false

Faktirasyon

Jwenn repons pou kesyon sou faktirasyon, peye bòdwo ou, epi kontakte depatman Solisyon Faktirasyon pou Pasyan nou an.
primary
phone
617-726-3884

Rele depatman Solisyon Faktirasyon pou Pasyan

6177263884

Enfòmasyon adisyonèl sou bòdwo

Sa ki enkli nan bòdwo ou a

Sepandan, tanpri remake: Sèvis pratik prive ki afilye ak Mass General Brigham (anvan sa yo te rele l Partners HealthCare) ap voye ba ou nan yon fakti separe ki sòti nan pratik sa yo.

Bòdwo ou a ka genyen chaj lopital ak chaj pwofesyonèl. Sa yo ka gen ladan yo sèvis, tankou sa ki annaprè yo: ekipman medikal, teknoloji, materyèl medikal, tès laboratwa, radyoloji, chanm lopital, men tou tan moun ki bay swen an pase pandan vizit la ap trete w, li rezilta tès yo, ak kowòdone swen.

Si ou pa sèten kijan plan asirans sante ou a  ap trete reklamasyon pou sit doktè ou a, kontakte  Solisyon Faktirasyon pou Pasyan  pou mande sa ou pral peye sòti nan pòch ou.

/content/dam/unified-xwalk/images/patients-visitors/patient-billing-statement-500x824.jpeg
Lè ou pral resevwa bòdwo ou a

Pasyan yo ap resevwa bòdwo yo pi vit posib aprè vizit yo oswa aprè sejou yo nan lopital la. Sik bòdwo yo fèt chak 30 jou. Yo pa voye bòdwo yo jiskaske yo fin trete tout reklamasyon asirans pou vizit sa a.

Pasyan ki pa gen asirans resevwa bòdwo yo dirèkteman.

Yon fwa yo resevwa yon bòdwo yo, pasyan yo gen 25 jou pou peye bòdwo yo an antye. Y ap make dat limit la sou bòdwo ou a.

Mass General Brigham ka òganize opsyon pèman fleksib (plan pèman) sou demann. Si ou gen bòdwo medikal ou pa ka peye, tanpri ale sou  paj Asistans Finansyè nou an pou aprann plis sou opsyon ki disponib pou ou.

Chanjman nan deklarasyon bòdwo pasyan ou a

Nou kontan anonse yon chanjman nan bòdwo pasyan Mass General Brigham, ki ap ofri ou ak fanmi ou deklarasyon ki pi fasil pou li ak konprann.

Detay yo enkli dat chak pasyan te resevwa sèvis ,rezime chaj yo, pèman asirans, ajisteman, kont yo mete sou plan pèman, kont yo pa mete sou yon plan pèman, pèman chak mwa yo dwe ansanm ak aktivite ki fèt jiska dat deklarasyon sa a ak balans ki rete a ki enkli tout manm fanmi pou ka yon garan finansye (pa egzanp, pitit, elatriye). Aprann plis sou konprann nouvo deklarasyon ou an chak mwa.

Glosè tèm pou faktirasyon pasyan
Pou ede ou konprann bòdwo ou a, aprann tèm komen pou faktirasyon.

Peye bòdwo ou a

Pou fè l pi fasil pou ou, gen kèk opsyon pèman pou peye bòdwo ou a:
Anliy

Fason ki pi pratik ak efikas pou peye bòdwo ou se sou entènèt. Si ou gen yon kont Patient Gateway, ou ka gade estati aktyèl tout balans ki ouvè pou pasyan an; yo poste pèman yo imedyatman sou kont ou. Ou ka chwazi opsyon bòdwo san papye a epi resevwa bòdwo ou sou entènèt. Ou ka tou ranje plan pèman chak mwa.

Ou ka paye atravè Patient Gateway oswa paye kòm yon envite.

Rele
Ou ka tou rele 617-726-3884 epi peze 1 pou peye bòdwo ou pa telefòn. Tanpri gen nimewo kont ou ak dat nesans pasyan an pare. Ou ka tcheke balans kont aktyèl ou. Yo poste pèman yo imedyatman sou kont ou.
Atravè lapòs

Voye yon chè oswa manda postal bay Mass General Brigham nan:

Mass General Brigham
P.O. Box 418393
Boston, MA 02241-8393

Mete koupon ki soti nan deklarasyon an epi ekri nimewo kont ou (se pa nimewo dosye medikal) sou chèk ou a. Yo ka pa poste sou kont ou chèk ou voye nan yon lòt adrès.

Kontakte Patient Billing Solutions

Kontakte Patient Billing Solutions ak nenpòt kominikasyon, ki gen ladan demann pou enfòmasyon, òf pou regle dezakò oswa nòt jeneral sou bòdwo ou a.

Telefòn: 617-726-3884
Lendi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Madi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Mèkredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Jedi: 9:00 a.m. - 4:30 p.m.
Vandredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.

Voye imèl: patientbilling@partners.org pou kesyon jeneral sèlman; yon reprezantan ap reponn jeneralman nan twa jou ouvrab.
(Tanpri ale souwww.patientgateway.org pou gade detay yo sou kont ou, voye mesaj ak enfòmasyon konfidansyèl, oswa peye bòdwo ou.)

Adrès pou voye pa lapòs
Korespondans sèlman (pa voye chèk)
Mass General Brigham
Patient Billing Solutions
399 Revolution Drive, Suite 410
Somerville, MA 02145-1462

Si ou ta renmen peye bòdwo ou, tanpri gade seksyon peye bòdwo ou pou enstriksyon espesifik.