Lopital Lakay
Swen lopital Mass General Brigham ki delivre nan kay ou
Nou kwè ke pasyan yo pa ta dwe oblije chwazi ant swen eksepsyonèl ak lakay yo. Nan Lopital Lakay Mass General Brigham, nou ofri de sèvis ki konekte ki pote swen ba ou kote w ap viv la:
- Lopital Lakay (swen nivo pasyan ki entène): Pou pasyan ki kalifye, nou bay swen ekspè, nivo lopital, nan men ekip nou fè konfyans, ki bay an sekirite ak pratik nan kay ou olye de nan lopital la.
- Swen Lopital Lakay Kontinye (swen nivo pasyan ki pa etène): Apre ou fin kite lopital la oswa konplete rete ou nan Lopital Lakay, nou kontinye sipòte rekiperasyon ou lakay ak vizit chak jou nan kay ak swen deyò soti nan menm ekip la ou deja konnen ak fè konfyans.
Avèk siveyans adistans 24/7 (tout lèt chak jou), vizit chak jou klinisyen, teknoloji telemedsin sofistike ak aksè toutan yon ekip swen entegre, Lopital Lakay bay menm sèvis klas mondyal ou t ap resevwa nan lopital la, ki respekte menm nivo gran kalite yo.
Lopital Lakay disponib pou yon seri maladi soti nan enfeksyon ak ensifans kè rive nan kèk rekiperasyon apre operasyon pote tretman avanse nan kote pasyan yo santi yo pi fasil pou geri. Pou pasyan yo kalifye, pasyan yo dwe viv nan zòn sèvis ki deziye a.
Ki avantaj ki genyen nan Lopital Lakay la?
Nou jwenn ke anpil moun refè pi byen lakay yo. An mwayèn, pasyan ki nan Lopital Lakay yo:
- Pase mwens tan nan lopital
- Rete pi aktif
- Di yo pi satisfè
- Retounen pi fasil nan lavi chak jou apre yo fin sòti lopital la
- Jwenn pi bon rezilta klinik
- Benefisye de rediksyon nan estrsès pou moun ki bay swen, paske moun yo renmen gen plis tan pou konsantre sou sipò emosyonèl ak swen pou tèt yo
Kijan mwen ka vin yon pasyan nan Lopital Lakay?
Pou ou kalifye pou Lopital Lakay, pasyan yo dwe konsilte nan yon lopital Mass General Brigham avan, swa nan Depatman Ijans lan oswa kòm yon pasyan ki entèn. Si ou menm ak pwofesyonèl sante ou deside ke Lopital Lakay se bon chwa pou ou, pwofesyonèl sante ou ap refere ou. Y ap sèlman rekòmande Lopital Lakay pou ou si li apwopriye sou plan klinik.
Lopital Lakay (Home Hospital) se yon sèvis ou chwazi pran volontèman; li pa obligatwa. Y ap ofri w li sèlman si ekip medikal ou a kwè li se yon opsyon ki an sekirite ak apwopriye pou ou. Si ou prefere rete nan yon lopital tradisyonèl, sa ap toujou disponib.
Kondisyon nou abitye trete nan Lopital Lakay
Sa Lopital Lakay Gen ladan l
Vizit an pòsòn ak vityèl chak jou
Koneksyon 24/7 pa telefèn ak videyo
Siveyans siy vital adistans
Medikaman oral ak entravenez (IV) (nan venn)
Tès dyagnostik, ki gen ladan radyografi pòtab, sonografi ak akanaliz san
Oksijòn
Konsiltasyon espesyalize (pa egzanp, kadyak, maladi enfektye, rematoloji)
Terapet fizik, okipasyonèl, ak lang
Sipò travay sosyal
Sèvis manje pandan sejou ou
Sa pou atann antanke yon pasyan Lopital Lakay
Lopital Lakay disponib pou yon seri kondisyon, ki gen ladan kèk rekiperasyon apre operasyon.
Si ou menm ak founisè ou a deside Lopital Lakay se bon chwa pou ou, ou pral retounen lakay ou kote yon manm ekip klinik ou a ap rankontre ou pou mete ou an plas ak tout sa ou bezwen pou yon eksperyans ki an sekirite ak siksè.
Ou pral resevwa:
- Yon tablèt ki pèmèt ou gen aksè videyo ak ekip swen ou an 24 sou 24, 7 jou sou 7
- Zouti siveyans aleka pou swiv siy vital ou
- Enstriksyon klè sou kijan pou kontakte ekip ou pa telefòn oswa videyo nenpòt ki lè, lajounen kou lannuit
Swen ou lakay ou ap sanble ak yon sejou nan lopital tradisyonèl:
- Yon founisè ap rankontre ou nan kòmansman ospitalizasyon w lakay ou pou ede kreye plan swen ou.
- Ou pral resevwa vizit vityèl ak an pòsòn enfimmyè nou yo ak paramedik nou yo, selon bezwen ou yo.
- Ou pral gen tou yon sipèvizyon chak jou yon doktè, enfimyè praktisyen, oswa asistan doktè oswa an pèsòn oswa pa videyo.
Ekip swen ou ka enkli kowòdonatè swen, travayè sosyal, terapet fizik, oswa lòt espesyalis selon bezwen ou yo. Nou travay sere ak founisè regilye ou yo, ak youn ak lòt, pou bay swen san pwoblèm ak asire kondisyon ou ap amelyore jan yo te atann.
