Pwogram Transplantasyon Fwa
877-716-8440
Sou pwogram nan
Pwogram Transplantasyon Fwa Mass General Brigham lan konbine ekspètiz de enstitisyon ki dirijan – Massachusetts General Hospital ak Brigham ak Women’s Hospital. Fonde an 2021, pwogram sa a elaji opsyon swen yo epi li ini plizyè deseni travay pyonye nan transplant ògàn.
An 1954, Brigham ak Women’s Hospital te fè premye transplant ògàn ki te reyisi nan mond lan. Depi 1988, Massachusetts General Hospital te nan premye liy nan transplant fwa epi li fin konplete plis pase 1,000 transplant fwa jiska prezan, sa ki etabli li kòm pwogram fwa ki gen plis eksperyans nan New England.
Ekip transplant fwa miltidisiplinè nou an ofri tretman konplè pou maladi fwa akit ak kwonik, ki gen ladan kansè fwa. Pwogram Transplantasyon Fwa Mass General Brigham lan gen landan l de klinisyen Mass General ak Brigham. Atravè kolaborasyon sa a, ou gen opsyon pou w wè doktè nan nenpòt nan lokal Boston yo pou:
- Evalyasyon, ki kapab fèt tou nan yon klinik evalyasyon nan kominote.
- Navigasyon lis tann transplantasyon an
- Swen apre transplantasyon
Swen chirijikal yo pral fèt sèlman nan Mass General. Yon fwa ou kòmanse swen ou nan nenpòt Mass General oswa Brigham, jesyon maladi fwa ou ap kontinye nan menm enstitisyon sa a.
Metòd nou nan swen transplantasyon fwa
Vwayaj pasyan an
Distans pa ta dwe yon baryè pou swen sante ki eksepsyonèl ak kalite siperyè. Atravè Pwogram Evalyasyon Transplant, nou pote swen transplant fwa pi pre lakay pou pasyan atravè New England.
Pwosesis evalyasyon transplantasyon an
Pwosesis evalyasyon entegre nou an disponib nan Mass General, Brigham, ak klinik evalyasyon nan kominote. Yon kowòdonatè transplantasyon ki dezinye ap gide ou atravè yon evalyasyon konplè, jere tout plan tretman ou soti nan premye evalyasyon an jiska desizyon final la. Pou kòmanse evalyasyon transplantasyon fwa ou a, kontakte pwogram nou an nan 877-716-8440.
Ekip nou an asire ou resevwa swen ekspè, pèsonalize pandan tout vwayaj transplant ou, kèlkeswa kote ou ye.
Kisa pou atann
- Referans: Depi doktè ou a fin refere w, ekip transplantasyon an ap kontakte ou pou pran yon randevou avèk ou. Pasyan yo ka fè referans tèt yo pa mande yon randevou pa telefòn oswa fòm sou entènèt.
- Evalyasyon: Pwosesis la kòmanse ak yon randevou evalyasyon, ki gen ladan rasanble istwa medikal ou, yon egzamen fizik ak kèk tès inisyal minimòm.
- Seleksyon: Evalyasyon ou a revize pa yon komite pou detèmine si ou elijib pou yon transplant.
- Lis tann: Si yo apwouve evalyasyon ou an, yo ajoute non ou sou lis nasyonal datant pou donatè ki mouri (UNOS), epi rechèch pou jwenn yon donatè vivan kòmanse.
- Preparasyon: Pandan ou pwoche nan tèt lis tann lan oswa si ou gen yon donatè vivan apwouve, se tan pou ou pare.
- Transplantasyon: Lè gen yon matche, ekip la ap ede ou prepare pou transplant ou.
- Apre transplantasyon: Apre transplant ou, ou pral travay ak ekip transplant la pou kreye yon plan aksyon pou swen kontinyèl ou.
Sèvis nou yo
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Cirrhosis
- Hepatitis B
- Hepatitis C
- Acute Liver Failure
- Primary Sclerosing Cholangitis (PSC)
- Autoimmune Hepatitis
- Alcohol-Induced Liver Disease
- Metabolic Dysfunction-Associated Steatotic Liver Disease (MASLD)
- Portal Hypertension
- Alcoholic Hepatitis
- Hemochromatosis
- Hepatocellular Carcinoma
- Decompensated End-Stage Liver Disease
- Primary Biliary Cirrhosis
- Metabolic Dysfunction-Associated Fatty Liver Disease
- Metabolic Dysfunction-Associated Steatohepatitis
- Alpha-1 Antitrypsin Deficiency
- Colorectal Liver Metastases
- Hilar Cholangiocarcinoma
- Intrahepatic Cholangiocarcinoma
- Liver Transplant
- Liver Biopsy
- TIPS (Transjugular Intrahepatic Portosystemic Shunt)
- Liver Panel
- Magnetic Resonance Cholangiopancreatography (MRCP)
- Endoscopic Retrograde Cholangiopancreatography (ERCP)
- Paracentesis
- Hepatic Angiography
- Upper GI Endoscopy
- Percutaneous Transhepatic Biliary Drainage
Kontakte Pwogram Transplant Fwa
877-716-8440
Sèvis Pasyan Entènasyonal.
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal.