false

Pòtal Pasyan Mass General Brigham

Pran randevou, patisipe nan vizit vityèl, renouvle preskripsyon, ak plis ankò atravè pòtal elektwonik sekirize nou an.
primary
external
Konekte oswa enskri

Konekte sou Pòtal Pasyan an

https://patientgateway.massgeneralbrigham.org/
secondary
external
Telechaje aplikasyon iOS la

Telechaje aplikasyon iOS la

https://apps.apple.com/us/app/patient-gateway/id1175078347
secondary
external
Telechaje aplikasyon Android la

Telechaje aplikasyon Android la

https://play.google.com/store/apps/details?id=org.partners.ppgmob&hl=en

Kisa Pòtal Pasyan Mass General Brigham lan ye?

Pòtal Pasyan Mass General Brigham lan se yon pòtal elektwonik sekirize ki ede w pi byen jere sante pa w oswa sante yon manm fanmi w. Pòtal Pasyan an pèmèt ou fè bagay sa yo ak plis ankò:

  • Kominike ak ekip swen sante w la
  • Pran randevou
  • Patisipe nan vizit vityèl
  • Revize medikaman w yo epi renouvle preskripsyon
  • Gade rezilta laboratwa oswa tès
  • Li nòt vizit ak rezime apre vizit
  • Mande referans
  • Peye bòdwo w
  • Li enfòmasyon sou sante ak byennèt

Paran, gadyen, ak pitit ki granmoun kapab tou pwofite karakteristik sa yo pou kowòdone swen pou timoun, moun ki depandan, oswa paran.

Pòtal Pasyan an disponib an:

Kijan pou itilize Pòtal Pasyan an

Li pi bon pou itilize Pòtal Pasyan pou fè demann senp oswa revize enfòmasyon sou sante w. Men kèk egzanp sou fason ki apwopriye ak ki pa apwopriye pou itilize Pòtal Pasyan an:

Sèvi avèk Pòtal Pasyan an pou:

  • Mande renouvèlman preskripsyon ki pa ijan.
  • Mande pou pran randevou ki pa ijan.
  • Voye foto oswa enfòmasyon pou ekip swen an revize anvan yon randevou.
  • Gade bòdwo epi fè peman.
  • Voye mesaj an sekirite bay ekip swen w lan pou enkyetid medikal ki pa ijan.
  • Gade enfòmasyon sou sante, tankou lis medikaman w, rezilta tès, ak tès depistaj ou ta ka bezwen fè.

PA itilize Pòtal Pasyan an pou:

  • Fè nenpòt demann ijan oswa poze kesyon ijan. Tanpri kontakte biwo a pou nenpòt bezwen ijan.
  • Voye konvèsasyon sosyal oswa pèsonèl, foto, ak videyo ki pa gen rapò avèk swen sante.
  • Diskite sou pwoblèm medikal konplèks oswa nouvo sentòm medikal grav. Sa yo souvan pi byen adrese nan yon vizit ak founisè w oswa ekip swen w lan.
  • Poze kesyon sou manm fanmi w sou pwòp kont Pòtal Pasyan ou.
  • Fè plent konsènan lòt founisè oswa eksperyans swen. Si w gen enkyetid konsènan eksperyans ou, tanpri kontakte biwo relasyon pasyan pou klinik la oswa lopital la.

Karakteristik adisyonèl sa yo disponib :

  • Aplikasyon mobil: Pasyan yo kapab fasilman jwenn aksè nan Pòtal Pasyan an lè yo sèvi avèk aplikasyon mobil nou an. Li disponib pou tou de Androidak iOS.
  • eCheck-in: Pasyan nan pratik k ap itilize eCheck-in kapab verifye epi mete ajou enfòmasyon asirans, ranpli kesyonè, epi peye ko-peman sou entènèt anvan randevou yo.
  • Vizit Vityèl: Ou ka konekte nan yon vizit vityèl atravè yon lyen nan Pòtal Pasyan. Vizit vityèl yo ka fèt depi lakay ou oswa yon lòt kote prive.
  • Enfòmasyon sou sejou ou nan lopital la : Si yo admèt ou nan youn nan lopital nou yo kòm pasyan entène, w ap kapab wè enfòmasyon enpòtan sou sejou ou nan lopital la. Enfòmasyon sa a gen ladan lis medikaman ou pran pandan ou entène, ki moun ki nan ekip swen ou a ak nòt sou pwogrè yo, ak materyèl edikatif.

Kesyon yo Poze Souvan (FAQ)

Kouman mwen kapab enskri sou Pòtal Pasyan Mass General Brigham lan?

Telechaje enstriksyon ki anba yo sou fason pou jwenn aksè nan Pòtal Pasyan an avèk yon kòd aktivasyon oswa fason pou enskri tèt ou san kòd.

Yon fwa ou fin enskri, w ap kapab resevwa kesyonè anvan vizit, rapèl randevou, epi itilize eCheck-in. W ap kapab chwazi tou fason ou ta renmen yo notifye w sou nouvo mesaj Pòtal Pasyan an, tankou pa imèl oswa mesaj tèks.

Enskri avèk lyen aktivasyon

Enskri san lyen aktivasyon

Mwen se yon moun k ap bay swen (konjwen, paran, elatriye) yon pasyan. Kouman mwen kapab jwenn aksè nan kont yo?

Yo kapab mete an plas yon kont reprezantan swen pasyan (PCR) Pòtal Pasyan pou pasyan yo. Yon PCR Pòtal Pasyan pa menm bagay avèk yon mandatè. Yon konjwen, paran, pitit ki granmoun, oswa lòt moun yo deziyen ka vin yon PCR Pòtal Pasyan si pasyan an otorize yo. Tanpri sonje ke aksè Pòtal Pasyan pou adolesan yo ak PCR yo a limitepou respekte règleman leta yo konsènan swen konfidansyèl pou adolesan.

Kouman pou jwenn aksè PCR pou pasyan granmoun

Kouman pou jwenn aksè PCR pou pasyan ki timoun ak adolesan

Kouman mwen kapab jwenn sipò teknik?
Ekip nou an kapab ede w reponn nenpòt kesyon oswa enkyetid. Li FAQ nou yo oswa kontakte Sipò Teknik Pòtal Pasyan an nan 800-745-9683.

Manm ki enskri sou Pòtal Pasyan an ak afilye yo

Manm fondatè

  • Brigham and Women's Hospital
  • Massachusetts General Hospital

Manm

  • Brigham and Women's Faulkner Hospital
  • Cooley Dickinson Health Care
  • Community Physicians Organization
  • Martha's Vineyard Hospital
  • Mass Eye and Ear
  • Mass General Brigham Home Care
  • McLean Hospital
  • Nantucket Cottage Hospital
  • Newton-Wellesley Hospital
  • Salem Hospital
  • Spaulding Rehabilitation
  • Wentworth-Douglass Hospital

Òganizasyon afilye Pòtal Pasyan an

  • Enstiti Kansè Dana-Farber
  • Konsiltan Oftalmilojik Boston

Dènye mizajou 12/18/25