false

Nou Poze Kesyon Paske Nou Sousyan

Nou poze kesyon paske nou wè w. Chak moun inik, epi tout moun merite pi bon rezilta sante yo.

Enskripsyon pasyan

Mass General Brigham pran angajman pou bay pasyan nou yo menm kalite aksè nan swen kalite siperyè kèlkeswa ras, orijin etnik, lang, bezwen entèprèt, idantite sèks, pwonon, oswa oryantasyon seksyèl. Pou sipòte misyon sa a, nou poze tout pasyan kesyon sou orijin yo ak lang yo.

Enfòmasyon w yo rete prive epi nou itilize yo sèlman pou ede nou sèvi w pi byen.

Pou konfime oswa mete enfòmasyon w yo ajou, tanpri kontakte nou nan nenpòt nan fason sa yo:

  • Ale sou pòtal pasyan sou entènèt nou an, Pòtal Pasyan
  • Rele Enskripsyon Pasyan: 866-211-6588
  • Pale an pèsòn ak yon anrejistrè

Poukisa nou poze kesyon sou ras, orijin etnik, lang, idantite sèks, pwonon, ak oryantasyon seksyèl?

Objektif nou se bay tout moun swen sante ki ekselan, ki an sekirite, epi ki jis. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou:

  • Ede ekip swen yo konprann pasyan yo ak kominote n ap sèvi yo. Orijin, idantite, ak lang kapab enfliyanse sante moun. Kidonk, plis nou konnen kiyès pasyan nou yo ye, plis nou kapab bay ou swen ki pi bon.
  • Planifye amelyorasyon kalite epi elimine inegalite yo. Menm jan ak tout sistèm swen sante ki gen kalite siperyè, nou konpare rezilta sante yo pami diferan gwoup pasyan. Sa montre nou kijan n ap bay swen, konsa nou kapab ajiste metòd nou lè sa nesesè.
  • Kreye pi bon sèvis ak pwogram, tankou sèvis entèprèt ak zouti sante dijital. Rekonèt diferans ki genyen pami pasyan yo vle di idantifye diferan fason nou kapab sipòte w pi byen. Pa egzanp, konnen preferans lang pasyan nou yo ede nou planifye pou entèpretasyon ak tradiksyon medikal.
  • Satisfè egzijans federal yo. Menm jan avèk tout founisè swen sante yo, nou respekte règleman yo pou bay yon foto konplè sou pasyan n ap sèvi yo pou ede amelyore swen yo nan nivo nasyonal.

Kiyès ki wè enfòmasyon sa yo?

Sèl moun ki wè enfòmasyon sa a se klinisyen w lan, pèsonèl sipò biwo swen sante a, ak pèsonèl amelyorasyon kalite nan Mass General Brigham lan. Pèsonèl nou an jwenn aksè nan enfòmasyon sa yo sèlman lè sa nesesè pou bay swen, operasyon swen sante yo, ak bòdwo yo. Tout enfòmasyon nou kolekte fè pati dosye medikal ou, ki toujou rete prive. Dosye medikal ou an pwoteje pa lalwa.

Aprann plis sou dwa ou genyen pou vi prive pasyan

Èske li obligatwa pou pasyan yo bay enfòmasyon sou ras, orijin etnik, lang, idantite sèks, pwonon, ak oryantasyon seksyèl?

Non. Ou gen chwa pou w deside si w ap bay enfòmasyon w yo. Nou mande sa pou nou kapab sèvi ou menm ak tout kominote pasyan divès nou yo pi byen.