false

Tretman COVID-19 pou pasyan ekstèn

Tretman ak terapi pou COVID-19 ka diminye, yon fason ki konsiderab, risk pou devlope COVID-19 grav.

Tretman ak terapi pou COVID-19 ka diminye risk pou devlope COVID-19 grav.

Tretman pou COVID-19 lè sentòm yo lejè ka diminye risk pou devlope COVID-19 grav lakay moun ki gen pi gwo risk yo. Tretman sa yo disponib nan Mass General Brigham ak lakay lòt pwofesyonèl swen sante.

Pasyan ki gen pi gwo risk pou yo gen COVID-19 grav elijib pou tretman. Y ap ankouraje pasyan ki gen plizyè pwoblèm sante oswa ki pa t pran tout vaksen yo oswa ki pa ajou ak vaksen yo pou yo poze kesyon sou tretman yo.

Tanpri, gade anba a pou w jwenn plis detay sou opsyon tretman pou pasyan ekstèn ki gen COVID-19. CDC a gen enfòmasyon sou opsyon tretman pou pasyan ekstèn tou.

Tretman antiviral oral pou COVID-19 - Paxlovid ak Lagevrio

Tretman antiviral oral yo pran nan bouch pou trete sentom lejè ak sentom modere COVID-19 yo. Administrasyon Manje ak Medikaman (FDA) te ofisyèlman apwouve Paxlovid 25 Me 2023 a. FDA a bay yon otorizasyon pou itilizasyon ijans (EUA) pou Lagevrio (molnupiravir). Tou de medikaman sa yo se tretman ki efikas pou enfeksyon COVID-19.
Kilè yo itilize Paxlovid ak Lagevrio?
Yo itilize <p>Paxlovid ak <a href="https://www.fda.gov/media/155055/download" title="">Lagevrio</a> pou pasyan ki gen sentom tankou nen k ap koule, tous oswa gòj fè mal paske yo gen COVID-19. Yo pa t itilize yo pou prevansyon, sa vle di pou pasyan ki te ekspoze ak COVID-19 men ki pa t kontrakte viris la. Yo konsidere Paxlovid kòm yon ti jan plis efikas, men pafwa akòz entèraksyon medikaman oswa lòt pwoblèm, yo konn oblije itilize Lagevrio.</p> Ou ka jwenn <p>Paxlovid ak Lagevrio sèlman lè ou gen COVID-19. Ekip klinik ou a pa gen dwa preskri w medikaman sa yo "pou sizoka" ou teste pozitif pandan yon vwayaj oswa yon lòt fwa lè sa ka itil.</p>
Kijan yo administre Paxlovid ak Lagevrio?
Se bwè yo bwè tou de konprime sa yo Paxlovid ak Lagevrio de fwa pa jou pandan 5 jou. Yo disponib sèlman ak preskripsyon.
Kilè yo ta dwe administre Paxlovid oswa Lagevrio?
Pou moun ki gen pi gwo risk, yo ta dwe pran Paxlovid ak Lagevrio depi sentòm yo parèt. Yo ka sèlman kòmanse pandan 5 premye jou sentom yo. Si sentom ou yo deja ap amelyore, tretman ka pa nesesè.
Èske mwen ka jwenn Paxlovid oswa Lagevrio si mwen te vaksinen epi apre sa mwen te vin atrape COVID-19?
Wi. Tretman sa yo disponib pou tout moun ki gen enfeksyon COVID-19 ki a risk pou yo gen konplikasyon ki grav.
Si mwen pa t vaksinen, èske mwen ka jwenn Paxlovid oswa Lagevrio?
Wi. Tretman antiviral yo ka plis itil si ou pa t vaksinen.
Kijan tretman antiviral oral sa yo efikas?
Chèchè ki nan Mass General Brigham ak nan lòt lopital yo te jwenn Paxlovid diminye, yon fason ki konsiderab, chans pou yo ospitalize oswa mouri ak COVID-19. Lagevrio diminye chans pou yo ospitalize oswa pou yo mouri ak COVID-19.
Ki moun ki elijib pou Paxlovid?

Terapi Paxlovid disponib pou pasyan ki gen 12 an oswa plis ki:

  • Pwa omwen 40 kilogram (yon ti kras plis pase 88 liv) AK
  • Gen sentom COVID-19 AK
  • Nan 5 jou depi sentom yo kòmanse AK
  • Gen yon pwoblèm sante ki ogmante risk pou yo devlope COVID-19 grav.

Paxlovid ka gen entèraksyon ak lòt medikaman. Tanpri, di ekip swen ou an tout medikaman ak sipleman w ap pran.

