Planifye vizit ou
Si ou gen yon randevou an pèsòn ki ap vini, tanpri egzamine enfòmasyon ki anba a sou sa pou atann ak sa pou fè anvan ak nan jou randevou ou.
Randevou an pèsòn yo genyen ladan yo vizit ak yon founisè swen prensipal, pedyat, espesyalis, terapis fizik, ak lòt founisè ki wè pasyan nan yon klinik. Li genyen ladan l tou prelèvman san ou oswa fè yon tès imajri (tankou yon radyografi, CT, oswa MRI).
Anvan randevou ou
Tanpri kontakte biwo a anvan yon randevou an pèsòn si ou:
- Gen yon lafyèv, lòt sentòm,ki sanble ak grip, vomisman, dyare, oswa yon nouvo eripsyon sou po (ak lafyèv)
- Gen yon enfeksyon COVID-19 ki konfime oswa ou te ekspoze ak COVID-19 nan 10 dènye jou yo anvan randevou a
Ekip swen ou a ap bay enstriksyon sou pi bon etap ki vin apre yo. Yo ka rekòmande yon evalyasyon adisyonèl anvan randevou ou an.
Rapèl randevou
Ou ka resevwa yon apèl telefòn, mesaj tèks, ak/oswa yon mesaj soti nan pòtay pasyan nou an, Mass General Brigham Patient Gateway, jiska sèt jou anvan randevou ou an. Ou ka wè detay randevou yo nan Patient Gateway.
Enskri nan Patient Gateway
Konekte nan Patient Gateway
eCheck-in (Anrejistreman anliy)
Ekonomize tan nan jou vizit ou a lè ou mete ajou enfòmasyon enpòtan atravè eCheck-in pratik Patient Gateway. Egzamine enfòmasyon asirans ou, ranpli kesyonè ki gen rapò ak vizit ou, epi jere ko-peman ou sou entènèt. eCheck-in ap disponib sèt jou anvan randevou ou an.
Aprann plis sou Patient Gateway ak eCheck-in
Si ou poko enskri, tanpri enskri pou Patient Gateway.
Jou randevou
Gid pou mask
Nou ap suiv aktivite viris respiratwa pou sezon 2025-2026. Ou pral wè diferan aksyon ki fèt selon nivo aktivite viris respiratwa ki ap ogmante pandan sezon an. Nan moman sa a, anplwaye Mass General Brigham pa oblije mete yon mask pandan entèraksyon dirèk ak pasyan nan kote klinik yo.
Politik vizitè
Nou konnen ki jan vizitè ak moun ki bay sipò enpòtan pou sante ak byennèt ou. Youn vizitè oswa moun ki bay sipò pèmèt nan zòn klinik pou pasyan ekstèn. Tanpri sonje ke nan kèk sitiyasyon, nou ka bezwen limite vizitè pou asire sekirite pasyan ak anplwaye yo.
Nan jou randevou ou, tanpri fè konnen pèsonèl biwo a lè ou rive, menm si ou te konplete etap eCheck-In yo.
Mizajou Okt 15, 2025