Pwogram Nefwoloji Entèvansyonèl
Sèvis nou yo
Pwogram Aksè Vaskilè (Pwogram Nefwoloji Entèvansyonèl) ofri konsiltasyon pou pasyan ki gen estenoz atè renal, ansanm ak maladi atè periferik ki gen rapò ak aksè vaskilè dyaliz (fistil oswa gref). Pasyan pre-dyaliz oswa dyaliz ki gen pwoblèm ak fistil oswa gref dyaliz yo evalye tou anvan nenpòt lòt entèvansyon chirijikal ak endovaskilè.
Pwogram nan bay venografi dyagnostik pou ede prepare operasyon anvan yo kreye yon fistil oswa yon grèf, ansanm ak tout yon seri entèvansyon andovaskilè pou fistil oswa grèf ki gen pwoblèm: anjyoplasti, mete stent, fè bobinaj venn kolateral yo, ak retire boul san (tronbèktomi) lè sa nesesè pou kenbe fistil oswa grèf dyaliz yo fonksyone byen. Sèvis nefwoloji entèvansyonèl la mete katetè aksè pou dyaliz tanporè ak katetè ki ka rete an plas pou yon peryòd ki pi long, epi li bay jesyon konplè pou konplikasyon ki gen rapò ak pwoblèm aksè vaskilè yo.
Konènan pwogram sa a
Nan yon efò pou bay wen kòrèk pou pasyan nefwoloji nou yo, nou devlope yon pwogram nefwoloji entèvansyonèl ki jere pwosedi ki gen rapò ak aksè vaskilè atan. Metòd sa a te diminye reta, diminye ospitalizasyon ak itilizasyon katetè tanporè, epi amelyore swen medikal pasyan dyaliz kwonik nou yo.
Pwogram Aksè Vaskilè a gen ekspètiz nan anpil pwosedi, ki gen ladan:
- Anjiyografi ak anjiyoplasti fistil/gref AV
- Anjiyografi ak anjiyoplasti sistèm venn santral
- Plasman, kenbe an bon eta, ak retire katetè aksè dyaliz ki gen tinèl
- Venografi ak/oswa katografi venn sonografi pou planifikasyon avan operasyon
- Twombektomi fistil/gref AV
- Plasman stent andedan veso sangen an
- Fè bobinaj venn akseswa yo pou ede jere fistil AV ki pa devlope byen
- Mete katetè dyaliz atravè rejyon lonbè a (trans-lumbar dialysis catheters)
- Byopsi ren atravè venn jigulè a (trans-jugular renal biopsies)
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Kidney Failure
- Renal Insufficiency
- Polycystic Kidney Disease
- Glomerulonephritis
- Immunoglobulin A (IgA) Nephropathy
- Diabetic Kidney Disease (Diabetic Nephropathy)
- Glomerulosclerosis
- Renal Vascular Disease
- Acute Glomerulonephritis
- Hemolytic Uremic Syndrome (HUS)
- Analgesic Nephropathy
- Hemodialysis
- Kidney Biopsy
- Arteriovenous (AV) Fistula for Dialysis
- Creating a Hemodialysis Access
- Tunneled Catheters for Hemodialysis
- Peritoneal Dialysis (PD)
- Peritoneal Dialysis Catheter Placement
- Automated Peritoneal Dialysis
- Continuous Ambulatory Peritoneal Dialysis
- Caring for Your Hemodialysis Access
- PD Catheter and Exit Site
- 24-Hour Urine Collection
Kontakte Pwogram Pwogram Nefwoloji Entèvansyonèl
Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts)
617-643-0765
Brigham and Women's Faulkner Hospital (Lopital Brigham ak Fanm Faaulker)
617-983-4888