false

Kijan pou m kalifye ak peye pou swen lakay

Lè n ap travay ak doktè w la pou chwazi swen sante lakay kòm yon opsyon, ekip Swen Lakay Mass General Brigham lan ka ede w konprann sa pou w chèche lè w ap pran desizyon ou.

Kijan ou ka konnen si swen sante lakay nesesè?

Kòmanse pale avèk doktè w la, oswa, si ou menm oswa yon pwòch ou nan lopital la, mande travayè k ap jere ka lopital ou a. Yo ka ede w detèmine si swen sante lakay se bon chwa pou ou ak fanmi ou.

Chwazi sèvis swen sante lakay se yon gwo desizyon. Li mande pou ou gen bon enfòmasyon ak konprann opsyon ou yo. Doktè w la oswa moun k ap jere ka lopital ou a ka ede. Doktè w la bezwen bay lòd pou sèvis swen sante lakay ki sètifye pou ou. Doktè w la ka diskite sou bezwen swen endividyèl ou yo pou wè si tretman ou oswa terapi ou a byen adapte pou swen lakay. Anplis, travayè ka a ka ede w jere kesyon asirans ak asire w ke ou kalifye pou nivo swen ou chwazi a.

Pran premye etap la

Kit doktè w la rekòmande swen sante lakay pou ede w refè apre yon maladi, blesi oswa operasyon, oswa ou menm oswa yon manm fanmi reyalize gen yon bezwen pou swen pwofesyonèl ak sipò pou rekiperasyon ou, ekip Swen Lakay nou an la pou ede w reponn nenpòt kesyon ak mete w sou bon chemen an.

Ki pri swen sante lakay?

Medicare ak anpil konpayi asirans prive ap kouvri depans swen sante lakay ak yon lòd doktè. Nou konprann konpleksite asirans, Medicare, ak lòt opsyon asirans ki disponib pou ou.

Nou la pou ede ou jwenn swen ou bezwen

Nou pral travay ak konpayis asirans ou a pou ede ou konprann asirans ou ak opsyon pèman pou depans swen sante lakay. Nou konprann defi nenpòt maladi medikal oswa operasyon ka prezante. Paske avantaj ak kondisyon asirans yo ka chanje rapid, ekip ekspè nou an disponib pou travay avèk ou pou epi ede w jwenn swen ou bezwen.

Yon fwa ou deside ke swen sante lakay se bon chwa a, nou ka ede ou amtre nan pwochen etap ou yo, konprann opsyon asirans ak Medicare, ak reponn nenpòt kesyon ou ka genyen.

primary
phone
844-744-4200

Rele nou jodi a pou aprann plis sou swen lakay!

8447444200