Swen Je, Zòrèy, Nen ak Gòj
Pran yon randevou
+1-857-282-3944
Yon lidè entènasyonal nan swen ENT ak je
Chak ane, plizyè milye pasyan ki sòti nan plis pase 120 peyi vwayaje nan Mass General Brigham pou vin pran swen ekspè nou an. Espesyalis nou yo ki rekonèt entènasyonalman gen ladan oftalmoloji ak otolarengoloji bay trètman avanse pou maladi je, zòrèy, nen ak gòj.
Nou ofri dyagnostik konplè, trètman, ak reyabilitasyon pou maladi ki afekte vizyon, tande, ak fonksyon tèt ak kou. Ekip ki gen plizyè disiplin nou an gen ladan chirijyen ki byen fòme, espesyalis medikal, ak ekspè reyabilitasyon ki travay ansanm pou bay swen avanse pou pasyan granmoun ak timoun.
Yo klase Mass Eye and Ear, lopital espesyalite nou an pou swen zòrèy, nen ak gòj, tèt ak kou, ak swen je, pami sis pi bon lopital nan Etazini pou otolarengoloji ak oftalmoloji. Mass General Brigham se sè sistèm sante Ozetazini ki gen senk lopital yo klase nasyonalman, ki gen ladan de sant medikal akademik ki renome nan mond lan: Massachusetts General Hospital ak Brigham and Women's Hospital.
Espesyalis oftalmoloji ak ENT ki renome nan mond lan
Espesyalis nou yo bay enplan nan twon serebral pou tande (auditory brainstem implant, ABI) pou timoun ak granmoun ki gen gwo pwoblèm tande epi ki pa ka resevwa enplan kokleyè, anjeneral akoz domaj oswa absans nè oditif la oswa kokleyè a. Aparèy sa yo evite anndan zòrèy la nèt, yo delivre siyal son dirèkteman nan sèvo a pou retabli sans tande a.
The Wilson ABI Program nan Mass Eye and Ear and Massachusetts General Hospital rasanble yon ekip ki gen plizyè disiplin ki gen newolojis, chirijyen, odyològ, ak patològ langaj pou delivre swen kowòdone, konplè ak optimize rezilta pasyan yo.
Nou se sèl sistèm sante nan New England ki ofri transplantasyon selil souch sou sifas je. Yon pwosedi plizyè disiplin ki itilize selil souch pou retabli kouch ekstèn je a, yo rele l sifas okilè. Yo ka itilize trètman sa a sou ni pasyan granmoun ak timoun ki gen defisyans selil souch lenbal, swa nan yon sèl je (inilateral) oswa nan toude je (bilateral).
Rekonstriksyon selil souch sifas je a ka trete defisyans selil souch lenbal ki fèt akoz plizyè koz, tankou:
- Maladi jenetik, egzanp, aniridya
- Blesi chimik
- Domaj fizik, egzanp, domaj ki sòti nan itilize lantiy kontak
- Enfeksyon viral, egzanp, viris èpès senp
- Maladi oto-iminitè
Sant nou an ki espesyalize nan bouch ak palè ki fann fè operasyon reparasyon ak swen swivi pou timoun ak granmoun ki fèt ak bouch oswa palè ki fann.Diferans ki rive nan akouchman lè tisi nan lèv anwo a oswa nan do bouch la (palè a) pa fòme nèt pandan premye etap gwosès la.
- Yon lèv ki fann se yon separasyon nan lèv anwo a ki ka afekte yon sèl bò oswa toude bò yo, epi li ka pwolonje rive nan nen an.
- Fann nan palè se yon ouvèti nan do bouch la ki ka afekte manje, pale, ak tande si yo pa trete li.
Ekip nou an gen chirijyen kranyofasyal, espesyalis zòrèy, nen, ak gòj (ENT), ansanm ak patològ langaj-pale ki travay ansanm pou amelyore fonksyon ak aparans. Nou travay men nan men ak kòlèg ki dantis, chiriji oral ak maksilofasyal, òtodonti, ak pwotodonti pou amleryore swen.
Nou bay teknik avanse pou:
- Femèn lèv la oswa palè a
- Rekonstriksyon zòn ki afekte a pou amelyore fonksyon oswa aparans
- Amelyore pale atravè operasyon oswa terapi
- Amelyore sante zòrèy yo ak tande
- Rekonstwi nen an pou amelyore respirasyon ak aparans
- Bay sipò alontèm ki adapte ak kwasans ak devlopman chak pasyan.
Anpil pasyan entènasyonal chwazi nou pa sèlman pou eskpètiz nou, men tou pou aksè ak rechèch klinik avanse ak terapi k ap devlope ki ka pa disponib nan peyi lakay yo.
Trètman espesyal pou plis pase 35 maladi
Espesyalis ENT ak je Mass General Brigham yo gen ekspètiz nan dyagnostik ak trètman nenpòt maladi nan je, zòrèy, nen, oswa gòj pasyan yo ka ap fè fas. Aprann plis sou maladi nou trete yo anba a:
Maladi ki gen pou wè ak oftalmoloji
Maladi ki gen pou wè ak nen. je ak zòrèy
Istorik pasyan