false

Sèvis Swen Lakay

Avansman nan swen sante lakay ak chanjman nan medsin modèn fè tretman ak terapi lakay la bon chwa pou anpil pasyan. Moun k ap chèche yon lòt mwayen ki ekilibre swen ekspè ak anviwònman abitye lakay yo mete konfyans yo nan Mass General Brigham Home Care.

Sèvis ki nan lis anba a delivre pa ekip swen lakay ki posede ak opere pa Mass General Brigham. Nou angaje nan bay swen ki an sekirite, konpasyon, ak bon kalite pou ou ak fanmi ou.

Sèvis swen sante lakay nou yo

Aprann plis sou sèvis yo ofri pa founisè nou yo.
Swen enfimyè ki gen konpetans

Si ou bezwen tretman lakay ki mande yon nivo swen medikal ki pi wo epi ki gen yon bagay se yon pwofesyonèl ki kalifyeki dwe fè l Mass General Brigham Home Care ofri sèis swen enfimyè lakay nan men enfimyè ki trè fòme. Ekip swen enfimyè lakay nou an bay yon nivo ekspètiz ak yon angajman pou byennèt ou ki pa gen parrèy. Yo fòme anpil, yo gen konesans, yo fyab, epi yo pase nan yon pwosesis seleksyon, asirans, ak akreditasyon tou. Nou travay pou rekrite pwofesyonèl swen sante ki pi kalifye epi ki gen konpasyon.

Enfimyè ki gen konpetans nou yo ka:

  • Ede ou kontwole enpak maladi grav ak maladi kwonik, tankou dyabèt ak maladi kè, epi ke ede diminye konplikasyon ki rive akoz blesi ak ostomi
  • Anseye teknik swen tèt ou pou asma, dyabèt, aksidan vaskilè serebral, kondisyon kè ak respiratwa, blesi, ostomi, ak katetè
  • Suiv siy vital yon moun, presyon san, batman kè, medikaman, ak nenpòt rejim alimantè espesyal
  • òganize lòt sèvis si sa nesesè epi kominike ak lòt moun nan ekip swen sante lakay
Terapi fizik lakay

Pwofesyonèl Terapi Fizik nou yo ki nan kay la pare pou ede ou refè de yon maladi, blesi, oswa operasyon. Si ou oswa yon moun ou renmen te soufri yon AVC, blesi nan sèvo ki grav oswa lòt evnmèan ki chanje lavi, oswa te fè yon operasyon pou ranplase yon anch oswa jenou, Terapi Fizik nou yo ki sitou fòme nan kay la disponib pou ede w oswa pwòch ou fonskyone pi byen chak jou.

Terapi Fizik nan kay ak Mass General Brigham Home Care gen ladan lede retabli fonksyone, amelyore mobilite, soulaje doulè, ak anpeche oswa limite andikap pèmanan pou pasyan k ap fè fas a yon blesi oswa maladi.

Sèvis terapi fizik nou yo lakay trete maladi sa yo :

  • Blesi oswa operasyon òtopedi
  • Ranplasman jwenti
  • Pwoblèm kè ak/oswa respirasyon
  • AVC oswa maladi oswa blesi newolojik
  • Moun ki tonbe oswa ki nan risk pou tonbe
Terapi okipasyonèl lakay

Terapi okipasyon ak Mass General Brigham Home Care ede retabli kapasite pou fè aktivite lavi chak jou ak nan anviwònman travay la. Terapis okipasyonèl nou yo ki ale bay swen lakay trete pwoblèm sante ki lakòz andikap fizik, epi yo anseye pasyan yo kijan pou yo reprann kapasite yo pèdi oswa kijan pou yo adapte yo ak yon pèt fonksyon ki pèmanan.

Maladi ki trete ak terapi okipasyonèl lakay se :

  • Blesi oswa operasyon bra/ponyèt/men
  • Ranplasman jwenti
  • AVC oswa maladi oswa blesi newolojik
  • Pasyan ki gen kapasite swen tèt yo ki afekte
Jesyon ka swen sante lakay

Nan Mass General Brigham Home Care, se pwofesyonèl swen sante prensipal la ki jere ka swen sante lakay ki dezinye pou swen yon pasyan ak objektif pou ede pasyan an ak fanmi yo resevwa anpil sèvis ki disponib pou yo nan anviwònman kay la epi ede yo fè fas ak sitiyasyon konplike nan fason ki pi efikas posib pou reyalize yon pi bon kalite lavi.

Pa egzanp, enfimyè jesyon ka nou yo ede pasyan ak fanmi yo avèk pwoblòm tankou:

  • Idantifye bezwen swen sante ak kreye yon plan pou reponn ak bezwen sa yo
  • Adapte bezwen moun yo ak resous ki apwopriye yo
  • Mande pou pasyan yo ak fanmi yo jwenn sèvis ki nesesè
  • Evalye efikasite tretman ak sèvis swen lakay
  • Sigjere chanjman nan sèvis si sa nesesè pou reponn ak bezwen chanjan yon moun
Travayè sosyal sante lakay

Travayè sosyal swen sante lakay nou yo ede pasyan ak fanmi yo jere anpil sèvis ki disponib pou yo nan anviwònman kay la. Yo ede pasyan yo ak fanmi yo fè fas ak sitiyasyon konplike nan fason ki pi efikas posib pou reyalize yon pi bon kalite lavi pou pasyan an.

Travayè sosyal sante lakay nou yo ede pasyan yo ak fanmi yo avèk pwoblèm tankou:

  • Jere lavi yo chak jou nan anviwònman swen an
  • Adapte ak difikilte ki prezante
  • Rezoud pwoblèm pèsonèl ak fanmi nan anviwònman swen an
  • Jwenn resous èd nan kominote a lè se nesesè
  • Ede ak kouvèti asirans ak dokiman pèman pou sèvis swen lakay
Patològ langaj ak diskou

Patològ langaj ak pawòl nou yo ka ede amelyore kalite lavi ou oswa yon pwòch ou k ap fè fas ak difikilte ak travay fonksyonèl ak/oswa mantal, tankou vale, li, ekri, fè kalkil, memwa, ak konsantrasyon.

Patològ terapi langaj nan kay nan Mass General Brigham Home Care trete pasyan ki ka ap refè apre yon maladi :

  • Pa ka pale oswa pawòl yo pa klè
  • Gen difikilte pou vale
  • Gen pwoblèm pou li, ekri, oswa fè kalkil
  • Pa ka fè travay yo dwe fè, konsantre, sonje enfòmasyon, rezoud pwoblèm, rezone oswa fè bon jijman
Nitrisyon

Bon nitrisyon se yon pati enpòtan nan refè ak viv endepandan nan kay. Nan Mass General Brigham Home Care, nou konnen ke manje ki an sante ka ede akselere pasan yon refè pi rapid ak amelyore kalite lavi. Men, avèk anpil chwa manje ki disponib jodi a, li ka difisil pou konnen sa ki pi bon pou bezwen sante endividyèl ou.

Sèvis nitrisyon swen lakay nou yo, ki gen ladan nitrisyonis oswa dyetisyen, ka ede ou menm ak fanmi ou planifye repa ki fasil pou prepare ki apwopriye ak kondisyon medikal ou, ofri konsèy sou pi bon manje pou yo manje ak ba yo gid pou ede yo kontinye viv ak manje byen lakay ou.

Se pwofesyonèl swen sante ki bay sèvis nitrisyon swen lakay nou yo ki:

  • Ede pasyan yo ak fanmi yo planifye repa ki fasil pou prepare ki apwopriye pou kondisyon medikal yo
  • Bay konsèy sou ki manje ki pi bon pou yo manje ak kijan pou yo prepare li
  • Bay gid ak sijesyon itil pou ede yo kontinye viv byen laka yoy
Èd sante lakay

Èd sante lakay nou yo ki sètifye ak asirans ofri swen, konpasyon, ak sipò pou ede ou, oswa yon manm fanmi, refè apre yon pwosedi, oswa viv byen ak endepandan otan ke posib. Nou ofri nivo swen ki kòrèk ou bezwen pandan n ap respekte vi prive ou ak diyite ou.

Yon Èd Sante Lakay avèk Mass General Brigham Home Care bay èd avèk konpasyon ak aktivite lavi chak jou nan kay ou avèk diyite ak respè. Yon èd sante lakay ka jis yon pati nan ekip swen lakay ou.

Yon chanjman nan sitiyasyon swen sante ou pa toujou yon bagay fasil pou jere. Yon èd sante lakay ki sètifye ka ede kòm yon pati nan ekip swen lakay ou nan anpil fason pandan yon peryòd swen oswa tranzisyon refè, toujou montre ou bonte, konpreyansyon ak respè pandan l ap respekte vi prive w ak diyite w.

Se asistan sante lakay la ki bay sèvis, sèvis tankou :

  • Benyen ak swen pèsonèl
  • Preparasyon manje ak ede w manje
  • Egzèsis (kòm yon pati nan plan swen sante lakay ou ke doktè w la preskri)
  • Mobilite ak èd pou deplase soti nan yon kote ale yon lòt kote
  • Rapèl pou medikaman
Teknoloji swen sante lakay

Kounye a nan Mass General Brigham Home Care, nou ka ede ou santi ou pi an sekirite, plis konekte, ak pi byen enfòme sou sante ou ke tout tan anvan. Tout sa fèt nan anviwònman lakay ou.

Nan Mass General Brigham, pwogram Sèvis Sante Lakay nou an itilize teknoloji ki pi avanse pou ede bay sèvis ki pi bon pou pasyan li yo. Teknoloji sante ki disponib sèlman nan lopital la kounye a pèmèt Mass General Brigham ofri yon nivo swen siperyè lakay.

Gen yon rezo pwofesyonèl sante ki kalifye ki itilize sèvis sa yo ki bay swen ki fèt pou reponn ak bezwen espesifik chak pasyan, ak objektif pou ogmante endepandans ak kalite lavi.

Pwodwi teknoloji sante nou yo ede kenbe ou, pasyan an, pi an sekirite nan pwòp kay ou. Pwogram Sèvis Sante Lakay nou an ka ede ou chwazi sèvis ki apwopriye yo, epi nou pral asire nou ke ou santi ou alèz lè w ap itilize yo. Kidonk, w ap santi ou plis alèz nan kote ou konnen pi byen an: lakay.

Distribisyon Medikaman

Jere medikaman ou san enkyetid oswa konfizyon. Sèvis distribisyon medikaman nou an ede ou jere medikaman ou san enkyetid oswa konfizyon. Yon alam avèti ou lè li tan pou ou pran medikaman, konsa ou pap janm rate yon dòz.

Pou plis enfòmasyon sou Sèvis Distribisyon Medikaman ki soti nan Mass General Brigham Home Care, rele 1-800-910-4225.

Sistèm Repons Ijans Pèsonèl (PERS)

Ki sa ki yon Sistèm Repons Ijans Pèsonèl (PERS)? Jis peze yon bouton pou jwenn èd nenpòt lè ou bezwen, lajounen oswa lannwit.

Prèske 4,000 moun nan Lès Massachusetts itilize Lifeline (sistèm repons ijans) nou an pou jwenn è ijans rapid si yo pa ka rive kote telefòn lan ye a. PERS ba ou yon sistèm fasil pou itilize ki kapab bay ou konfyans pou kontinye sòti epi viv lavi ou a nan tout plen potansyèl ou.

Nenpòt lè ou bezwen èd 24 èdtan pa jou, 365 jou nan ane a, sistèm PERS la disponib pou ou. Peze bouton èd pèsonèl ou si ou tonbe epi ou pa konnen si ou blese grav oswa si ou jis bezwen kèk èd pou retounen sou pye ou. Asosye repons ou a ap vit detèmine sa ou bezwen, kit se èd nan men yon vwazen oswa sèvis repons ijans.

Pou plis enfòmasyon sou PERS, rele nou nan 978-236-1525.

primary
phone
844-744-4200

Rele nou jodi a pou aprann plis sou Sèvis Sante Lakay!

8447444200