false
Pwogram Chiriji Kansè Tete
Nan Enstiti Kansè Mass General Brigham, chirijyen nou yo konsantre sèlman sou trete kansè nan tete ak lòt maladi tete. Epesyalizasyon sa a ban nou yon gwo eksperyans ou p ap jwenn nan pifò lopital. Nou ofri tou sipò konplè pandan tout swen ou, depi dyagnostik jiska rekiperasyon.
primary
phone
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224
8557764224
Nimewo 1 nan chiriji kansè nan tete
Chirijyen nou yo espesyalize nan dyagnostike ak trete kansè nan tete ak lòt maladi tete nan itilize teknik ki pi avanse ki disponib. Anplis de sa, yo se nimewo 1 nan peyi a nan mastektomi ki konsève pwent tete a ak mastektomi prevantif. Atravè ekspètiz klinik nou ak swen trè pèsonalize, pasyan nou yo resevwa pi bon rezilta posib.
center
Metòd nou an pou operasyon tete
Ekip swen ou an gen ladan li chirijyen ou an, onkològ medikal ou, ak lòt founisè ki enplike nan tretman ou. Ou pral rankontre avèk ekip ou an nan premye randevou w la ak pandan tout tretman an.
Evalyasyon ak dyagnostik operasyon nan tete
Ekip dyagnostik nou an itilize dènye teknoloji yo pou bay dyagnostik ki pi egzat. Nou espesyalize nan biyopsi ki pa mande twò gwo operasyon, avèk sipò imaj, ki retire ti kantite tisi tete posib. Radyològ tete nou yo ka fè yon byopsi nan gangliyon lenfatik ou yo tou pou wè si kansè a gaye..
Tout kategori tretman chirijikal
Operasyon kansè nan tete yo gen ladan yo:
- Lumpektomi
- Mastektomi
- Retire gangliyon lenfatik
- Operasyon rekonstriksyon tete
Nou souvan konbine lumpektomi ak biyopsi gangliyon ki pa twò gwo, yon teknik nou te inove ki diminye risk lymphedema ak pwoblèm nan zepòl ak bra.
Ekspètiz nan mastektomi ki pa retire pwent tete a
Mastektomi ki pa retire nipple la konsève po tete a, nipple la, ak areola a pandan l ap retire tout tisi tete a. Chirijyen nou yo te ede devlope youn nan pi gwo pwogram mastektomi ki pa retire nipple la nan peyi a. Pandan operasyon an, nou teste tisi ki anba pwent tete ou pou konfime li lib de kansè. Metòd sa a pèmèt nou bay tretman kansè ki efikas pandan n ap sipòte rezilta ki sanble natirèl.
Nimewo 1 nan rekonstriksyon tete
Chirijyen nou yo fè anpil operasyon rekonstriksyon tete chak ane ak teknik ki pi nouvo ak avanse yo. Nou te youn nan premye pwogram yo ki ofri rekonstriksyon tete TRAM ak TMG. Pafwa rekonstriksyon fèt an menm tan ak yon mastektomi oswa li ka fèt pita kòm yon operasyon apa.
Swen konplè, apre operasyon an
Apre operasyon ou, nou bay:
- Sipèvizyon regilye
- Tretman adisyonèl, si sa nesesè
- Siveyans ak tretman lymphedema
- Terapi fizik
- Swen sipò ak swen entegre, ki gen ladan pwogram pou moun ki siviv apre maladi a
Operasyon prevantif pou kansè nan tete
Kèk moun ki gen yon gwo risk pou kansè nan tete chwazi fè yon operasyon prevantif (prophylactic). Risk la ka gen rapò ak istwa fanmi oswa chanjman jèn BRCA1 oswa BRCA2. Nou pral ede ou konprann nivo risk ou ak diskite sou tout opsyon ou yo. Konsèy jenetik ak tès yo disponib tou pou ou ak lòt manm fanmi ou.
Maladi ak tretman ki gen rapò
Nou ofri opsyon tretman ki pi avanse ak pwosedi chirijikal pou kansè nan tete ak lòt maladi nan tete.
- Breast Cancer
- DCIS Ductal Carcinoma in Situ General Info
- Inflammatory Breast Cancer (IBC)
- Breast Pain (Mastalgia)
- Fibrocystic Breast Changes
- Nipple Problems and Discharge
- Gynecomastia
- Breast Conditions in Young Women
- Mastectomy
- Proton Therapy
- Breast Biopsy
- Breast-Conserving Surgery
- Sentinel Lymph Node Biopsy
- Breast Reconstruction with Implants
- Breast Reconstruction With Flap Procedures
- Mammogram
- Breast Ultrasound
- Magnetic Resonance Imaging (MRI) of the Breast
Espesyalis kansè nou yo
Nan chak etap, yon ekip espesyalis kansè ki soti nan plizyè domèn ap gide swen ou. Sa ka gen ladan doktè medikal, chirijikal, ak onkoloji radyasyon, founisè pratik avanse, radyològ, patològ, enfimyè onkoloji, navigatè enfimyè, ak plis ankò. Ou ka travay tou ak espesyalis nitrisyon, konseye jenetik, travayè sosyal, ak pwofesyonèl sante mantal.
primary
phone
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham
8557764224
Istwa pasyan an
Pakou Katie, enstriktè spin, nan tretman kansè nan tete
Katie Britton te pwofite de anpil sèvis nan Enstiti Kansè a pou pran swen lespri ak kè li pandan tretman kansè nan tete.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Katie
Esèy klinik ak rechèch sou kansè
Rechèch nou an ap fòme avni swen kansè. Nou bay aksè a esè klinik ansanm ak terapi ki fenk ap devlope yo, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esèy klinik yo oswa pale ak ekip swen ou a pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou sou kansè
Aprann kijan rechèch sou kansè ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo
tertiary
external
Chèche esèy klinik
Resous ak sipò pou pasyan
Nou ofri yon seri resous pou sipòte pasyan ak moun ki pran swen yo anvan, pandan, ak apre tretman kansè. Sèvis sa yo reponn ak bezwen fizik, emosyonèl ak pratik, epi yo disponib anplis swen medikal ou yo.
tertiary
internal-arrow
Gade tout resous pou pasyan yo
Kontakte Enstiti Kansè
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
855-776-4224
Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224
8557764224
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Kontakte sèvis pou pasyan entènasyonal yo