Istwa Martin: Apre Transplantasyon Fwa a, ansyen enfimye a ap viv byen antanke yon granpapa.
Omar Zurkiya, MD, PhD; Joseph Franses, MD, PhD; Irun Bhan, MD; James Francis Markmann, MD, PhD; Nahel Elias, MD; Camille Nelson Kotton, MD
Martin Orloski, yon ansyen enfimye kadyovaskilè, 69 lane, ap jwi yon nouvo chapit nan lavi li nan Roslindale, MA. Yon rezidan zòn riral Maine depi 40 lane, li kontan anpil pou l patisipe nan fèt twazyèm anivèsè pitit pitit li Alden nan Jamaica Plain ki toupre a. Sa ki bay moman sa a plis sans toujou, se lefèt ke pa t gen twòp tan anvan Alden te fèt, Martin te ekri li yon lèt paske li pa t panse li t ap viv ase lontan pou l te ka remèt li l an pèsòn.
An 2017, Martin te resevwa yon dyagnostik kote li te gen siwoz nan fwa. Yon ti tan apre, dok yo te dekouvri li te gen kansè nan fwa tou, epi yo te prevwa l t ap mouri nan yon delè 2 a 3 lane. Martin t ap viv ak yon enfeksyon epatit C depi 1992, epi tou siwoz la ak kansè a pwobableman te lye ak epatit la. Li te eseye yon tretman epatit C ki pa t efikas nan ane 1990 yo, epi li te retounen nan tretman lè nouvo medikaman ki pi efikas te vin disponib aprè. Epatològ li (doktè fwa) te refere Martin nan Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts) nan espwa pou mete l sou lis atant transplantasyon fwa.
Okòmansman, transplantasyon an pa t yon opsyon pou Martin. Doktè yo te detèmine kansè li a te twò avanse epi risk pou maladi a retounen apre transplantasyon an te twò wo. Men, tretman kansè ki te reyisi ak yon ekip doktè avèk espesyalis nan diferan branch ki devwe te mande yon dezyèm chans pou Martin.
Martin, ti bebe Alden, ak Lucy Orloski k ap souri nan kwizin lan
Pasyan transplantasyon fwa a, Martin Orloski, avèk pitit pitit li, Alden (laj 3 lane), ak pitit fi li, Lucy
Swen kowòdone pou kansè ak transplantasyon an ofri yon dezyèm chans pou tretman ki sove lavi
Ekip Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham) Martin an, ki te gen nan tèt li onkològ Joseph Franses, MD, PhD, te rekòmande Martin eseye yon terapi kansè ki rele terapi radyasyon entèn selektif (yo rele tou SIRT oswa terapi Y-90) pou trete timè li a.
Martin te sibi twa pwosedi radyasyon entèn sou 2 lane, ki te touye timè a, Omar Zurkiya, MD, PhD, radyològ entèvansyon Martin ki te jere pifò nan swen li pandan tretman kansè li a te di. Martin te oblije tann yon lòt ane san okenn pwèv nouvo maladi anvan li te vin yon kandida pou transplantasyon.
Apre jan kò li te reyaji trè byen ak tretman SIRT la, Doktè Franses te mande si Martin te kapab kounye a gen yon bon rezilta ak transplantasyon. Doktè Franses te refere Martin bay Irun Bhan, MD, yon epatològ transplantasyon, ak James Francis Markmann, MD, PhD, direktè chiriji Pwogram Transplantasyon Fwa Mass General Brigham.
\"Doktè Markmann ak mwen travay ansanm ak onkològ yo pou deside ki terapi ki ka pi byen kontwole kansè nan fwa pou pèmèt terapi transplantasyon an ki kapab geri maladi a, doktè Bhan eksplike. Kalite swen kolaboratif sa a ka fèt sèlman nan kèk enstitisyon, sa yo ki ofri transplantasyon epi espesyalman, sa yo kote gen yon relasyon travay sere ant ekip transplantasyon ak onkoloji.
Malgre transplantasyon pa fèt nòmalman pou pasyan ki te gen yon kansè ki te rive nan yon etap avanse konsa, ekip medikal la te soumèt yon demann espesyal bay Komisyon Nasyonal Revizyon pou Transplantasyon an pou Martin te kapab jwenn yon bon plas sou lis moun k ap tann yon transplantasyon.
Transplantasyon fwa sanzatann
Martin te rive nan pi gwo moman chans li nan mwa jen 2020, menm lè rès mond lan t ap antre byen vit nan premye vag pandemi COVID-19 la. Martin te gen plizyè reyinyon vityèl avèk espesyalis transplantasyon yo ansanm avèk Doktè Markmann ak Doktè Bhan. Li te vizite Mass General apre sa pou fè yon esèy klinik ki gen ladan l yon ponp pèfizyon fwa. Ponp la te fèt pou konsève fwa yo bay kòm don, ki otreman ta ka pa t ase bon kalite pou yo te itilize nan yon transplantasyon. Nan demen, Martin te resevwa yon sipriz li pa t janm atann.
Mwen te fè rankont ak prezantasyon mwen an pandan 1 èdtan nan Mass General, mwen te retounen nan otèl la, mwen te manje dine, epi mwen te al dòmi," se sa Martin di. Nan demen maten, telefòn otèl la sonnen, epi premye panse m te: Ki moun ki konnen mwen isit la? Se te klinik transplantasyon an ki t ap di, Pa kite vil la nou jwenn yon fwa.
