false

Swen Pasyan ki entène nan Lakay li: Istwa Tom Faulkner

Mwen te chita la a sou chèz mwen. Yo te chita sou kanape a epi nou t ap pale sou fanmi ak zanmi ak vwayaj, Tom Faulkner, 81 lane, ki soti West Roxbury, di.

Tom te fèk soti nan sèvis Lopital Lakay Mass General Brigham apre yon epizòd selilit. Li reflechi sou eksperyans 12 jou li a, kote li te resevwa swen pasyan entène nan konfò lakay li, avèk yon gwo satisfaksyon. Yo te pote tout sa yo te bezwen dirèkteman lakay mwen, li di. Yo te vini lè yo te di yo t ap vini an, yo te zanmitay epi yo te gen anpil konpetans. Mwen vrèman satisfè anpil ak tout swen konplè mwen te resevwa yo

Malgre li te twò abitye ak sistèm swen sante a akòz dyabèt li ak maladi kè li, Tom ak fanmi li pa t janm tande pale de Lopital Lakay la jiskaske li te jwenn li nan Depatman Ijans nan Brigham and Women's Faulkner Hospital ak doulè ak anflamasyon nan janm li. Yo te dyagnostike Tom epi te jwenn li gen selilit ki mande antibyotik nan venn pou trete. Tom te pase nwit la nan Depatman Ijans lan, li te pè yo t ap entène l lopital. Erezman, doktè ki t ap travay la ki te vin wè Tom nan demen maten an te gen yon pi bon lide.

Tom te yon kandida ideyal pou Lopital Lakay la.

Doktè ki t ap travay la te eksplike ke avèk Lopital Lakay Mass General Brigham, pasyan yo resevwa swen nan nivo lopital san yo pa bezwen rete nan yon etablisman lopital. Pou pasyan tankou Tom, k ap fè eksperyans kondisyon ki kalifye tankou maladi kè, maladi kwonik obstriktif poumon, enfeksyon ak plizyè lòt ankò, Lopital Lakay ofri opòtinite pou yo trete epi refè, souvan pi vit ke nan lopital la, pandan y ap nan konfò ak anviwònman abitye lakay yo.

Beverly, madanm Tom depi prèske 60 lane, ak pitit gason l lan, Mark, te yon ti jan ezite nan kòmansman an.

Mark te di "Mwen te gen kèk dout". Mwen te enkyete paske mwen te pè li pa t ap resevwa nivo swen li te bezwen an. Èske enfimyè yo ak doktè yo t ap vini lè yo te di yo t ap vini? Men chak jou, yo te toujou rive alè, epi swen li te resevwa a te vrèman eksepsyonèl.

Beverly dakò. Doktè ak enfimyè ki te vin lakay nou yo te trè sosyal, yo te konn kominike byen avèk nou. Apre chak vizit, yo te konn kite yon nimewo telefòn pou nou te ka kontakte yo jou sa a si nou te bezwen yon bagay.

Nan yon okazyon, Tom, ki sou yon medikaman anti-kowagilasyon, te kòmanse senyen. Li menm ak Beverly te rele ekip swen an. Mark di, doktè a te reponn vit". "Nan senk minit li te gen yon plan epi li te mete plan sa a an aksyon".

Anplis swen ekspè Tom te resevwa pandan li t ap repoze alèz nan chèz li pi renmen an nan salon lakay li, li di sèvis la te pote anpil lòt avantaj tou. Li te kapab resevwa tout kantite manm fanmi li te vle vin vizite l — koup la gen senk pitit pitit an total — dòmi nan pwòp kabann pa li, pwofite entimite pwòp twalèt pa li, epi manje manje li pi renmen yo prepare nan pwòp kwizin lakay li.

Sèvis sa a vrèman bèl anpil. Mwen ta rekòmande l bay nenpòt moun ki reponn ak kritè yo. Men mwen espere mwen p ap janm bezwen sèvi avè l ankò!" li di an blag.

primary
internal
Aprann plis sou Lopital Lakay Mass General Brigham
/content/unified-xwalk/ht/services/home-hospital