false

Pwogram Ataksi (ataxia)

Pwogram Ataksi (Ataxia) nan Mass General Brigham bay dyagnostik ekspè, tretman ak edikasyon pou pasyan ki gen (ataksi (ataxia) ak lòt maladi sèvo.
primary
phone
617-726-3216
6177263216

Swen ataksi (ataxia) ki konsantre sou ou

Maladi sèvo lakòz ataksi (ataxia), ki ka lakòz pwoblèm ekilib pandan w ap mache, mank kowòdinasyon nan bra ak janm yo, difikilte pou pale klè (pawòl ki melanje), pwoblèm nan kontwòl mouvman je yo, ansanm ak lòt sentòm.

Pwogram Ataksi (Ataxia) a se youn nan kèk pwogram ki nan Etazini ki la pou trete maladi seèvo ki gen ladan ataksi (ataxia). Newològ nan pwogram nou an espesyalize nan tretman maladi sèvo, tankou maladi ki afekte serebele timoun yo, ataksi spinosebele (spinocerebellar ataxias) yo, ak pwoblèm sistèm vèstibilè a (sistèm ki responsab ekilib la).

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Syans Newolojik
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Metòd nou

Nou konbine rechèch klinik ak tretman sentòm pou bay pasyan nou yo swen pèsonalize ak bon kalite.
Yon konsantrasyon sou maladi sèvo
Dyagnostike kòz ataksi (ataxia) a esansyèl pou ede ou konprann kondisyon ou ak aprann kijan pou jere li. Pwogram nou an ekselan nan sa, paske chak grenn nan doktè nou yo gen ekspètiz espesyalize nan dyagnostike ak trete divès maladi sèvo pou granmoun ak timoun.
Tretman pèsonalize ak jere sentòm
Malgre pifò ataksi (ataxia) pa gen yon remèd kounye a, nou ka trete ak jere anpil nan sentòm yo yon fason ki efikas. Nou travay avèk lòt espesyalis Mass General Brigham pou ofri opsyon ki pa chirijikal ak chirijikal pou maladi kè, eskolyoz ak nenpòt lòt pwoblòm ki ka akonpaye ataksi (ataxia) w la.
Efò rechèch san rete
Doktè nou yo dirije efò rechèch aktif sou divès aspè ataksi (ataxia). Anplis, atravè relasyon pwòch nou genyen avèk National Ataxia Foundation (Fondasyon Nasyonal Ataksia) ak Friedreich's Ataxia Research Alliance (Alyans Rechèch Ataksi Friedreich), nou bay pasyan yo aksè ak esèy klinik k ap dekouvri medikaman ki kòrèk ak lòt terapi.

Espesyalis nan syans newolojik nou yo

Yon ekip espesyalis, ki gen ladan doktè nan newoloji, nerochiriji, espesyalis nan imaj sèvo, ak enfimyè, ap travay ansanm pou pran swen ou. Selon pwoblèm sante ou genyen, ekip swen ou a ka gen ladan tou espesyalis nan newosikoloji, reyabilitasyon, jenetik, sèvis sosyal, ak sante mantal. Ekip sa a travay ansanm pou konprann kondisyon newolojik ou a sou tout aspè epi devlope yon plan swen ki adapte avèk ou.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-726-3216
6177263216

Kontakte Pwogram Ataksi (ataxia)

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-726-3216
6177263216
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact