false
Pwogram Pnemoloji Entèvansyonèl
Pwogram Pnemoloji Entèvansyonèl Mass General Brigham nan ofri pwosedi dènye kri ki mwens anvayisan pou fè dyagnostik ak trete pwoblèm nan poumon ak nan aparèy respiratwa, kansè nan poumon, ansanm ak lòt kondisyon ki gen rapò ak sa.
Eksperyans ak konpetans nan pnemoloji entèvansyonèl
Nou bay tretman dènye kri ki mwens anvayisan pou pwoblèm ki afekte poumon ak aparèy respiratwa a. Pnemològ entèvansyonèl nou yo, ki swiv fòmasyon espesyalize (fellowship), se lidè nan domèn nan epi yo gen yon gwo eksperyans nan reyalize pwosedi pulmonè ki trè teknik Yo patisipe aktivman nan rechèch pou devlope pwochen jenerasyon aparèy ak teknik entèvansyonèl yo. Eksperyans ak konpetans yo genyen pèmèt ou jwenn swen eksepsyonèl ak aksè ak terapi inovatè.
center
Apwòch nou an nan pnemoloji entèvansyonèl
Swen ou yo ap kòmanse ak yon evalyasyon apwofondi ansanm ak yon revizyon egzamen imajri ou te fè anvan yo. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou kreye yon dyagnostik pèsonalize ak yon plan tretman ki adapte ak bezwen ou.
Dyagnostik poumon
Nou sèvi ak pwosedi espesyalize pou n fè dyagnostik maladi poumon yo Laboratwa nou yo ki sou plas garanti rezilta rapid ak efikas. Nou gen yon inite swen entansif (ICU) torasik avanse tou pou bay swen dyagnostik ki pi espesyalize lè ou bezwen sa.
Zouti dyagnostik nou sèvi ak yo gen ladan yo:
Bwonskopi
Ekografi endobwonsyal
Navigasyon elektwomanyetik
BiopsBiyopsi plèv
Avantaj tretman ki mwens anvayisan
An jeneral, pwosedi pnemoloji entèvansyonèl yo diminye doulè, yo fè tan pou w remete w la pi kout, epi yo bese riski pou gen konplikasyon. Pifò moun pase mwens tan oswapa menm pase tan ditou lopital, epi yo retounen nan aktivite nòmal yo pi vit.
Tretman avanse pou kansè poumon
Nou ofri tès dyagnostik avanse tankou pran echantiyon ADN nan selil poumon yo, ki se yon fason ki mwens anvayisan pou n chèche jèn ki lakòz kansè poumon. Zouti sa yo ede nou kreye tretman ki pèsonalize anpil ak tretman sible pou kansè.
Yon apwòch an ekip pou swen yo
Lè w isit la, ou jwenn avantaj nan travay yon gwo ekip ekspè ki soti toupatou nan Sant Poumon an (The Lung Center) ak nan lòt sèvis ankò. Espesyalis pnemoloji entèvansyonèl ou a travay avèk yon pakèt lòt espesyalis pou yo ka planifye tout aspè nan swen w ap resevwa yo. Ekip swen ou a ka gen ladan l:
- Chirijyen torasik
- Reumatològ
- Doktè enfeksyològ
- Onkològ
- Otorinolarenngològ
- Radyològ torasik
- Anestezyològ torasik
Fè rechèch sou maladi poumon yo avanse
Chèchè nou yo nan premye liy dekouvèt ki fèt nan domèn medsin poumon. Nou te pyonye nan devlopman imajri 3D avanse pou jwenn vizyon ki pi klè nou poko janm genyen sou vwa respiratwa yo. Nou devlope stent ki kapab absòbe nan kò a tou, pou ede louvri vwa respiratwa yo. Epi grasa esè klinik nou yo, ou gen aksè ak nouvo jenerasyon terapi pou maladi poumon yo.
Kondisyon Medikal ak Tretman ki gen rapò yo
Nou ofri teknik avanse ak tretman san operasyon pou trete tout kalite pwoblèm respiratwa, soti nan maladi poumon ki pi kouran yo rive nan pwoblèm konplèks ki gen rapò ak bwat respire a.
- Lung Cancer
- Collapsed Lung (Pneumothorax)
- Emphysema
- Pneumonia
- Pulmonary Nodule
- Pleural Effusion
- Hemoptysis
- Bronchiectasis
- Interstitial Lung Disease (ILD)
- Pulmonary Sarcoidosis
- Cystic Fibrosis Overview
- Bronchoscopy
- Flexible Bronchoscopy
- Thoracentesis
- Lung Biopsy
- CT-Guided Lung Biopsy
- Pleural Biopsy
- Thoracoscopy
- Mediastinoscopy
- Video-Assisted Thoracoscopic Surgery (VATS)
- Pulmonary Function Tests
- CT Scan of the Chest
- Chest Ultrasound
Kontakte Pwogram Pnemoloji Entèvansyonèl la
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk lokal ki nan tout Nouvo Angletè ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini, nou fè li pi fasil pou jwenn swen kowòdone ak swen ekspè.
Telefòn
Brigham and Women's Hospital
866-489-4056
Massachusetts General Hospital
617-643-7625
Entènasyonal