false

Swen Lakay

Mass General Brigham gen pi gwo ajans swen lakay nan New England. Nou ofri enfimyè kalifye, terapi reyabilitasyon, ak sipèò pou kondisyon kwonik lakay ou.

Yon travayè swen sante ap okipe yon gason aje nan yon kay oswa nan yon klinik.

full-fill

primary
phone
844-744-4200
8447444200

Sèvis swen lakay ki santre sou pasyan

Swen sante lakay pwofesyonèl nan Swen Sante Lakay Mass General Brigham pote jesyon medikal avèk konpasyon ak swen terapetik amikal pou ou nan chak vizit.

Kit ou menm oswa yon pwòch ou bezwen swen lakay rapid, èd nan rekiperasyon apre operasyon oswa lòt pwosedi, oswa èd nan jere yon kondisyon kwonik, nou pare pou sipòte pwochen etap vwayaj ou.

center
tertiary
internal
Dekouvri sèvis swen lakay nou yo

Aprann plis sou sèvis swen lakay Mass General Brigham

/content/unified-xwalk/ht/services/home-care/care-options

Poukisa pou m chwazi swen lakay Mass General Brigham

Soti nan terapi jeneral rive nan sèvis ki byen espesyalize pou jere kondisyon kwonik, epi pou bay swen lakay rapid ki espesyalize, nou kapab ofri nivo swen ki byen adapte ak bezwen ou oswa pwòch ou.
Swen lakay ki gen konfyans nan Boston ak Lès Massachusetts

Nou fyè dèske nou sèvi rejyon nou an depi plis pase 100 lane ak swenki bay avèk konpasyon, ki gen pèfòmans ki pi wo, epi Sant pou sèvis Medicare ak Medicaid yo rekonèt nou kòm ajans ki pi pèfòman nan rejyon an..

Ou menm ak fanmi ou benefisye de gwo konesans ak ekspètiz tout sistèm swen sante nou an. Se sa ki fè nou diferan e ki pèmèt nou ofri swen lakay ki pi konplè ki disponib.

Yon ekip swen lakay Mass General Brigham ki devwe

Ekip swen lakay Mass General Brigham nou an gen ladan kèk nan moun ki bay swen ki pi kalifye epi ki devwe nan mond lan.

Nou chwazi avèk anpil atansyon pwofesyonèl ki gen eksperyans pou bay swen de gran kalite ou ka fè konfyans. Tout manm ekip swen lakay Mass General Brigham yo trè byen fòme, yo totalman verifye epi yo gen asirans.

Ekip nou an gen ladan l:

  • Pwofesyonè l swen k ap jere ka
  • Èd sante lakay
  • Nitrisyonis
  • Enfimyè
  • Terapi fizik ak okipasyonèl
  • Travayè sosyal
  • Terapi pawòl
Pwofesyonèl swen ki jere ka ak travayè sosyal pou swen lakay

Pwofesyonèl k ap jere ka swen lakay Mass General Brigham ou a sèvi kòm avoka ou, navigatè ou, ak planifikasyon tretman ou. Yo ede:

  • Idantifye ak evalye bezwen medikal ou yo
  • Kowòdone sèvis yo ak kominike ak ekip swen ou
  • Evalye efikasite tretman ak sèvis

Ou pral gen aksè tou ak yon travayè sosyal pou sipò endividyèl ak fanmilyal. Travayè sosyal yo ka:

  • Bay konsèy ak sipò emosyonèl
  • Konekte ou ak nenpòt resous kominotè ou ka bezwen
  • Asiste ak nenpòt difikilte pèsonèl, fanmi, oswa finansye ki gen rapò ak swen lakay ou
Aktivite lavi chak jou ak rekiperasyon fonksyonèl

È sante lakay yo ka ede ou avèk benyen, swen pèsonèl, preparasyon manje, ede w manje, jere medikaman, ak deplase. Yo ka ede w fè nenpòt egzèsis tou doktè ou preskri.

Ekip reyabilitasyon nou an, ki gen ladan l terapet fizik, terapet okipasyonèl, ak terapet pawòl, ede ou retounen fonkyone ankò. Ansanm, yo ka ede w retabli mobilite ou, soulaje doulè, ak anpeche andikap pèmanan.

Teknoloji swen sante lakay
Mass General Brigham ofri teknoloji avanse, nivo lopital pou sipòte sante ou, fonksyonalite, ak endepandans. Nou adapte zouti teknoloji yo selon bezwen ou pou ou ka rete enfòme, konekte, ak an sekirite. Zouti ki disponib yo gen ladan yo distribisyon medikaman otomatik ak aparèy repons ijans pèsonèl.
Peye pou swen lakay

Medicare ak anpil konpayi asirans prive kouvri depans swen sante lakay ak yon lòd doktè. Nou ka ede ou konprann kouvèti ou, antre nan pwochen etap yo, ak reponn nenpòt kesyon.

Aprann plis sou kalifikasyon ak asirans

97%

pasyan nou yo kòmanse nan lespas 48 èdtan apre yon demann pou swen

info-card, palette-deep-blue

82%

pasyan nou yo evalye eksperyans yo 9 oswa 10 sou 10 (pi wo pase mwayèn leta ak nasyonal)

info-card, palette-teal

75%

te wè amelyorasyon kòrèk pasyan nan mache, deplase, ak plis ankò.

info-card, palette-dark-teal

Karyè pwofesyonèl

Dekouvri opòtinite karyè pwofesyonèl nan Sante Lakay Mass General Brigham epi travay nan youn nan domòn k ap grandi pi vit nan Etazini.
Yon fanm ki gen rad medikal sou li kanpe devan pòt yon kay, pote yon gwo valiz nwa.
secondary
external
Dekouvri karyè pwofesyonèl nan Swen sante Lakay
/content/unified-xwalk/ht/about/careers/healthcare-at-home-careers

Kontakte swen lakay

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
844-744-4200
8447444200