false

Pwogram Maladi Newoiminoloji ak Maladi Newolojik Enfektye

Nou jere yon bann maladi, ki ofri tretman pou maladi otoiminitè ak enfektye nan sèvo ak sistèm nève a.

Swen pou maladi newoimin ak otoiminitè newoologik

Ekip nou an nan Enstiti syans newolojik Mass General Brigham trete yon bann maladi newolojik epi li gen yon long istwa ekspètiz nan maladi esklewoz miltip (MS), maladi newolojik-anflamatwa, ak newoloji otoiminitè.

Lè nou itilize avansman nan tretman pou maladi ki mache ak antikò, yon pi gwo konpreyansyon sou maladi sa yo, ak yon bann terapi iminitè, nou bay swen pèsonalize pou pasyan ki gen maladi newoiminoloji, otoiminitè, ak enfektye nan sistèm nève a.

Ekip swen espesyalis newologi ki gen plizyè espesyalis naan diferan branch nou an

Ekip swen ou a gen ladan doktè newoloji ki espesyalize nan yon bamm maladi newolojik ak maladi newolojik enfektye. Lè sa apwopriye, yo kolabore ak lòt espesyalis nan Mass General Brigham pou bay ou swen pèsonalize ki gen bon kalite.

Pati nan Enstiti Syans Newolojik

Maladi ak tretman ki gen rapò

Aprann plis sou maladi ak kondisyon newoiminoloji ak maladi newoloji-enfektye nou dyagnostike ak trete nan Mass General Brigham.

Espesyalis nou yo ki trete pwoblèm sèvo ak sistèm nè yo

Yon ekip espesyalis, ki gen ladan espesyalis pou nè, doktè ki fè operasyon nan nè, espesyalis nan imaj sèvo, ak enfimyè, ap travay ansanm pou pran swen ou. Toudepann pwoblèm sante ou a, ekip swen ou an ka gen ladan tou espesyalis sèvi ak konpòtman, reyabilitasyon, jèn ak eritaj jenetik fanmi, travay sosyal, ak sante mantal. Ekip sa a travay ansanm pou konprann tout aspè pwoblèm nè ou a epi devlope yon plan swen ki reponn ak bezwen ou.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.

Esèy klinik ak rechèch nan syans newolojik

Rechèch nou yo ap ede kreye nouvo fason pou bay pi bon swen alavni pou pwoblèm sèvo ak sistèm nè. Nou bay aksè a esèy klinik ansanm ak terapi ki fenk ap devlope yo, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esè klinik oswa pale ak ekip swen w lan pou w aprann sou opsyon ki disponib.
Yon syantis ki gen yon blouz blan sou li kenbe yon ti tib tès ki plen ak likid jòn.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou nan syans newolojik

Aprann kijan rechèch syans newolojik ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/neuroscience-institute
tertiary
external
Chèche esèy klinik

Chèche esèy klinik ki ouvri pou maladi newolojik

https://rally.massgeneralbrigham.org/