Kesyon yo poze souvan
Pa gen okenn depans anplis pou swen Lopital Lakay, eksepte depans ou ta nòmalman genyen si w te entène nan lopital. Nou aksepte pasyan san konsiderasyon asirans. Y ap voye fakti ba ou sèlman pou kopeman (copay) oswa pou sèvis plan asirans ou pa kouvri.
Mass General Brigham ap jere tout bòdwo ki gen rapò ak admisyon ou epi, si sa aplikab, y ap voye fakti a bay konpayi asirans ou. Nan ka ki ra kote ou resevwa yon fakti, tanpri kontakte Solisyon Fakti Pasyan nan 617-726-3884 Lendi-Vandredi, 9:00 nan maten rive 4:30 aprè midi
Menm jan ak nan lopital la, ekip ou a ap gen ladan doktè, enfimyè, Enfimyè praktisyen ak asistan doktè Mass General Brigham. Ou pral pwobableman resevwa vizit pa paramedik Mass General Brigham ki sitou fòme pandan admisyon ou nan Lopital Lakay.
Nou kenbe kominikasyon sere sere avèk doktè ou deja genyen yo tou epi nou apresye opinyon yo sou swen ou.
Ou pral kapab kontakte ekip Lopital Lakay ou a pa telefòn nenpòt lè ou gen kesyon oswa enkyetid. Nou pral asire w gen enstriksyon klè sou kijan pou kontakte ekip ou a si ou gen kesyon oswa enkyetid. Nan yon ijans, ou ta dwe toujou rele 911.
Pandan admisyon ou nan Lopital Lakay, ou pral gen vizit chak jou, ni an pèsòn ni vityèl, avèk doktè ak lòt moun ki bay swen, ak omwen yon vizit an pèsòn chak jou pa yon enfimyè oswa yon paramedik. Si ou bezwen èd apndan vizit yo, ou ka kontakte ekip Lopital Lakay la 24/7 (chak jou/tout lè). Nou ka òganize vizit ijans oswa vizit ki pa planifye jan sa nesesè. Ou p ap janm pèdi kontak.
Ekip enfimyè nou an ap siveye ou adistans tout tan, e si gen nenpòt chanjman, n ap voye èd rapid. Si ou ta vle oswa bezwen retounen nan lopital la, nou pral kowòdone yon transfè ki an sekirite.
Antre nan Lopital Lakay se menm bagay ak antre nan lopital regilye a. Ou dwe rete lakay, sof si ou fè aranjman avèk ekip swen w lan. Sa a ap pèmèt nou kontakte ou rapid si sa nesesè.
Malgre sa, objektif nou se ede ou santi w alèz epi kenbe endepandans ou. Pandan kèk ajisteman ka nesesè dapre plan tretman ou, n ap fè tout sa nou kapab pou limite deranjman nan woutin ou.
Ou pral gen vizit regilye an pèsòn ak vityèl, epi ou pral resevwa nenpòt ki medikaman oswa ekipman lakay ou. Nou pral vizite ou ak ba ou medikaman selon yon orè. Tanpri asire w ke ou disponib pandan tan ki pwograme yo oswa kontakte ekip swen ou si ou bezwen diskite sou opsyon replanifikasyon. Ekip la ap fè tout sa li kapab pou adapte orè a ak bezwen ou, men lè vizit yo fèt toi depann de moman medikaman ou yo ak bezwen klinik ou.
Si nenpòt pati nan swen ou mande yon tès oswa tretman ki ka fèt sèlman nan lopital la tankou yoneskanè CT nou pral kowòdone vizit sa yo avèk ou.
Pifò sejou nan lopital lakay dire anviwon senk a sis jou, men longè egzak la depann de kondisyon ou ak rekiperasyon ou. Ekip lopital lakay la ap detèmine ki kalite siveyans ou bezwen. Kèk pasyan itilize zouti tankou minòt tansyon oswa detekè oksijèn pou swiv siy vital yo, pandan ke lòt yo ka resevwa yon aparèy ki kontwole siy vital yo san rete epi pataje rezilta yo an tan reyèl.
Lè ou pare pou sòti, ekip swen w lan ap travay avèk ou ak founisè swen prensipal ou, a si sa nesesè pou planifye nenpòt swen swivi, tankou vizit enfimyè oswa terapi fizik.
Plan sa yo souvan gen ladan vizit regilye enfimyè yo oswa terapet yo lakay ou, ansanm ak referans pou sèvis ekstèn oswa pwogram reyabilitasyon.
Ekip Lopital Lakay ou ap asire ou gen tout sa ou bezwen pou resevwa swen ou an sekirite ak alèz lakay ou. Nou okipe tout swen medikal, menm jan ak nan lopital.
Transpò pou ale lakay ou òganize selon sitiyasyon ou. Kèk pasyan retounen lakay yo ak yon manm fanmi, poutan gen lòt yo ka resevwa sipò transpò. Lè ou rive, ekip swen w lan ap rankontre avèk ou lakay ou pou mete kanpe swen ou ak revize plan pou vizit swivi.
Si ou bezwen èd ak repa pandan sejou ou, nou pral òganize livrezon manje lakay ou.
Nou pa atann moun k ap okipe w yo pran responsabilite medikal yo. Sepandan, yo souvan gen yon wòl enpòtan nan pran desizyon epi ka ede ak aktivite chak jou, tankou ede pasyan an rete idrate (ba li ti dlo, abiye, benyen, epi al nan twalèt. Nou pral travay ak chak fanmi pou jwenn bon balans ki baze sou bezwen pasyan an ak nivo konfò moun ki bay swen an.