Reyabilitasyon aprè Ampitasyon
Swen reyabilitasyon konplè aprè ampitasyon
Si w ap prepare pou anpitasyon oswa w ap rekipere apre yon ampitasyon bra oswa pye, nou la pou ede w. Nan Pwogram Reyabilitasyon aprè Ampitasyon an ki renome nan tout peyi a, nou bay swen espesyalize pou sipòte rekiperasyon ou, mobilite, endepandans, ak byennèt emosyonèl.
Sèvis nou yo gen ladan swen avan ak aprè ampitasyon, fòmasyon sou pwotèz, jesyon doulè, fòmasyon sou mouvman, ak sipò emosyonèl Spaulding Rehabilitation rekonèt kòm yon lidè nan swen reyabilitasyon, ke News & World Report klase kòm youn nan pi bon lopital reyabilitasyon nan nasyon an.
Metòd nou nan reyabilitasyon ampitasyon
Ekip nou an konbine anpil eksperyans ak inovasyon. Ou resevwa swen pèsonalize, kowòdone nan yon ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch ki gen ladan:
- Fiziyat (doktè medsin fizik ak reyabilitasyon)
- Terapet fizik
- Terapet okipasyonèl
- Espesyalis rekreyasyon terapetik
- Kowòdinasyon swen
Nou sipòte ou nan chak etap rekiperasyon an, depi preparasyon anvan pwotèz la jiska fòmasyon avanse pou pwotèz la. Fòmasyon an konsantre sou amelyore:
- Kapasite ou pou ou fè aktivite lavi chak jou
- Ekilib ak fòs
- Mache
- Dexterite
- Endepandans
Pou pasyan ki pare pou avanse konpetans yo, Spaulding ofri yon pwogram terapi ekstèn entansif (Pwogram BOOST) ki fèt pou bay plis aprantisaj ak pòfòmans ak yon nouvo pwotèz nan ponyèt ak nan pye.
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò
Kontakte Reyabilitasyon apre Ampitasyon
Pasyan entèn
617-952-5350
Pasyan ekstèn
617-952-5050