false

Sèvis Fòmaasyon Atletik

Mass General Brigham Sports Medicine ofri sèvis fòmasyon atletik ak reyabilitasyon blesi ki nan nivo mondyal po etidyan atlèt yo.
primary
phone
857-282-9555

Rele Sèvis Fòmasyon Atletik nan 857-282-9555.

8572829555

Konsènan sèvis la

Fòmatè atletik yo se pwofesyonèl swen sante ki gen lisans ki esansyèl nan rekonèt, trete, ak anpeche blesi espòtif. Kit w ap chèche yon fòmatè atletik pou vin yon manm alontèm nan pwogram atletik ou, oswa yon swen medikal koutèm pou ede reyabilitasyon oswa ijans sou bò teren pou yon evènman espòtif oswa sezon, Mass General Brigham ap ba ou antrenè atletik ki gen lisans ak sètifikasyon eksepsyonèl ki pral depase objektif pwogram ou yo.

Pati nan Medsin Espòtif

Poukisa fòmatè atletik yo esansyèl pou pwogram atletik lekòl yo ak evènman espòtif yo?

Fòmatè atletik yo:

  • Yo se ekspè nan swen ijans.
  • Yo patisipe nan planifikasyon aksyon ijans pou asire sekirite tout atlèt yo.
  • Yo espesyalize nan jere ak reyabilite blesi espòtif.
  • Yo kowòdone tout desizyon retou nan espò nan domèn medsin espòtif.
  • Yo gen otorite espesyal pou pèmèt atlèt yo retounen nan jwèt apre yon konkousyon.
  • Yo bay lidèchip nan gwoup piti, travay ansanm ak ekip ou a pou mentni ak amelyore sante ak pèfòmans jwè yo epi fasilite kolaborasyon.
  • Yo travay pre chak atlèt nan pwogram ou a, epi konsepsyon plan fòmasyon pèsonalize ki adapte ak kapasite fizik ak objektif pèfòmans chak moun.

Poukisa chwazi Sèvis Fòmatè Atletik Mass General Brigham?

Fòmatè atletik nou yo satisfè pi wo estanda swen Mass General Brigham. Yo gen asirans konplè, kouvri pou konpansasyon travay, epi yo pran fòmasyon detaye ak sètifikasyon anvan yo travay avèk atlèt, tankou :

  • Verifikasyon dosye kriminèl CORI
  • Sètifikasyon pwofesyonèl ak lisans leta
  • Sètifikasyon CPR/AED (reanimasyon kadyopilmonè ak itilizasyon defibrilatè ekstèn otomatik)
  • Sètifikasyon Safe Sport (espò an sekirite)
  • Sipèvizyon doktè, dapre lwa eta a
  • Egzijans pou kontinye edikasyon pwofesyonèl

Antrenè atletik nou yo ki gen lisans ak sètifikasyon bay:

  • Aksè ak swen pou tout elèv
  • Yon modèl fleksib ak pèsonalize ki adapte ak bezwen espesifik pwogram ou an
  • Kowòdinasyon swen pou atlèt yo, ki gen ladan egzamen medikal, otorizasyon pou patisipe nan espò, ak dokiman sante dijital
  • Referans rapid bay pwofesyonèl swen medsin espò ak espesyalis ki apwopriye nan rezo nou an
  • Aksè ak yon rezo konplè pwofesyonèl swen sante nan domèn medsin espò, ki gen ladan yon doktè espò ki dedye pou travay ansanm ak antrenè atletik ou a
  • Bon kominikasyon ak bon entegrasyon ak ekip sipò atlèt la deja genyen, tankou antrenè, paran, administratè lekòl, pwofesè, ak founisè swen prensipal yo
  • Swen ijans ak swen sou teren pandan aktivite espòtif yo, tankou antrènman, match ak tounwa, ansanm ak posiblite pou plis sipò lè gen evènman k ap fèt plizyè kote menm jou a
  • Sèvis prevansyon ak reyabilitasyon anvan ak apre evènman yo
  • Asirans ke atlèt yo ap resevwa swen medsin espò ki baze sou rechèch epi ki gen bon kalite, menm jan Mass General Brigham ap bay depi plizyè dizèn ane

Kliyan nou yo gen ladan:

  • Òganizasyon espò pwofesyonèl ak semi-pwofesyonèl
  • Ti iniivèsite ak Gwo Inivèsite
  • Lekòl segondè ak lekòl entèmedyè piblik ak prive
  • Pwogram atizay pèfòmans (tankou teyat, dans, ak lòt aktivite atistik)
  • Lig espò klèb
  • Lig espò minisipal

Pwogram Fòmasyon Atletik Mass General Brigham

Pwogram Fòmasyon Atletik Alontèm

Fòmatè atletik Mass General Brigham ki travay aplen tan ak atan pasyèl bay pi wo nivo sèvis pou depatman atletik chak ane.

Travay avèk yon fòmatè atletik Mass General Brigham ka chanje jwèt la pou òganizasyon atletik yo. Fòmatè atletik nou yo plonje tèt yo nan anviwònman ak kilti atletik lekòl ou a, vin tounen yon manm entegral nan ekip la. Sou bò teren, yo se ekspò nan swen blesi, men relasyon fòmatè atletik nou yo etabli ale pi lwen pase sa. Pou antrenè yo ak paran yo, yo vin tounen sous enfòmasyon sou swen sante yo ka konte sou yo Nan je atlèt yo, yo pa sèlman pwofesyonèl swen sante, men tou mentò ki pran swen, pwofesè, ak granmoun ki gen konfyans. Eleman relasyon imen sa yo, ki baze sou konesans rechèch klinik Mass General Brigham bay, fè fòmatè atletik nou yo tounen moun ki endispansab pou lekòl ou ak kominote ou..

Pwogram Fòmasyon Atletik Koutèm
Pwogram Fòmasyon Atletik Koutèm Mass General Brigham ede òganizasyon ki bezwen fòmatè atletik pou pratik, jwèt, tounwa ak kan oswa absans anplwaye. Espesyalis ki gen eksperyans nou yo fyè de bay swen sante ki baze sou enfòmasyon ak pwofesyonèl pou atlèt ou yo, epi yo entegre san pwoblèm ak akonpanye nenpòt òganizasyon atletik lekèòl. Pwogram koutèm nou an se yon fason senp ak efikas pou lekòl ou angaje fòmatè atletik lokal, ki gen konesans epi ki akeyan, pou evènman espòtif kèlkeswa gwosè ak dire yo.

Espesyalis nou yo nan òtopedi ak medsin espòtif

Ekip swen nou an gen ladan l doktè, chirijyen, fizyatris, founisè pratik avanse, ak espesyalis reyabilitasyon ki travay ansanm pou sipòte swen ou depi dyagnostik ak tretman jiska rekiperasyon.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
857-282-9555
8572829555

Rechèch òtopedik

Rechèch nou an ap fòme avni swen òtopedik. Nou bay aksè a esè klinik ansanm ak terapi ki fenk ap devlope yo, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esèy klinik oswa pale ak ekip swen w lan pou w aprann sou opsyon ki disponib.
Doktè yo ap revize radyografi kolòn vètebral sou yon ekran.
tertiary
external
Dekouvri rechèch òtopedik nou an
https://www.research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/orthopedics-department-research

Kontakte Atletik la Sèvis Fòmasyon Atletik

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki pi bon pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
857-282-9555

Rele Sèvis Fòmasyon Atletik nan 857-282-9555.

8572829555
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact