Dwa ou ak pwoteksyon kont bòdwo medikal sipriz
Kisa "bòdwo balans" ye (yo pafwa rele l "bòdwo sipriz")?
Lè ou wè yon doktè oswa lòt founisè swen sante, ou ka dwe kèk depans ou peye ak lajan nan pòch, tankou yon ko-pèman, ko-asirans, oswa dediktib. Ou ka gen plis depans oswa ou ka oblije peye tout bòdwo a si ou wè yon founisè oswa vizite yon enstalasyon swen sante ki pa nan rezo plan sante ou a.
Founisè ki pa nan rezo vle di founisè ak etablisman ki pa siyen yon kontra avèk plan sante ou pou bay sèvis. Founisè ki pa nan rezo yo ka gen dwa voye bòdwo ba ou pou diferans ki genyen ant sa plan asirans ou peye ak kantite total yo chaje pou yon sèvis. Sa a rele "bòdwo balans." Kantite sa a gen plis chans pou li plis pase depans ki nan rezo a pou menm sèvis la e li ka pa konte pou dediktib plan ou a oswa limit anyèl ak lajan nan pòch.
"Bòdwo sipriz" se yon bòdwo balans nou pa atann. Sa ka rive lè ou pa ka kontwole kiyès ki patisipe nan swen ou, tankou lè ou gen yon ijans oswa lè ou pran randevou nan yon etablisman ki nan rezo a men yon founisè ki pa nan rezo a trete w san atann. Bòdwo medikal sipriz ka koute plizyè milye dola selon pwosedi oswa sèvis la.
Ou pwoteje kont bòdwo balans pou:
Sèvis ijans
Si ou gen yon kondisyon medikal ijan epi ou resevwa swen ijans nan men yon founisè oswa yon etablisman ki pa nan rezo a, kantite maksimòm yo ka voye bòdwo ba ou se kantite pataj frè nan rezo plan ou (tankou ko‑pèman, ko‑asirans, ak frè dediktib). Ou pa ka resevwa frè balans pou sèvis ijans sa yo. Sa a enkli sèvis ou ka jwenn aprè ou fin nan yon kondisyon estab, sòf si ou bay konsantman alekri epi renonse ak pwoteksyon ou kont bòdwo balans pou sèvis aprè estabilizasyon.
Kèk sèvis nan yon lopital ki nan rezo a oswa nan yon sant chirijikal anbilatwa
Lè ou resevwa sèvis nan yon lopital ki nan rezo a oswa nan yon sant chirijikal anbilatwa, kèk founisè ka pa nan rezo a. Nan ka sa yo, maksimòm kantite yo ka chaje ou se pati pri ou dwe peye nan rezo plan ou a. Sa a aplike pou medsen ijans, anestezi, patoloji, radyoloji, laboratwa, neonatoloji, asistan chirijyen, medsen jeneralis, oswa sèvis entansif. Founisè sa yo pa ka voye ou yon bòdwo balans epi yo pa ka mande ou pou renonse pwoteksyon ou kont bòdwo balans.
Si ou resevwa sèten sèvis nan enstalasyon ki nan rezo a, founisè ki pa nan rezo a pa ka voye ou yon bòdwo balans, sòf si ou bay konsantman alekri epi renonse ak pwoteksyon ou kont bòdwo balans.
Ou pa janm oblije renonse pwoteksyon ou kont bòdwo balans. Ou pa oblije jwenn swen ki pa nan rezo a. Ou ka chwazi yon founisè oswa yon etablisman nan rezo plan ou a.
Plis enfòmasyon sou dwa ak pwoteksyon ou
Pou enfòmasyon espesifik sou lwa eta ou yo, tanpri kontakte komisyonè asirans pou eta a kote ou te resevwa swen w lan.
- Ale sou https://malegislature.gov/Laws/GeneralLaws/PartI/TitleXVI/Chapter111/Section228 pou plis enfòmasyon sou dwa ou anba lwa eta MA.
- Ale sou http://www.gencourt.state.nh.us/rsa/html/xxx/329/329-31-b.htm pou plis enfòmasyon sou dwa ou anba lwa eta NH.
Epitou, lè yo pa pèmèt bòdwo balans, ou gen pwoteksyon sa yo:
Ou sèlman responsab pou peye pati w nan pri a (tankou ko-pèman, ko-asirans, ak dediktib ou ta peye si founisè a oswa etablisman an te nan rezo a). Plan sante ou ap peye nenpòt lòt depans pou founisè ak etablisman ki pa nan rezo a dirèkteman.
An jeneral, plan sante ou dwe:
- Kouvri sèvis ijans san ou pa bezwen jwenn apwobasyon pou sèvis yo anvan (yo rele l tou "otorizasyon anvan").
- Kouvri sèvis ijans nan men founisè ki pa nan rezo a.
- Baze sou sa ou dwe bay founisè oswa etablisman an (pataj frè), sou sa plan ou ta peye yon founisè oswa yon etablisman ki nan rezo a, epi montre kantite sa a nan eksplikasyon avantaj ou yo.
- Konte nenpòt kantite ou peye pou sèvis ijans oswa sèvis ki pa nan rezo a kòm kontribisyon pou dediktib ak limit depans ou nan rezo a.
Kontakte Solisyon Faktirasyon pou Pasyan Mass General Brigham nan 1-617-726-3884si ou gen kesyon sou bòdwo w.
Si ou kwè yo te voye yon bòdwo ki pa kòrèk ba ou, ou ka kontakte:
Massachusetts Attorney General's Office
1-888-830-6277
https://www.mass.gov/how-to/file-a-health-care-complaint
New Hampshire Department of Insurance
1-603-271-2261
https://www.nh.gov/insurance/complaints/index.htm
Nimewo telefòn federal pou jwenn enfòmasyon ak depoze plent se 1-800-985-3059.
Ale sou www.cms.gov/nosurprises/consumers pou plis enfòmasyon sou dwa ou anba lwa federal.