false

Faktirasyon Egzamen Sante Prevantif

Jwenn repons pou kesyon komen sou faktirasyon pou egzamen fizik anyèl avèk doktè prensipal ou a.

Ki sa ki yon "Egzamen Sante Prevantif," e èske asirans mwen pa kouvri l?

Yon Egzamen Sante Prevantif se yon egzamen fizik anyèl kote doktè prensipal ou ap:

  • Poze ou kesyon sou sante ou
  • Fè yon egzamen fizik
  • Bay ou konsèy sou kijan pou anpeche pwoblèm sante
  • Pran swen pwoblèm sante minè oswa yon maladi kwonik ki pa chanje

Plan sante komèsyal

Dapre Lwa sou Swen Abòdab la, plan sante komèsyal yo oblije kouvri yon Egzamen Sante Prevantif anyèl san okenn pri pou pasyan an (pa gen ko-pèman, ko-asirans, oswa dediktib).

Medicare Advantage

Anpil plan Medicare Advantage ap peye tou tout pri egzamen sante prevantif yo.

Medicare Pati B

Vizit Byennèt Anyèl

Medicare Pati B kouvri yon vèsyon diferan nan yon vizit anyèl, ki rele "Vizit Byennèt Anyèl Medicare." Pandan Vizit Byennèt Anyèl Medicare ou a, founisè ou a ap:

  • Poze kesyon sou sante ou, ak istorik fanmi ak sosyal
  • Bay konsèy sou kijan pou anpeche pwoblèm sante, ki gen ladan yon plan pou depistaj nan lavni
  • Fè tès depistaj pou depresyon ak lòt pwoblèm sante mantal oswa enkyetid sou sekirite

Yon Vizit Byennèt Anyèl Medicare pa enkli yon egzamen fizik. Si founisè ou a fè yon egzamen fizik pandan vizit ou z pou evalye sante ou oswa trete nenpòt pwoblèm medikal, ou ka responsab pou yon ko-asirans oswa yon pèman dediktib Medicare Pati B.

Vizit "Byenveni nan Medicare"

Pandan premye 12 mwa enskripsyon ou nan Medicare Pati B, yon vizit "Byenveni nan Medicare" kouvri, ki gen ladan yon egzamen fizik.

Kesyon yo poze souvan

Kilè nenpòt nan vizit sante anyèl sa yo ka tounen yon Vizit Maladi oswa yon vizit pou maladi kwonik?

Pafwa, egzamen sante prevantif anyèl ou a, vizit byennèt anyèl Medicare, oswa yon "Byenveni nan Medicare" ka tounen yon "Vizit Maladi."

Pandan vizit ou a, founisè ou a ka bezwen trete yon nouvo pwoblèm medikal oswa yon pwoblèm kwonik ki chanje. Si sa rive, yo rele pati sa a nan vizit la yon Vizit Maladi e li ka lakòz sèvis adisyonèl yo ap chaje sou asirans ou.

Pifò konpayi asirans ap peye pou evalyasyon, tès, ak trètman vizit pou maladi, men plan asirans ou ka mande pou ou peye yon ko-pèman, yon frè dediktib, ak/oswa yon pèman ko-asirans pou vizit pou maladi a, menm lè yo fè l pandan menm randevou a ak Egzamen Prevansyon Sante Anyèl ou, Vizit Byennèt Anyèl Medicare, oswa Vizit Byenvini nan Medicare.

Èske tès laboratwa pou depistaj maladi ak vaksen yo kouvri pandan Vizit Sante Anyèl mwen yo?
Medicare ak anpil plan asirans sante komèsyal kouvri sèten tès depistaj (tankou depistaj kansè ak maladi kadyovaskilè) ak vaksen. Kouvèti espesifik depann sou laj ou ak plan asirans sante ou. Yo ka pa kouvri kèk tès ak vaksen jiska 100%, e gen kèk ladan yo yo ka pa kouvri ditou. Nan ka sa yo, ou ka responsab pou yon pèman ko-asirans oswa dediktib.
Kilè m ap gen pou m peye?

Nou pral mande ko-pèman ou lè ou anrejistre nan pou yon vizit. Nou pral voye pou ou yon bòdwo si gen nenpòt balans ou pa peye aprè nou resevwa pèman pou vizit ou a nan men konpayi asirans ou an.

Li enpòtan pou ou konprann avantaj asirans sante ou epi Nou ankouraje w pou kontakte plan asirans sante ou si ou gen nenpòt kesyon sou sa ki enkli nan Egzamen Prevansyon Sante Anyèl ou, Vizit Byennèt Anyèl Medicare oswa Vizit Byenvini nan Medicare, oswa ka mande tou sou frè pou Vizit pou maladi, tès laboratwa, vaksen, ak lòt sèvis yo fè pandan Egzamen Prevansyon Sante Anyèl ou, Vizit Byennèt Medicare, oswa Vizit Byenvini nan Medicare.

Si konpayi asirans ou a pa reponn tout kesyon ou yo, tanpri kontakte Solisyon Faktirasyon:

Telefòn
617-726-3884
Lendi - Vandredi: 9:00 a.m. - 4:30 p.m. ET

Voye yon imèl pou
patientbilling@partners.org sèlman pou kesyon jeneral; yon reprezantan ap reponn jeneralman nan twa jou ouvrab.
(Tanpri itilize www.patientgateway.org pou w ka wè detay sou kont ou, voye mesaj ki gen enfòmasyon konfidansyèl, oswa peye bòdwo ou yo.)

Adrès postal Kominikasyon sèlman (pa pou chèk)
Mass General Brigham
Solisyon Faktirasyon pou Pasyan
399 Revolution Drive, Suite 410
Somerville, MA 02145-1462

Mizajou Avril 2019