Ou pa dwe itilize Paxlovid san yon ti pale avan sa ak ekip swen ou si ou:

  • Si ou te sibi yon grèf epi ou dwe pran tacrolimus, cyclosporine, everolimus, oswa sirolimus
  • Gen maladi ren oswa maladi fwa ki grav
  • Si ou bezwen kèk medikaman antikowagulan (clopidogrel, rivaroxaban, oswa lòt)
  • Ap pran anpil medikaman chimyoterapi
  • Ap pran St. John’s wort

Gen lòt opsyon efikas pou pasyan ki gen COVID-19 ki pa ka pran Paxlovid. Kontakte ekip swen ou an pou w konnen ki opsyon k ap pi bon pou ou.

Ki moun ki elijib pou Lagevrio?

Terapi Lagevrio disponib pou pasyan ki gen 18 an oswa plis ki:

  • Gen sentom COVID-19 AK
  • Nan 5 jou depi sentom yo kòmanse AK
  • Pa ansent AK
  • Gen yon pwoblèm sante ki fè yo gen plis risk pou yo gen enfeksyon COVID-19 grav.

Tanpri, sonje: Gen kèk konsiderasyon siplemantè pou pasyan ak patnè yo ki ka vin ansent yo. Tanpri, verifye ak doktè ou a pou w konnen si w bezwen kontwole pouvwa fè pitit ou (kontrasepsyon). Si ou ansent, tanpri pale ak founisè swen sante ou a anvan ou kòmanse tretman.

Jeneralman, nou itilize Paxlovid an premye paske li sanble pi efikas, men pafwa entèraksyon medikaman yo fè nou oblije itilize Lagevrio.

Èske medikaman sa yo chè pou mwen?
Okòmansman, gouvènman Etazini an te kouvri medikaman sa yo, men, pou kounya, yo distribye yo komèsyalman. Kidonk, ou ka gen yon gwo kopèman. Gen kèk pwogram ki ka ede ou peye pou Paxlovid ak si ou gen yon kopèman ki wo.
Kijan mwen ka jwenn Paxlovid oswa Lagevrio si mwen gen COVID-19?
Si ou panse ou ka elijib pou tretman, tanpri kontakte ekip swen primè ou a oswa ekip swen espesyalize ou a. Yo ka preskri w tretman.

Remdesivir

Remdesivir se yon medikaman FDA apwouve ki entèfere ak fason viris COVID-19 la repwodui. Li ka ede moun ki gen COVID-19 refè pi vit epi li diminye risk pou devlope COVID-19 grav.
Kijan yo administre Remdesivir?
Yo administre Remdesivir nan 3 enfizyon entravenez (IV) chak jou. Li pa yon konprime. Nan moman sa yo, li difisil pou w jwenn yon kote pou w pran enfizyon sa yo. Nou souvan itilize konprime oral jan yo montre sa anwo a.
Kilè yo ta dwe administre Remdesivir?
Remdesivir mache pi byen lè li administre bonè, omwen nan premye sèt jou sentom yo. Si sante ou deja ap amelyore, tretman an ka pa nesesè.
Kijan terapi Remdesivir la efikas?
Yo te montre Remdesivir se pi bon terapi pou diminye risk pou ospitalizasyon epi pou ede moun amelyore pi vit.
Ki moun ki elijib pou yo jwenn Remdesivir?

Remdesivir disponib pou pasyan ki gen 12 an oswa plis ki:

  • Pwa omwen 40 kg (yon ti kras plis pase 88 liv) AK
  • Gen sentom COVID-19 AK
  • Nan 7 jou sentom yo kòmanse AK
  • Gen yon pwoblèm sante ki fè yo gen plis risk pou yo gen enfeksyon COVID-19 grav.
Èske Remdesivir chè pou mwen?
Okòmansman, gouvènman Etazini an te kouvri medikaman sa yo, men, pou kounya, yo distribye yo komèsyalman. Kidonk, ou ka gen yon gwo kopèman.
Kijan mwen ka jwenn Remdesivir si mwen gen COVID-19?

Si ou panse ou ka elijib, tanpri kontakte founisè swen primè oswa espesyalis ou a. Yo ka refere ou pou tretman. Tanpri sonje akòz kantite plas ki limite anpil pou tretman atravè pèfizyon entravebez (Intravenous Therapy), pifò pasyan ki refere yo ap kapab resevwa tretman an.

Pa ale nan swen ijans oswa nan sal ijans pou okenn nan terapi sa yo. Yo pa disponib nan kote sa yo. Gen klinik espesyalize ki fèt pou bay terapi sa a.

Yo te refere m pou terapi sa a. Kisa k ap fèt apre sa?
Nou gen yon kantite limite Remdesivir ki disponib. Si ou ka jwenn terapi a, nou ap kontakte ou avèk enfòmasyon epi enstriksyon yo. Pou pasyan ki sou Patient Gateway yo, nou ap voye yon mesaj atravè Patient Gateway si nou estime nou pa ka pwopoze yon tretman. Si ou pa gen aksè a Remdesivir, ou ka vle swiv youn nan tretman sou fòm konprime ki te mansyone pi wo a.
Ki mete ajou 15 oktòb 2025