Dwa ak Responsablite Pasyan
Mass General Brigham pran angajman pou kenbe dwa, diyite, ak byennèt pasyan nou yo. Nou pa fè diskriminasyon kont okenn moun. Nou pa fè diskriminasyon kèlkeswa:
- Laj
- Dyagnostik
- Andikap
- Etnisite
- Enfòmasyon jenetik
- Lang
- Estati marital oswa relasyon
- Orijin nasyonal, sitwayènte, oswa estati imigrasyon
- Sous peman oswa estati asirans
- Ras
- Relijyon
- Sèks, oryantasyon seksyèl, jan, idantite jan, oswa ekspresyon jan
- Estati sosyoekonomik
- Estati vaksinasyon
- Estati veteran oswa militè aktif
- Nenpòt lòt estati pwoteje
Dwa Pasyan
Nan limit lalwa prevwa, antanke pasyan, ou gen dwa pou:
-
Jwenn aksè ak/oswa resevwa tretman baze sou bezwen medikal espesifik ou lè li disponib sou baz resous lopital la. Resevwa aranjman ki gen rapò avèk andikap pou fasilite epi sipòte tretman. Resevwa tretman ijans pou sove lavi san pèdi tan. Jwenn aksè nan sèvis entèprèt epi jwenn eksplikasyon enfòmasyon yo nan lang ou prefere a. Sa gen ladan l pou yo ba ou enfòmasyon sou dwa ou nan yon lang ou kapab konprann.
-
Pou yo trete w avèk konsiderasyon, respè, ak diyite.
-
Konnen idantite ak wòl moun k ap trete w yo epi konnen relasyon ki genyen ant founisè w la ak etablisman swen sante a.
-
Refize patisipe nan rechèch.
-
Refize pou elèv fè pati ekip k ap ba ou swen an.
-
Patisipe nan swen w. Fè yon manm fanmi oswa yon moun ki la pou sipòte w ak doktè ou chwazi a konnen lè w admèt nan lopital la. Patisipe nan kreyasyon ak aplikasyon plan swen ou. Konnen opsyon tretman yo epi aksepte oswa refize tretman. Pou yo ba ou enfòmasyon yon fason ki klè, kout, epi aksesib pou pèmèt ou pran desizyon ki apwopriye konsènan tretman.
-
Enfòme w sou swen w. Patisipe nan konsantman enfòme. Enfòme w sou risk ak avantaj tretman yo ak tretman altènatif ki posib nan domèn medikal.
- Jwenn yon kopi nenpòt règ oswa règleman ki aplike pou konduit pasyan
- Pou pasyan ki nan travay ak akouchman nan Massachusetts: resevwa enfòmasyon nan moman anvan admisyon an sou to anyèl lopital la pou sezaryèn ak estatistik ki asosye yo.
- Pou sivivan agresyon seksyèl: yo dwe ofri w kontrasepsyon ijans epi jwenn enfòmasyon alekri sou kontrasepsyon ijans.
-
Fè evalye ak jere doulè w.
-
Fè respekte vi prive w pandan tretman ak swen pèsonèl nan limit rezonab posib. Gen vi prive ak konfidansyalite tout dosye ki gen rapò avèk swen w nan limit kapasite etablisman an.
-
Aksede, revize, epi jwenn yon kopi dosye medikal ou nan yon delè rezonab ak yon fòma aksesib.
-
Resevwa swen nan yon anviwònman ki an sekirite san okenn fòm diskriminasyon, abi, ak asèlman. Sèvi avèk kontrent oswa izolasyon sèlman pou asire sekirite w, oswa sekirite anplwaye nou yo oswa lòt moun. Kontrent oswa izolasyon dwe aplike pa anplwaye ki resevwa fòmasyon.
-
Mande yon estimasyon pri pou sèvis swen sante ki gen ladan yon eksplikasyon detaye sou bòdwo w la. Sa a pral reflete tout frè ak enfòmasyon konsènan asistans finansyè.
-
Resevwa yon repons rapid ak adekwa pou tout kesyon ak demann rezonab nan limit kapasite etablisman an.
-
Nonmen yon pwokirè swen sante epi ranpli yon direktiv swen avanse pou nou ka konnen ki kalite swen ou swete resevwa si ou ta vin pa kapab di nou sa.
-
Kapab kominike avèk moun ki deyò lopital la.
-
Depoze yon plent oswa yon reklamasyon bay etablisman an oswa bay òganizasyon ki apwopriye yo.