Enstitisyon ki pa t patisipe nan esèy klinik la t ap refize ògàn nan, Doktè Bhan eksplike. Men ekip transplantasyon nou an te kapab aksepte fwa yo te bay la epi mete l sou ponp lan pou prezève l epi mennen l bay Martin.
Se te yon apèl jou match pou Martin — yon opòtinite li pa t janm espere, men ki te gen anpil valè. Pitit fi Martin an, Lucy, te fèk akouche Alden 2 mwa anvan. Menm si pandemi an t ap fè raj tout otou li, Martin te konnen li te dwe eseye.
Operasyon transplantasyon Martin an te byen pase e li te ba li yon dezyèm chans nan lavi. Rezilta esèy la te demontre ke ponp lan te mache epi kounye a li apwouve pou itilize andeyò kad la, Doktè Bhan ajoute.
Rekiperasyon apre transplantasyon fwa
Apre operasyon transplantasyon li an, Martin te pase yon semèn nan Mass General epi li te rete yon lòt semèn nan yon otèl nan Boston. Li te refè byen, eksepte yon ti lafyèv. Martin te fè yon lòt eksperyans difisil pita lè yon reyaksyon apre transplantasyon ak yon lafyèv 103 degre lakay li nan Maine te mennen l tounen nan Mass General. Ekip swen li an te fè anpil tès men yo pa t jwenn okenn enfeksyon. Apre 10 jou tounen nan lopital la, yo te kite l tounen lakay li, lafyèv li a te fin pase.
Martin te kòmanse terapi epatit C jis anvan transplantasyon li an epi li te fini l jis apre. Terapi a te geri epatit C li a.
Mwen te fè rankont 1 èdtan mwen an nan Mass General, mwen tounen nan otèl la, mwen manje, epi mwen al kouche. Nan demen maten, telefòn otèl la sonnen, epi premye panse m te: Ki moun ki konnen mwen isit la? Se te klinik transplantasyon an ki t ap di: 'Pa kite vil la nou jwenn yon fwa.'
Martin Orloski
- Pasyan Transplantasyon Fwa Mass General Brigham
Lavi apre operasyon transplantasyon fwa
Martin konnen li te gen yon chans ekstraòdinè pou li te jwenn nouvo fwa li a, e li te nan bon kote a nan bon moman an — aprann ke te gen yon ògàn yon donatè ki te disponib apre li te fin sou lis transplantasyon an sèlman pandan 17 èdtan se te yon bagay ki te sanble ireyèl pou li.
Doktè l yo te balanse tretman l pou rann rekiperasyon l fèt pi rapid, yo jere kondisyon sante ki gen rapò ak li yo ak efè segondè medikaman l yo. Antanke yon moun ki dwe pran medikaman iminosupresè pou anpeche kò l rejte nouvo fwa li a, li toujou bezwen fè atansyon nan yon mond k ap fè fas ak pandemi.
Mwen poko manje anndan yon restoran, li di. An reyalite, mwen manje nan restoran deyò sèlman yon fwa, de fwa, ou konnen. Gen twòp risk nannan nan tout sa m ap fè an piblik.
Evolisyon swen transplantasyon fwa nan Mass General Brigham
An 2020, espesyalis nan Sant Transplantasyon Mass General te fè yon total 78 transplantasyon fwa. An 2021, Mass General ak Brigham and Women's Hospital te mete tèt yo ansanm pou devlope Pwogram Transplantasyon Fwa Mass General Brigham lan. Objektif kolaborasyon sa a se te elaji opsyon swen pou pasyan yo epi konbine konesans vaste sou swen fwa ak transplantasyon ògàn de enstitisyon nou yo. Ekip transplantasyon fwa a — ki fòme ak doktè medikal ak doktè chirijyen ki soti nan de lopital ki gen pi gwo evalyasyon nan Nouvèl Angletè — bay pasyan ki gen maladi fwa grav oswa kwonik, ansanm ak pasyan ki gen kansè nan fwa, tout opsyon konplè pou tretman, transplantasyon ak swivi medikal. Pwogram Transplantasyon Fwa a kontinye ap grandi. Nan ane 2022, ekip la te fè 95 transplantasyon fwa ak donatè ki te mouri epi 2 transplantasyon fwa ak donatè ki te vivan.
Rekonesan pou yon mirak modèn
Malgre tout difikilte li te oblije fè fas ak yo apre transplantasyon li a, Martin gen yon gwo rekonesans pou chans li te genyen nan bon moman an, ansanm ak pou swen eksepsyonèl li di li te resevwa nan men pwofesyonèl swen sante Mass General Brigham yo chak etap nan chemen an.
Mwen kontan pou m la, epi mwen pap la si se pa t pou radyològ mwen an, Doktè Omar Zurkiya; chirijyen mwen an Doktè Nahel Elias; doktè onkològ mwen an. Joseph Franses; doktè epatològ mwen an. Irun Bhan; doktè Camille Nelson Kotton ki soti nan maladi enfeksyon; ak tout moun nan sant transplantasyon an.
Jodi a, gras ak nivo swen medikal ak ekspètiz li te jwenn nan Mass General, li kapab monte nan Tesla neo-urbanite li a epi al manje gato ak Alden pou anivèsè Alden, an pèsòn.