa t ka tann pou m te wè moun sa yo chak jou, se sa li di. Yo fè w santi w tankou ou se te fanmi yo. Yo ede w. Se pa de pati medikal la sèlman m ap pale. Yo pale de fanmi ou. Sa fè w santi yo enterese nan fè w kontan, nan fè w santi w byen. Se yon plezi.
Swen ki santre sou pasyan an lakay li
Lè ekip Lopital Lakay la obsève yon pasyan nan pwòp kay li epi li aprann konnen priyorite li ak fason li viv, sa ede ekip la bay swen ki konsantre sou sa ki enpòtan pou pasyan an. Li bèl pou nou wè anviwònman lakay la, paske sa pèmèt nou wè kote moun nan soti epi aprann konnen li pi byen, se sa Justin eksplike.
George renmen rete lakay li paske sa ba li endepandans. Li renmen fè manje epi li kontan paske li kapab retounen nan kwizin nan. Malgre pitit li yo gran kounye a, li renmen prepare manje pou fanmi li. Lè pitit mwen yo aprann m ap fè manje, y ap tou monte vin jwenn mwen menm aswè a, li di. Yo renmen galèt pwason mwen yo.
Koulye a, George soti nan Home Hospital epi l ap refè, chak jou, li kapab fè plis bagay li renmen. Mwen santi se chak de jou mwen ap amelyore yon ti kras plis. Anvan sa, lè mwen te konn fè bab mwen, mwen te oblije chita sou chèz mwen epi pran yon glas. Kounye a mwen kapab kanpe nan twalèt la epi fè li. Se yon ti bagay, men sa fè w santi w byen. Mwen renmen fè bagay sa yo poukont mwen, li di.