false

Klinik ki espesyalize nan chèz woulant ak bon pozisyon pou chita

Si ou menm oswa yon moun pwòch ou sou chèz woulant akòz yon blesi oswa yon pwoblèm sante, li enpòtan pou chèz la konfòtab, men, pafwa li difisil pou jwenn chèz ki adapte pou moun nan. Nou ede kreye chèz woulant espesyal ki adapte ak kò moun nan pou anpeche blesi sou po, epi pou ede moun nan chita byen, respire pi fasil, epi ede kò a dijere manje pi byen.
primary
phone
617-952-5050
6179525050

Nou kreye chèz woulant ak ekipman espesyal ki adapte ak bezwen chak moun pou ede yo santi yo pi alèz, deplase pi byen, epi fè plis bagay poukont yo.

Nan klinik nou an ki espesyalize nan chèz woulant ak bon pozisyon pou chita, nou ede timoun ak granmoun ki bezwen chèz woulant oswa lòt ekipman pou ede yo nan lavi chak jou, tankou chèz pou benyen, chèz machin, aparèy pou mache (wòkè), aparèy pou kanpe, ak pousèt espesyal.

Nou sèvi ak yon teknoloji ki verifye si ekipman yo peze sou kò a pou ede nou jwenn pwoblèm po yo epi evite ekipman yo peze twòp sou po a pou sa pa lakòz maleng sou po. Nou etidye tout bagay ou viv pou nou ka ede w: pwoblèm sante ou, tretman ou, objektif ou, kapasite ou, ak aktivite ou renmen fè. Objektif nou se ede ou pi alèz epi deplase pi fasil.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan medsin fizik ak reyabilitasyon
/content/unified-xwalk/ht/services/physical-medicine-rehabilitation

Apwòch nou pou chèz woulant pèsonalize

Grasa yon ekip terapis ki trè byen fòme, tretman reyabilitasyon modèn, ak rechèch avanse, nou ede ou fè pwogrè epi avanse sou wout pou jwenn yon pi bon kapasite pou tande.
Espesyalis nan bon pozisyon pou chita sou chèz woulant
Terapis pou moun ki nan chèz woulant nou yo se espesyalis ki resevwa fòmasyon espesyal pou ede moun jwenn bon pozisyon ak bon sipò nan chèz woulant yo. Yo bay konsèy ki baze sou bezwen pa w apre yo fin evalye sitiyasyon ou.
Plis pase dizan eksperyans
Terapis nou yo gen plis pase 20 ane eksperyans nan ede moun deplase ak itilize chèz woulant, epi chak ane, yo ede plis pase 500 moun ki sèvi ak chèz woulant.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa pwoblèm sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou pou ede ou.
Yon imaj ki montre yon ekip swen.
primary
phone
617-952-5050
6179525050

Kontakte klinik ki espesyalize nan chèz woulant ak bon pozisyon pou chita

Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede ou konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
617-952-5050
6179525050
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact