false

Sèvis Aksè nan Lang

Lopital Mass General Brigham yo ofri sèvis aksè nan lang 24 èdtan pa jou, gratis, pou pasyan yo ak manm fanmi yo. Sèvis sa yo enkli tradiksyon ak sèvis entèprèt pou pèmèt fanmi ak pasyan yo patisipe konplètman nan tretman yo.

Kapab konprann plan swen w lan se kle pou resevwa swen ki an sekirite epi ki gen kalite siperyè. Entèprèt medikal nou yo ede pasyan yo ak fanmi yo eksprime bezwen yo, kesyon yo, ak preferans yo nan yon fason ki adapte avèk kilti yo.

Nou ofri sèvis entèprèt gratis pou pasyan yo ak moun ou renmen ki pale yon lòt lang ki pa anglè, oswa ki Soud, ki Soud e Avèg, oswa ki gen difikilte pou tande. Entèprèt nou yo ak teknoloji asistans nou yo ede ou menm ak ekip swen w lan kominike avèk efikasite epi an sekirite pandan tout vizit ou a.

Tanpri fè ekip swen w lan konnen bezwen kominikasyon ou yo anvan oswa pandan randevou w la. Si w ap planifye yon vizit, ou ka mande yon entèprèt tou nan moman sa.

Sèvis entèprèt

Entèprèt lang pale
Nou gen entèprèt lang ki pale plis pase 300 lang. Entèprèt ki resevwa fòmasyon nou yo kapab patisipe nan randevou w la an pèsòn oswa pa telefòn oswa pa koneksyon videyo. Pou mande yon entèprèt, tanpri fè ekip swen w lan konnen oswa mansyone bezwen kominikasyon ou lè w ap planifye yon vizit.
Entèprèt ak aparèy asistans pou pasyan ki Soud, ki Soud e Avèg oswa ki gen difikilte pou tande
Entèprèt ASL nou yo ede pasyan ki Soud, ki Soud/Avèg, oswa ki gen difikilte pou tande. Pasyan yo gen aksè tou ak teknoloji asistans, tankou videyofòn, kask anplifye, ak sèvis CART (Tradiksyon pou Aksè Kominikasyon an Tan Reyèl). Si ou bezwen youn nan resous sa yo, tanpri enfòme ekip swen w lan anvan vizit ou a oswa lè w ap anrejistre.
Sèvis ak enfòmasyon kontak pa lopital la

Brigham and Women’s Hospital

Ou kapab kontakte Sèvis Entèprèt yo nan 617-732-6639 Lendi a Vandredi pandan lè travay yo. Gen yon entèprèt panyòl sou apèl pandan lannwit la pou resevwa apèl.

Entèprèt ASL disponib Lendi a Vandredi, 9 è a.m. a 5 è p.m.

Massachusetts General Hospital

Ou kapab kontakte Sèvis Entèprèt yo nan 617-726-6966. Peze 6 pou pale avèk yon kowòdonatè.

Lè travay yo se Lendi jiska Vandredi, 7 è a.m. a 8 è p.m. ak Samdi epi Dimanch 8:00 a.m. a 6:30 p.m.

Gen entèprèt panyòl, pòtigè, ak lang siy ameriken sou apèl pandan lannwit la pou resevwa apèl.

Brigham and Women’s Faulkner Hospital

Kontakte: 617-983-7000, ekstansyon 1338

Cooley Dickinson Hospital

Kontakte: 413-582-2203, oswa faks nan 413-582-2957

Lendi a Vandredi, 8 è a.m. a 4:30 p.m.

Martha’s Vineyard Hospital

Tanpri fè yon demann pou sèvis avèk ekip swen w lan.

Mass Eye and Ear

Kontakte: 617-573-5772

interpreterservicesoffice@meei.harvard.edu

McLean Hospital

Kontakte: 617-855-3087

Nantucket Cottage Hospital

Tanpri fè yon demann pou sèvis avèk ekip swen w lan.

Newton-Wellesley Hospital

Kontakte: 617-243-6698

Salem Hospital

Kontakte: 978-741-1200

Entèprèt an pèsòn sa yo disponib nan Salem Hospital:

  • Panyòl: Lendi a Vandredi, 6:30 a.m. a 5 è p.m.
  • Lang siy Ameriken: Lendi a Vandredi (jan yo mande sa)

Spaulding Rehabilitation

Kontakte: 617-952-5335

Wentworth-Douglass Hospital

Kontakte: Rele 1-844-311-9901 pou jwenn yon Entèprèt.

Sèvis entèprèt pa telefòn

Lòt kontak

Ou bezwen lòt sipò pou aksè?

Nou pran angajman pou asire enstalasyon, sèvis, ak enfòmasyon nou yo aksesib pou tout pasyan, vizitè, ak anplwaye.
primary
internal
Aprann plis sou sèvis aksè nou yo
/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/resources/patient-experience/accessibility