-
Pou pasyan ki nan etablisman New Hampshire yo, pèmèt reprezantan òganizasyon apwouve yo bay sèvis sosyal, asistans sante piblik oswa nan kay, epi enfòme w sou dwa w ak avantaj ou genyen pou sèvis yo.
-
Fè respekte tout dwa jan sa endike nan Lwa sou Ameriken ki gen Andikap yo.
Responsablite Pasyan yo
Nou mande w pou w jwe yon wòl aktif nan swen sante w pou ede moun k ap bay swen yo satisfè bezwen w yo.
Antanke pasyan, nou mande w pou w fè tout sa w kapab pou w:
- Bay enfòmasyon pou fasilite swen yo; sa enkli antesedan medikal, alèji, chanjman sanzatann nan kondisyon w, ak lòt enfòmasyon ki enpòtan jan sa nesesè.
- Di moun k ap bay swen yo si w pa konprann enfòmasyon nou bay sou kondisyon w oswa tretman w.
- Kolabore avèk nou sou plan tretman w lan.
- Respekte randevou ki pwograme yo oswa fè nou konnen si w pa kapab vini.
- Bay nou tout enfòmasyon ki nesesè konsènan peman pou swen medikal ou yo. Si w gen enkyetid konsènan peman bòdwo medikal yo, fè nou konnen paske nou ka gen resous pou ede w.
- Swiv règ ak règleman nou yo pou yon konpòtman an sekirite.
- Respekte dwa lòt pasyan, vizitè, ak anplwaye yo, epi respekte Kòd Konduit Mass General Brigham.
- Pran swen afè pèsonèl ou.
- Ede kreye yon anviwònman trankil ki favorize gerizon lè w kontwole bri ak kantite vizitè yo.
Pou depoze yon plent oswa yon reklamasyon
Kontakte Relasyon Pasyan ak Fanmi (PFR) :
Brigham and Women's Faulkner Hospital
Brigham and Women's Hospital
Cooley Dickinson Hospital
Martha's Vineyard Hospital
Mass General Brigham:
- AmSurg, Inc.
- Medical Group
- Urgent Care
Mass General Hospital
Mass Eye and Ear
McLean Hospital
Merrimack Valley Endoscopy Center
Nantucket Cottage Hospital
Newton-Wellesley Hospital
Salem Hospital
South Shore Endoscopy Center
Spaulding Nursing and Therapy Center Brighton
Spaulding Rehabilitation:
- Boston
- Cape Cod
- For Continuing Care Cambridge
- Outpatient Centers
Wentworth-Douglass Hospital
Oswa kontakte ajans leta lokal ou:
Asosyasyon Akreditasyon pou Swen Sante Anbilatwa
3 Parkway North, Suite 201
Deerfield, IL 60015
www.aaahc.org
1-847-853-6060
Commonwealth of Massachusetts - Konsèy Admisyon nan Medsin
178 Albion Street
Suite 330
Wakefield, MA 01880
www.mass.gov/orgs/board-of-registration-in-medicine
781-876-8200
Komisyon Inifye a
Biwo Kalite ak Sekirite Pasyan
One Renaissance Boulevard
Oakbrook Terrace, IL 60181
www.jointcommission.org
1-800-994-6610
Depatman Sante Mantal Massachusetts
Direktè Sèvis Lisans
25 Staniford Street
Boston, MA 02114
www.mass.gov/orgs/massachusetts-department-of-mental-health
617-626-8000
Depatman Sante Piblik Massachusetts
Divizyon Lisans ak Sètifikasyon pou Establisman Swen Sante
Inite pou Resevwa Plent
67 Forest Street
Marlborough, MA 01752
www.mass.gov/orgs/department-of-public-health
617-753-8150 | 1-800-462-5540
Depatman Sante ak Sèvis Imen New Hampshire
Biwo Ombudsman
105 Pleasant Street
Concord, NH 03301
www.dhhs.nh.gov
603-271-6941 | 1-800-852-3345
Depatman Sante ak Sèvis Imen Eta Maine
Divizyon Lisans ak Sètifikasyon
Pou: Resepsyon Plent
11 State House Station
41 Anthony Avenue
Augusta, Maine 04333
www.maine.gov/dhhs
207-287-9308 | 1-800-383-2441
Depatman Sante Eta Rhode Island
3 Capitol Hill
Providence, RI 02908
https://health.ri.gov/
401-222-5200