false

Sante Lakay

Resevwa swen ki gen bon kalite ou ka fè konfyans nan men founisè Mass General Brigham lakay ou.

Sante Lakay pote swen konplè lakay ou, ki gen ladan swen kwonik, ijans, ak swen grav, dirèkteman bay pasyan yo. Nou vini jwenn ou ak swen ki apwopriye nan moman ki apwopriye pou ou ka konsantre sou rekiperasyon nan kote ou santi ou pi alèz nan pwòp kay ou.

De travayè sante ap parèt deyò ap pote sak medikal ak yon gwo sachè plastik laj.

full-fill

Sèvis Sante Lakay

Avèk swen lakay, nou ede pasyan yo refè ak retounen nan lavi pi vit ke posib. An reyalite, rechèch montre ke pasyan ki resevwa swen nan kay yo souvan refè pi byen epi yo plis satisfè ak swen yo an jeneral pa rapò ak resevwa swen nan yon lopital oswa lòt etablisman. Sante nan Kay kouvri pa pifò asirans, ki gen ladan Medicare.

Swen Lakat

/content/unified-xwalk/ht/services/home-care

Ekip Swen Lakay nou an, ki pi gwo nan New England, ofri swen kalifye ak medikalman nesesè pou yon peryòd alontòm, apre swen ijans, pou ede ou jere kondisyon kwonik oswa refè apre yon maladi oswa blesi.

Lopital Lakay

/content/unified-xwalk/ht/services/home-hospital

Kòm youn nan pi gwo pwogram ki pi byen etabli nan peyi a, Home Hospital (Lopital lakay) bay pasyan ki kalifye yo swen ki ekivalan ak swen yon pasyan ki entène lopital, men lakay yo. Anjeneral, se yon sèvis kout dire pou trete maladi egi, tankou maladi kè, maladi obstriktif kwonik nan poumon (COPD), enfeksyon, ak lòt kondisyon ankò.

Swen Palyatif Lakay

/content/unified-xwalk/ht/services/home-based-palliative-care

Swen Palyatif Lakay nou an bay jesyon espesyalize pou sentòm yo, sipò sikososyal, konsèy pou pran desizyon medikal konplèks, ak sipò pou moun k ap bay swen yo. Li ede moun ki gen maladi grav amelyore kalite lavi yo pandan y ap resevwa swen nan konfò lakay yo.

Karyè pwofesyonèl

Dekouvri opòtinite karyè pwofesyonèl nan Sante Lakay Mass General Brigham epi travay nan youn nan domòn k ap grandi pi vit nan Etazini.
Yon fanm ki gen rad medikal sou li kanpe devan pòt yon kay, pote yon gwo valiz nwa.
secondary
internal-arrow
Dekouvri karyè pwofesyonèl nan sante Lakay
/content/unified-xwalk/ht/about/careers/healthcare-at-home-careers