Bòdwo Swen Eksprès/San Randevou
Swen eksprès yo ap bòdwo kòm yon vizit nan biwo doktè oswa kòm yon vizit pasyan ekstèn lopital
Yo faktire vizit ou nan kote sa yo anjeneral swa kòm yon vizit nan biwo doktè oswa kòm yon vizit pasyan ekstèn lopital.
Faktire kòm yon kote pou vizit nan biwo doktè
Yo faktire kote sa yo anjeneral sou plan asirans sante ou kòm yon vizit nan biwo doktè oswa enfimyè pratisyen:
- Mass General Brigham Express Care (Amherst, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Andover, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Boston Common)
- Mass General Brigham Express Care (Brookline, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Danvers, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Greenfield, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Lawrence, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Lynn, MA)
- Nantucket, MA Urgent Access clinic
- Mass General Brigham Express Care (Natick, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Newton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Northampton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Pembroke, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Southampton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (South Weymouth, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Westwood, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Woburn, MA)
Billed as a hospital outpatient location
Anjeneral, yo faktire adrès sa yo sou plan asirans sante ou a kòm yon vizit pasyans ekstèn:
Kesyon yo poze souvan sou faktirasyon pou sèvis sa a
Pou kote biwo doktè espesyalize yo
- Pou sèvis yo faktire kòm yon vizit doktè oswa enfimyè pratisyen, yo anjeneral limite depans ou yo ak ko-pèman ki nesesè daprè plan asirans sante w.
Nou pral mande ko-pèman w lan lè w anrejistre pou vizit la.
Pou kote lopital pou pasyan ekstèn yo
- Pou sèvis yo faktire kòm yon vizit doktè oswa enfimyè pratisyen, yo anjeneral limite depans ou yo ak ko-pèman ki nesesè daprè plan asirans sante w la.
- Epitou, w ap resevwa yon fakti pou sa yo rele souvan yon "frè etablisman pou itilizasyon espas lopital la, ekipman, ak sipò nan men estaf la.
Plan asirans sante ou an ka mete frè lopital sa yo sou dediktib anyèl ou, e aprè ou fin peye dediktib ou a nèt, ou ka resevwa yon bòdwo pou yon pèman ko-asirans.
Nou pral mande ko-pèman ou an lè w anrejistre pou vizit la.
Nou pral voye yon bòdwo ba ou si gen nenpòt balans ou pa ko peye aprè nou resevwa pèman pou vizit ou a nan men plan asirans sante ou a.
Pou ni vizit nan biwo doktè espesyalize ak vizit nan lopital pou pasyan ekstèn, plan asirans sante ou ka mande ou pou jwenn yon referans oswa otorizasyon.
Anplis, yo ka konsidere founisè nou yo ka konsidere kòm anndan rezo oswa deyò rezo selon detay plan asirans sante ou a, sa ki ka afekte kantite ou peye.
Kèlkeswa kote a, si yo te fè yon pwosedi pandan vizit la, ou ka genyen plis depans pou peye ak kòb nan pòch ou pou sèvis adisyonèl doktè ak pou itilizasyon enstalasyon ak estaf lopital menm si yo te fè pwosedi a nan menm sal egzamen kote ou te rankontre doktè a.
Plan asirans sante ou ka ajoute frè doktè ak frè adisyonèl lopital sa yo sou dediktib anyèl ou a, epi aprè ou fin peye li nèt, ou ka gen pou peye yon ko-asirans anplis.
Ou gen dwa pou resevwa yon estimasyonsou pri vizit ou a anvan yo fè l. Tanpri kontakte Solisyon Bòdwo pou Pasyan omwen de jou travay anvan vizit ou a pou gen yon estimasyon:
Telefòn
617-726-3884
Lendi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Madi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Mèkredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Jedi : 9:00 a.m. - 4:30 p.m.
Vandredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Tanpri voye imèl pou
patientbilling@partners.org pou kesyon jeneral sèlman; yon reprezantan ap reponn jeneralman nan twa jou ouvrab.
(Tanpri itilizewww.patientgateway.org pou wè detay sou kont ou, voye mesaj ak enfòmasyon konfidansyèl, oswa peye bòdwo ou a)
Adrès postal
Kominikasyon sèlman (pa pou chèk)
Mass General Brigham
Solisyon Bòdwo pou Pasyan
399 Revolution Drive, Suite 410
Somerville, MA 02145-1462
Tanpri gen plis detay posib sou pwochen vizit la, ki gen ladan non founisè, adrès ak detay sou sèvis oswa pwosedi y ap planifye a.
Tanpri kontakte depatman Sèvis pou Manm yo nan plan asirans sante ou a pou verifye kouvèti ou a ak responsablite finansye w pou sèvis swen ijans/san randevou yo bay nan nenpòt nan kote yo liste nan paj sa a. Anjeneral, yo mete nimewo telefòn sa a sou kat asirans ou an.